Quantcast
Channel: Woy Magazine
Viewing all 101 articles
Browse latest View live

Èske Toussaint Louverture te vle Ayiti vin endepandan ?

$
0
0

Sòti 1793 pou rive 1801, Toussaint Louverture enpoze tèt li kòm pi gwo otorite nan koloni fransèz Sendomeng (Ayiti jodi a). Depi lè li t ap prezante tèt li kòm chèf rebelyon an, nan pwoklamasyon li te fè nan kan Turel, nan dat 13 daout 1793, Toussaint Louverture montre klèman pwogram politik li pou peyi a lè li deklare : « Mwen vle libète ak egalite reye Sendomeng ». Depi lè sa, li tanmen defye ènmi anndan kou deyò pou li ka vin sèl chèf nan kanton an. Li batay pou Lespay, li batay kont Lafrans, li batay kont Lespay, li batay pou Lafrans, li kontrekare Angletè. Li pozisyone l pa rapò ak chak peyi dapre plas libète genyen nan ajannda yo pou koloni an.

A pati 1794, Toussaint pran pozisyon klè pou Lafrans ke li rele « la mère patrie » (manman peyi). Men a chak fwa tou, li montre Lafrans li pa ka yon senp sèvitè. Tout reprezantan Lafrans nan koloni an, li fè yon jan pou kontrekare yo epi voye yo tounen nan manman peyi a. Non sèlman li meprize reprezantan Lafrans yo, men tou, li aplike lòd manman peyi a nan jan sa fè l plezi. Konsa, anpil espesyalis panse Toussaint te vle fòse Lafrans aksepte pou li konsidere Sendomeng tankou yon eta asosye, yon modèl yo pral aplike anviwon 150 an aprè nan koloni ki te sou depandans Lafrans, Angletè, Lawoland elatriye. Espesyalis ki panse konsa yo, estime Toussaint Louverture te an avans sou tan li a, lide li te devlope yo te twòp pou peryòd li a. Men èske se sa sèlman Toussaint Louverture te vle ? Eske li pat gen pwojè pou fè Ayiti vin endepandan ?

èske se sa sèlman Toussaint Louverture te vle ? Eske li pat gen pwojè pou fè Ayiti vin endepandan ?

Gen plizyè karakteristik ki fè yon peyi endepandan. Genyen 4 eleman enpòtan pou bati yon peyi ki te jwe gwo wòl nan estrateji Toussaint Louverture nou ka analize : konstitisyon, lame, diplomasi, ekonomi.

Konstitisyon

Yon konstitisyon se dokiman ki tabli ekzistans yon nasyon. Se batistè yon peyi. An 1801, 2 mwa aprè li fin pran kontwòl Santo Domingo (pati espanyòl zile a), aprè li fin chita kòm chèf siprèm tout teritwa a, Toussaint Louverture konvoke yon asanble pou kreye yon konstitisyon. 7 jiyè 1801, premye konstitisyon ki fèt sou tout Amerik Latin pibliye nan Sendomeng.

Konstitisyon 1801 an presize avèk a klè kesyon libète ak egalite a. Li garanti egalite ras, egalite chans ak egalite trètman devan lalwa. Tout moun genyen menm dwa, kèlkeswa koulè yo ak orijin sosyal yo. Kanta pou libète a menm, atik 3 konstitisyon an di : « Pa gen dwa gen esklav [nan Sendomeng], restavèk aboli pou tout tan. Tout moun fèt, viv epi mouri lib kòm sitwayen fransè. » Nan konstitisyon sa, ou rejwenn prensip Toussaint Louverture yo. Se tankou yon akonplisman pwoklamasyon Turel la. Pandan li ap prezante konstitisyon an bay pèp la, Toussaint Louverture deklare : « Konsitwayen mwen yo, kèlkeswa laj ou, klas ou, koulè ou, ou lib. Konstitisyon sa [asanble a] remèt mwen jodi a, li la pou li prezève libète sa pou tout tan.»

Li enpòtan pou nou souliye karaktè endepandantis aksyon Toussaint Louverture a. Li pibliye lwa fondamantal sa, ki gen tout garanti sou libète ak egalite, san li pa jwenn konsantman swadizan manman peyi a, Lafrans. Anplis, li detèmine ki rejim politik ki dwe tabli nan koloni an, san li pa jwenn dizon Lafrans. Konstitisyon an bay Toussaint Louverture tout pouvwa. Li nonmen li gouvènè jeneral avi. Anplis, Toussaint Louverture gen dwa pou li chwazi moun ki pou vin ranplase li.

An klè, Lafrans pa gen anyen ankò pou l di nan avni Sendomeng. Se te yon ak endepandans, menm si konstitisyon an presize Sendomeng se tè Lafrans. Avèk konstitisyon sa, gen 2 bagay ki klè nan lespri Toussaint Louverture : moun ki nan koloni an lib, tout sa ki konsène bout tè sa se sou bout tè sa pou yo deside.

Diplomasi

Kapasite yon peyi genyen pou defann enterè li sou plan entènasyonal, nan tabli lapè osnon koupe fache ak lòt peyi, ka detèmine si yon peyi kòm yon leta endepandan ou pa. Toussaint Louverture pran wòl diplomat an chèf la trè o serye.

An 1798, Toussaint tanmen negosyasyon avèk prezidan Etazini an, John Adams, pou mande leve anbago Lèzetazini te mete sou do koloni Lafrans yo. Negosyasyon sa yo reyisi. An fevriye 1799, kongrè Meriken leve anbago a pou kèk koloni. Li klè pou tout moun, anbago a pat leve pou kèk koloni, li te leve sèlman pou Sendomeng. Se sa k fè istoryen yo rele desizyon sa « Clause Toussaint ».

Aprè li fin afwonte anglè yo sou teren militè, Toussaint tanmen negosyasyon pou fè yo evakye Jeremi ak Mòl Sen-Nikola san yon kout zam pa tire. Li menm ak jeneral Maintland siyen yon akò sekrè 31 dawout 1798. Desizyon sa yo pat fè Lafrans plezi paske li te gen konfli ak Etazini ak Angletè. Plis ankò, okenn koloni pat gen dwa mennen diplomasi pou Lafrans. Nan pran desizyon pou mennen diplomasi Sendomeng, Toussaint voye yon mesaj klè bay Lafrans.

Ekonomi

Anpil moun bliye souvan, lè yo di « Haïti, perle des Antilles », se te lè Lafrans te konn ap eksplwate gout san Afriken ak desandan yo anndan koloni a. Ayiti pat janm « Perle des Antilles » pou Ayisyen. Se Ayiti ki te konn bay pi bon randman nan mitan tout koloni Lafrans te genyen nan Antiy yo. « Perle des Antilles » la, se te pou Lafrans. Sitiyasyon an chanje depi soulèvman esklav yo kòmanse. Defi Toussaint se fè peyi a tounen « Perle des Antilles », men fwa sa pou moun ki ap viv ladan l.

Depi 1791, gen anpil paramèt ki chanje nan koloni an.  Se tanzantan gen yon kraze brize paske « koupe tèt boule kay » se sèl mwayen pou te fòse kolon yo tande rezon. Destriksyon plantasyon yo se te yon estrateji nan wout pou libète a. Anpil kolon, ki gen teknik nan fè plantasyon mache, kite zile a pou al tabli yo Kiba ak Nouvel Òleyan. Epi, depi 1794, esklavaj pa ekziste ankò nan koloni an. Nouvo lib yo, sa ki te fèt nan esklavaj ak sila yo yo te bwote sòti an Afrik pou vin mete nan esklavaj, yo pat vle tounen al travay latè ankò. Lesklavaj vin fè travay pèdi valè, espesyalman travay lagrikilti.

Toussaint Louverture ankouraje sitwayen yo pou yo travay latè pou yo ka « dezapwouve lènmi libète yo ki panse moun nwa pa pare pou viv lib ». Kòm diskou a pa pote fwi, li deside itilize lòt estrateji.

Pou ede ekonomi peyi a, Toussaint Louverture adopte yon seri mezi ki trè konteste. Li bay lame lòd pou arete tout moun ki pa vle al travay. Li adopte lalwa ki pini vagabonday. Sa ki pi di a, sitwayen yo te dwe retounen al travay nan plantasyon kote yo te esklav anvan kòmansman revolisyon an. Kanta blan ewopeyen yo, yo te gen misyon pou jere plantasyon yo. Yo te dwe peye travayè yo. Epi tou, yo te dwe peye taks bay otorite yo.

Kaporalis agrè sa pèmèt ekonomi teritwa a kanpe djanm. Toussaint, tout pandan li ap klewonnen lanmou li pou Lafrans, deside voye jete prensip ki di tout sa ki fèt nan koloni an se pou Lafrans. Se sa yo te rele an franse « Le colbertisme ». Li deside ouvè pò yo pou fè komès ak Etazini, ak Angletè. Bagay sa pat janm fèt anvan nan okenn koloni. Plizyè lane aprè Toussaint Louverture, Ayiti pral siyen akò ak Lafrans ak Etazini pou ba yo avantaj nan komès kòm nasyon ki pi privilejye. Nan tan Toussaint Louverture, pat gen bagay konsa. Pò peyi a te louvri pou moun ki bay plis avantaj yo. Lajan ki fèt nan relans ekonomik la, Toussaint Louverture itilize li pou achte zam pou ranfòse defans tèritwa a. Li konnen Lafrans pa t ap rete gade l nan je.

Lame

An 1792, Toussaint fè premye zak li kòm militè sou lezòd Biassou, ki te kòmandan yon ganizon nan lame Lespay. Sonje Lespay, nan batay li ak Lafrans, te pwomèt li ap bay tout moun ki vin batay pou li libète ak pwopriyete. Toussaint kòmanse kòm doktè fèy nan lame a. Rapidman, li vin pran grad. Li vin gen pwòp twoup pa li. Lè li kite lame Lespay pou li al jwenn Lafrans, an 1794, li ale ak tout sòlda li yo. Twoup li a te genyen ant 3.000 e 4.000 sòlda. Sòlda Toussaint yo toujou montre yo pi byen antrene, pi disipline. A pati 1798, Toussaint montre yon obsesyon nan militarize tout koloni a. Li achte anpil zam nan men Etatzini. An prensip, lame Toussaint an ta sipoze lame Lafrans. Men Toussaint toujou klè, lame ap rete nan wòl li si Lafrans rete nan wòl li.

An 1801, Napoléon Bonaparte deside voye lame fransèz vin retabli lesklavaj Sendomeng. Li nonmen bòfrè li, jeneral Victor Emmanuel Leclerc nan tèt eskpedisyon an. Se te pi gwo ekspedisyon Napoléon janm voye al batay a letranje. Lè Toussaint gade li wè bato lagè yo aliye sou lanmè a, li di twoup li yo lè a rive, « Nou pral afwonte yon kowalisyon kont libète. Alòs, m pa vle demi mezi. Nou dwe viv lib oubyen nou mouri ».

Twoup fransè yo te mache ak rezèv pou sèlman 2 mwa. Yo pa t ka imajine sou ki lame yo ta pral tonbe a. Batay la dire 2 zan. Toussaint te dirije batay la pandan premye mwa yo, men yo rive arete li nan yon kou trèt. Yo transpòte li an Frans, kote li mouri nan prizon 7 avril 1803. Rès lame a reprann flanbo.

Konklizyon

Espesyalis ki panse Toussaint te sèlman vle yon fòm koloni asosye, yo twonpe yo. Toussaint te abòne nan tout jounal ki te konn pibliye an Frans. Li te gen sèvis ransèyman li nan Paris. Li te konn sa kap pase nan manman peyi a. Li te konnen klèman kote li ta prale a, se pat nan yon koloni-eta-asosye ak Lafrans.

Konsil jeneral Etazini nan Okap, Edward Stevens, ki t ap swiv Toussaint de prè, bay yon apèsi sou sa li te obsève nan peryod la. Li di : « Louverture ap pran yon seri mezi dousman, men siman. L ap kenbe aparans yo pandan on ti tan. Men, kan Lafrans antre twò fon nan zafè koloni an, l ap retire mask la nan figi l, l ap deklare endepandans lan».

Se vre Toussaint pa janm ekri, ni deklare ouvètman li ta pral fè peyi a vin endepandan. Sa pa te nan abitid Toussaint pou li montre tout vizaj li. Jouk jodi a, se tank espesyalis ap chache, yo ap jwenn koze Toussaint te ka enplike ladan yo san non li pat janm site.

Zafè klewonnen Lafrans se manman peyi a, se te yon estrateji Toussaint te itilize pou mete tout moun dakò. Avèk yon konstitisyon, yon diplomasi otonòm, yon ekonomi djanm, ak yon lame, Sendomeng te sispann yon koloni Lafrans ka dirije a distans. An reyalite, 4 eleman sa yo montre Lafrans pèdi koloni an depi 1801.

An reyalite, 4 eleman sa yo montre Lafrans pèdi koloni an depi 1801.

The post Èske Toussaint Louverture te vle Ayiti vin endepandan ? appeared first on Woy Magazine.


Jan maladi glokòm ap fè Ayisyen mal

$
0
0

Pri trètman glokòm souvan vle di Ayisyen dwe chwazi ant wè oubyen mete manje sou tab yo.

Pou anpil moun ki ap viv nan peyi devlope, vin gen yon andikap ke ou te ka evite, se pa yon bagay ou t ap janm panse ki ka rive. Men dezyèm koz moun vin avèg nan mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, se glokòm ki ap pran yon gwo nivo nan jan li afekte kalite lavi pasyan yo. Nou tande anpil ak yon pakèt listwa sou moun nou renmen ki pèdi vizyon yo akòz glokòm; yon paran, yon konesans, yon zanmi. Paske maladi sa a ki prèske san doulè ap fè wout li an silans, pwa li prezante sou sante piblik, sosyal ak ekonomik  pase menm jan an, an silans. Nan lanne 2016, lè doktè Jessica Nestor te kòmanse etidye ki jan glokòm gen yon enpak sou pòch Ayisyen, mwen te kouri al jwenn li nan demach sila a.

Glokòm se yon maladi kwonik , sa ki vle di li paka geri nèt ale men nou ka kontwole li si nou jere li byen. Li plis prezan kay moun ki desandan Afriken, espesyalman si moun nan fanmi ou te soufri li deja. Nan zòn andeyò ak nan mitan vil yo nan peyi Dayiti, gen 14.2% popilasyon an ki soufri glokòm dapre yon nouvo etid. Konpare sa a rès mond lan ki gen 3.54% moun ki soufri maladi sila a . Chif sa yo montre a klè jan maladi glokòm afekte Ayisyen a yon vitès ki enkyetan anpil. Menm pami Ayisyen ki ap viv nan peyi Etazini, nou jwenn to a wo kèlkeswa laj moun yo genyen. Tankou pou lòt maladi kwonik yo, yon jès esansyèl pou nou evite pi move rezilta kay pasyan yo se dyagnostike li bonè nan itilize de zouti ki senp; nan ka sa a nou vle pale de pèdi tout vizyon w nèt. Nan  lopital piblik santral ann Ayiti a, kote doktè Nestor te kondwi etid sila a, yo preskri pasyan yo gout pou mete nan je yo pou limite jan glokòm lan ap vanse, ak/oubyen benefisye de chiriji lè sa nesesè. Men, men ki kote manti a blayi, anyen pa gratis sitou nan koze lasante. Ann Ayiti, kote pi souvan pasyan yo pa janm nan yon bon pozisyon finansye ki pèmèt yo peye fakti yo, moun yo ap peye de pri ki depase tèt ansyen katedral.

Nan moman rechèch nou yo, lè dola Ameriken an te toujou pi ba pase 45 goud, trètman glokòm ki te fèt ak gout nan je yo te  ant 15 % ak plis pase mwatye salè minimòm Ayisyen an (3.750 goud nan moman etid la te ap fèt sa ki koresponn a 35.88 dola ameriken). Pou chiriji ki vini ak li a, pri a monte a mwatye jis rive ¾ salè minimòm lan. Jounen jodi a, dola ameriken an vo 85.5 goud. Lè nou konsidere lajan yon fanmi mwayen ann Ayiti fè, pri a varye ant 12 a 14%  si yo itilize gout pou je sèlman, e li monte jiska 62% si yo bezwen chiriji. Ti revni ak mank asirans sante se pi gwo barikad yo. Pri trètman glokòm souvan vle di Ayisyen dwe chwazi ant wè oubyen mete manje sou tab yo. Lè doktè Nestor avè m te prezante rezilta sa yo ki te rache kè nou nan inivèsite Notre-Dame ann Ayiti, epi aprè sa nan inivèsite Yale nan yon gwo konferans sou lasante, nou te defann dwa pou gen yon kouvèti nasyonal pou lasante pou pwoteje sa ki nan plis nesesite yo.   

Nan mwa jiyè 2017,   prezidan Ayisyen an Jovenel Moise, te anonse yon komisyon nasyonal pou yon refòm sistèm lasante a. Li te konkli diskou a ak pawòl sa yo: “ tout popilasyon an ann antye dwe resevwa sèvis ki reponn a bezwen yo, e non sou jan bous yo ye. Refòm sila a ap retire pasyan yo nan koze depanse tout avwa yo pou jwenn lasante.” Pwomès sa vini an respons a yon demand pou plis aksè a lasante sou tout teritwa a. Men jan minis lasante a ki se Jean-Patrick Alfred te atire atansyon nou nan piblikasyon sa a, sou diferan opsyon ki disponib ann Ayiti, pi gwo kestyon an sou asirans inivèsèl lasante a se koze kijan n ap finanse li. Aprè prèske 2 lanne aprè kòmansman komisyon prezidansyèl la, jan lavi a vin pi chè, sistèm lasante ann Ayiti poko janm jwenn chanjman komisyon an te pwomèt la. Grèv nan lopital piblik a kòz yo pa janm peye moun ki ap travay yo ak mank materyèl pou yo fonksyone toujou rete menm jan an, e pa gen anyen ki montre sa pral chanje nan jou ki ap vini yo.

Espesyalis nan lasante yo kontinye ap mete jefò yo ansanm pou goumen kont maladi glokòm nan lemond ak nan peyi ki sou wout devlopman tankou Ayiti yo. Yo ap batay pou ede pasyan yo pa depanse tout avwa yo nan trètman ak / oubyen chiriji ki long anpil, e batay sila a nou paka bliye li ni li paka tann. Kounye a, asirans ki pa twò genyen an fè tretman glokòm  lan paka kenbe. Pandan tan sa a, menm si zouti pou detekte maladi a byen vit ak tretman long lan parèt byen senp, Ayisyen kontinye ap pèdi vizyon yo a yon vitès ki bay kè sote. Malerezman, se youn nan plizyè nan yon lis men longè menas Ayisyen ap fè fas a yo chak jou.

*Etid ki mansyone nan atik sa disponib nan biliyotèk Inivèsite Notre Dame, Pòtoprens, Ayiti.

 

The post Jan maladi glokòm ap fè Ayisyen mal appeared first on Woy Magazine.

Istwa Kache : Jan m ap bat dlo pou m fè bè

$
0
0

Devalyasyon goud la (apati 9 dawout, dola ameriken an te koute 93,29 goud) afekte lavi kotidyen ayisyen ann Ayiti kou a letranje. Pri pwodui ke moun itilize chak jou ap monte chak jou, e biznis lokal kontinye soufri ansanm ak ekonomi peyi a. Genyen anpil rezon ki lakòz sa k ap pase ak goud la : eskandal politik ansanm ak pri petwòl ki ap monte, depandans peyi a sou pwodui enpòte, koripsyon, elatriye.

Nou menm nan Woy Magazine, nou chache konney istwa ak eksperyans sou ki jan goud la ki ap desann lan ap afekte lavi lektè nou yo. Men kèk nan istwa ke lektè yo te pataje avèk nou.

Repons 1:

Mwen travay anpil e du men kapasite acha mwen redwi. Kounye a mwen travay pou mete manje sou tab sèlman depi gen yon depans an plis se yon pakèt jimnastik pou kole bout. 

Repons 2:

Menm yon bidje ou pa ka fe kounya ak ti monnen ki rantre nan menw lan. Pri okenn pwodui pa stab, prix ki en dola yo menm magazen yo few peye a taux ki Nan lide yo. Prix kay ogmante, prix lekol ogmante,

Repons 3:

Goud kap monte an c ou katastwòf pou mwen. Mwen c ou pwofesyonel kap travay depi 35lane. Nan tou lòt peyi m ta sipoze pran retrèt mwen nan 2 lane. Le ou moun tankoum nan laj li rive a, fok m ta gen ou seri ti lwazi m ta gen dwa genyen: ti jounen nan lanmè, ti manje nan restoran, ti voyaj le m gen konje. M pa gen chans sa a. Enplis travay mwen, m tounen ou jobè pou rive fem viv jan m te konn viv la. Tou sa m fe kòm lajan pase nan manje. Anyen pa ret nan men m apre. Sa red ampil pou mwen le m konsidere se pa dola ki entre nan men m kidonk sa m touche vin mwatye sa m te touche gen 10 lane. Map fe bak

Repons 4:

Lojik, pwodwi yo ap monte, mw achte sou kat kredi mwen an dola ameriken, imajine ke nan mwens ke 2 ans mw pèdi $200 USD lèm evalye salè mwen an dola. 

Mwen te nan yon ti sòl an goud. Mwen fè bidjè a pou 64 goud pou yon dola poum ka achte yon machin, distans poum touche sol la dola a rive 75 goud. Kob la vin two piti. Kounya li 93 goud, li vin pi piti ankò, mwen vin wè pa gen mwayen pou ekonomize an goud, sinon se pèdi w ap pèdi. Mwen vin pi pòv paske se yon ti kras bagay m k ekonomize ak kòb mwen kounya. Li afekte m. Sa mwen te konn achte sou yon mwa travay mwen oblije tann 2 mwa pou kòb la rive

Repons 5:

Bon mwen oblije travay pou m jwen plis et kote pam, vi an pa fasil menm. E m komanse dekouraje ak vie an paske wap travay sanw pa konnen poukisa wap travay pa fwa. M ap poze tet mwen kesyon kisa mwen ka realize nan moman sa 

Repons 6:

Mwen gen projet de sortie m pou m remèt nan Inivèsite m pou jwenn licence mw, le coût est en USD, m ap travay e m ap touche an goud..récemment m chanje 30000 goud, li ban m 319USD. E m sanse bezwen plus de 1500USD. M oblije pran yon 2èm djòb, m travay plis e pi di, m oblije pa ka fè tèt mwen plezi..

Mwen eseye, dans la mesure du possible, jwenn des rentrées en USD. Multiplier mes sources de revenues. Mwen vin tou gen kapasite pou m konn sa m vle ak sa m bezwen, so m redui depans mwen yo considérablement.

Repons 7:

Mwen vin pè depanse lajan. Tout bagay chè. Mwen paka soti al manje pou plezi, mwen sèlman manje pou nouri tèt mwen.

Repons 8:

Nan moman an, m ap viv Ozetazini men m ap travay sou yon kontra avèk yon ONG ann Ayiti. Pou mwen, gou ki ap pèdi valè a vle di mwen gen mwens dola ameriken nan men m nan fen mwa a paske se an goud mwen touche. Mwen oblije chanje bidjè mwen chak mwa paske kòb ki nan men m lan toujou ap chanje. Fòk mwen rete 

Repons 9

Mwen se yon pwofesyonèl ki depann sou kliyan. Poutèt devalyasyon goud la, lavi  vin pi chè. Konya mwen gen mwens kliyan, ki fè m oblije redui depans mwen. Mwen pa menm ka ale an vakans ane sa.

Pa gen solisyon, bò kote pa m. Nou tout depann sou ekonomi peyi a. Tout monte desann yo. Nan moman an, sèl sa m ka di se ke mwen redui depans mwen, e mwen sispann soti ale nan restoran etc

Repons 10:

M ap mouri an silans

 

The post Istwa Kache : Jan m ap bat dlo pou m fè bè appeared first on Woy Magazine.

Gessica Geneus anonse yon nouvo fim ki rele “Freda”

$
0
0

Aprè siksè fim dokimantè li a, Douvan Jou Ka Leve, Gessica Geneus enfòme Woy Magazine ke li fin fè tounaj pou yon nouvo fim sa pa gen twò lontan. “Freda se yon pòtrè de fanm, de fanmi, prensipalman de fanm nan konteks atyèl kriz sosyopolitik Ayiti.”

View this post on Instagram

F🖤🎬

A post shared by WILNA BARJON (@wil_ayiti) on

Geneus te pran yon lòt wout pou antre nan mond mizik li a avèk albòm li a ki te rele “Ase.” Menmsi pwojè mizikal te prezante yon nouvo fasad sineyas ak aktris ke nou vin abitye e renmen, tèm ki toujou prezan nan travay Gessica rete menm: yon lanmou pou istwa, eksplorasyon diferan aspè nan lavi yon fanm avèk relasyon. Freda kontinye sou menm tandans sa. Geneus di nou “Freda ouvri yon poòt sou istwa yon fanmi.” E menm si se yon istwa fiktif, Genus rakonte eksplike nou ke se vi pèsonèl li ki enspire anpil pati nan istwa sa. “Se komsi mwen pran relasyon ant mwen menm ak manman m ki nan dokimante lan, mwen pwolonje eksplorasyon rapo mwen menm ave l, rapo li menm avek gran se m, rapo li menm avek ti fre m nan Freda.”

Geneus te gen entansyon jwe wòl prensipal Freda a, men aprè li te asiste Festival 4 Chemins a, li dekouvri nouvo talan ki enspire li reimajine fim lan epi bay platfòm lan de preferans. Fim sa ki fèk fin toune nan mwa janvye a te gen yon ekip ki esansyèlman ayisyen, e li gen nouvo ak ansyen talan ke Geneus kontan fè nou dekouvri. Nehemie Bastien nan wòl Freda, Gaelle Bien-Aimé, Cantave Kervens, Paula Peant, Bertrand Roy, Djanaina François, ak anpil lòt.

Freda antre nan estad pwodiksyon konya. Geneus swete soti fim sa nan ane 2020 a. Nou paka tann.

 

The post Gessica Geneus anonse yon nouvo fim ki rele “Freda” appeared first on Woy Magazine.

Fè konesans ak de sè ayisyen ki ap chanje jan nou konprann lamòd

$
0
0

“Nou kwè anpil nan lamòd tankou yon ekspresyon moun ou ye a ak sa ou kwè ladann”

Ayisyen renmen lamòd. Kit se maryaj, batèm, yon resepsyon kominyon oubyen yon dimanch apre midi- nou renmen jwenn yon eskiz pou nou ka mete pi bèl teni nou pou nou ka chèlbè. Se sa ki fè jounen jodi a, kote nou gen plis aksè ak liks epi enfliyansè, jèn ayisyen ap mete sou pye mak ak platfòm ki enpresyonan. 

Sa pa gen lontan, Woy Magazine te gen opòtinite pou li pale ak Shelcy ak Christy Joseph, 2 sè ki kreye NYCxClothes, yon platfòm ki rasanble moun ki ap kreye a travè lanmou yo pou istwa ak lamòd. Nou pale ak medam yo pou nou te ka konnen ki jan idantite ayisyen yo ede nan pwosesis kokennchenn travay yo ap fè a. 

Pou moun ki pa konnen yo, tanpri esplike ki moun nou ye ak kijan NYCxClothes kòmanse?

Nou fèt epi elve ann Ayiti, aprè sa nou vin al viv New York an 2010 apre tranbleman tè a. Lè nou t ap grandi, Shelcy te konn kreye katalòg pou rad li te konn desinen a pati sa li wè nan lari Pòtoprens. Li te konn anime defile mòd lakay la epi fè Chris anime ak li. Se te yon premye egzèsis sou estil ak lamòd, epi se konsa li vin pi enterese nan bagay sa yo depi lè a. Men malerezman Ayiti pa vrèman ofri opòtinite sila yo, kidonk li te pran yon lòt direksyon, men vin viv New York la chanje tout bagay.   

Enterè Chris te genyen nan lamòd vin tounen pita lè li kòmanse ap debat pou li te jwenn tèt li nan gwo vil New York. Nou tèlman te abitye gen yon kominote ki soude ann Ayiti, sa fè nou te yon jan timid nan kalite vil ki toujou ap bouyi sa a. Aprè yon tan, nou vin kòmanse rejwenn kè kontan nou, epi leve abiye vin ba nou menm plezi anvan an. Nou te ap chache kisa ki te alamòd, epi amize nou, yon jan pou nou te jwenn estil pa nou. Epi se konsa Chris vin obsede ak videyo youtube kote moun ap pale de rad yo achte ak videyo ki montre jan pou w makiye. Gade videyo sa yo ansanm vin kreye yon nouvo aktivite pou nou, epi se konsa nou kòmanse yon chèn sou youtube. E se la NYCxClothes derape. Epi rakonte istwa vin mennen nou yon seri kote nou pa t ap menm imajine. 

nycxclothes_67590791_656914454796661_2875928865940498574_n

Nan moman kote moun ap kreye pwòp kontni pa yo, nou remake plis fanm Ayisyen ki ap parèt nan domèn enfliyansè medya. Kijan nou panse idantite kiltirèl nou bay yon lide sou mak nou an ak travay nou?

Se eleman santral sou moun nou ye a, e li parèt nan tout sa n ap fè. Nou toujou di avan tout bagay nou se Ayisyen, apre sa nou moun New York. Jan nou konekte ak moun yo ak imou nou, fè nou pote idantite nou sou do nou. 

Nou toujou di avan tout bagay nou se Ayisyen, apre sa nou moun New York.

Ki wòl ou panse lamòd jwe nan montre eksperyans dyaspora a pou fanm tankou nou ki fè tan ap viv ni Etazini ni Ayiti?

Li reflete mantalite ak pèsonalite nou pandan nou ap viv chanjman sa yo. Nou kwè anpil nan lamòd tankou yon ekspresyon moun ou ye a ak sa ou kwè ladann (pa egzanp mayo ki gen enpresyon sou yo. elt), kidonk rad ou se yon ekstansyon eta despri w (se la a eksperyans yo pran fòm). 

nycxclothes_73004007_680287302460646_1939779617095821430_n

Rakonte istwa se yon gwo pati nan NYCxClothes. Ki istwa ou swete ki sòti nan travay nou ?

Franchman se menm istwa nou toujou rakonte yo. Sa ki varye ant ti detay ak lide filozofik. Nou vle kontinye pataje kèk pati nan nou – sou kote nou sòti ak jan edikasyon nou fòje moun nou ye jodi a, sou jan nou rive nan viv NYC, avèk kisa ki enfliyanse reyalite nou ap viv kounye a. Nou swete kontre ak plis moun ki gen menm lide sa yo konsa na va ede kominote nou an grandi. 

Nou ap viv nan yon tan kote nesesite pou wè fanm nwa yo reprezante nan diferan domèn rete enpòtan e li pa chanje. Kijan ou panse mak ou ede nan sa?

Nou santi, nan rakonte istwa nou yo, travay nou an ede koze reprezante fanm nwa a tounen yon reyalite. Nou ap kontinye goumen pou plis mak mete nou nan kanpay yo, men an menm tan, nou ap fè yon jan pou nou reprezante tèt nou sou pwòp platfòm nou.

An nou fè yon ti jwèt kestyon repons rapid  sou bagay Ayisyen nou pi renmen: 

  • Mizik ayisyen ou pi renmen ?  M gen twòp m te ka chwazi, men nan moman an se: malad – Kai (Shelcy)
  • Manje ayisyen ou pi renmen ? San reflechi: pwason gwo sèl ak bannann peze, diri djondjon (Shelcy) Diri, sòs pwa  ak legim militon (Chris)
  • Kote nou renmen ye ann Ayiti ? sa nou pral di a pral sonnen kliche men se lakay nou pòtoprens ak paran nou. 
  • Pwovèb nou pi renmen ? Twò prese pa fè jou louvri (Shelcy), Chita pa bay (Chris)

Kisa moun ki ap swiv nou ak moun ki ap sipòte nou dwe espere wè pou ane 2020 an nan NYCxClothes?

Nou ap travay sou yon ekip pwojè ki enteresan men nou paka pale de yo, men pou kounye a, nou ka pataje ak moun yo nou gen pou nou anime plis evènman toujou, tankou ti chita pale entim ak gwo panèl ak atelye. Nou konsatre tou sou kreye kontni videyo, sou TikTok (kote nou gen yon nouvo chèn), IGTV, ak youtube (nou ap tounen ak chèn nou an).

 

The post Fè konesans ak de sè ayisyen ki ap chanje jan nou konprann lamòd appeared first on Woy Magazine.

Rasin Kolonyal Sistèm Sante Ayiti A

$
0
0

Lè Christophe Colomb etabli yon koloni sou zile Hispniola a nan fen kenzyèm (15) syèk la, rankont ant kolon ewopeyen yo ak popilasyon Taino yo te mennen de seri vye maladi ki t ap simaye nan mitan moun yo. Kolonizasyon ak nouvo okipasyon Ayiti yo pèmèt puisans oksidantal yo anrichi yo, men tou sa charye dèyè li konsekans sou sante ak politik ki jouk kounye a tache òganizasyon ak pratik lasante global yo. Epidemi kolera a se youn nan pi bon egzanp yo. Kisa dekolonize sante global ta ka vle di pou Ayisyen?

Nan zòn sèzyèm ak disetyèm syèk, medesin twopikal la pran nesans, paske te g on lapèrèz pou sante kolon ewopeyen yo nan kondisyon epidemi ak klima koloni Azyatik, Afriken ak Ameriken yo. Lafyèv jòn lan te afekte jeneral franse Leclerc ak Rochambeau nan Sen Domeng  e premye te mouri de sa. Jouk kounye a, òganizasyon mondyal lasante toujou ap itilize etikèt “maladi twopikal” pou dekri maladi ki rive nan peyi twopikal yo tankou malaria, deng ak lafyèv jòn (menm si, nan anpil ka, maladi sa yo te ka elimine nan peyi twopikal yo si peyi sa yo te gen mwayen pou fè sa). Medsin twopikal devlope pandan diznevyèm ak ventyèm syèk la. Te gen anpil devlòpman enpòtan nan tèm konesans syantifik ki make sitou pa nesans epidemyoloji ak sante popilasyon nan epòk 1854 pandan kolera te ap fè ravaj an Ewòp. Fondasyon ameriken Rockfeller te jwe yon wòl enpòtan nan mete ansanm filantwopi ak ekspètiz teknik, politik etranje pou pwoteksyon enterè ameriken. Mary Agnes Palilonis nan inivèsite Wake Forest fè rapòte Fondasyon Rockefeller te envesti anpil nan antrene pèsonèl  pou trete maladi nan Amerik Latin ak Karayib la. 

Lè Etazini okipe Ayiti nan lanne 1915, Marin yo fè fondasyon Rockefeller a finanse rezo klinik riral yo ak lòt enfrastrikti lasante yo, pou pwoteje solda ameriken yo kont maladi twopikal yo. Ospis Justinien nan Okap te vin tounen yon lopital nan lanne 1920 e yon laboratwa  te vin konstui pou yo te ka teste  prizonye ak jandam yo kont malarya. Inisyatif sa yo te vin bay premye etid sou medsin twopikal ann Ayiti, sa ki te detèmine to malarya ak enfeksyon parazit nan entesten (Bordes, 1980). Jan Palilonis di li: ”avans syantifik ki soti nan inivèsite peyi oksidantal yo te sitou itilize kòm zouti pou pwoteje kolon yo kont maladi twopikal yo, epi pou kontwole ak sivilize popilasyon natif yo.” Men nan fen lokipasyon ameriken an fini nan lanne 1934, fondasyon Rockefeller a sispann finanse lasante ann Ayiti, sa ki vin mennen yon gwo ralantisman nan pwogram devlòman lasante yo. 

Nan dezyèm pati diznevyèm syèk la pou rive nan ventyèm syèk la, ak fòs komès ki vin ap fèt ak mond lan ki vin pi konekte, maladi ki bay enfeksyon tankou kolera vin anvayi ann Ewòp, Amerik ak Karayib la. Kowoperasyon entènasyonal yo bay nesans a yon pil ak yon pakèt ajans lasante tankou Biwo sanitè Pan Ameriken, ant Etazini ak lòt patnè komès li yo  nan Amerik di Sid ak Santral, sa ki pi devan vin tounen òganizasyon Lasante Pan ameriken. Ou a konstate motivasyon prensipal tout jefò sa yo se te pou pwoteje komès ak lajan, pa fòseman pou jere menas tout maladi ki ap peze sou pèp Ayisyen an. 

Apre òganizasyon mondyal lasante ak anpil òganizasyon enpòtan non gouvènmantal te vin fonde, sante entènasyonal  pran yon lòt kafou, yo vin plis bay enpòtans sou pandemi mondyal tankou VIH/Sida, ensekirite alimantè, mòtalite fanm ansent elt. Pandan epòk sa a, Ayiti vin tonbe nan yon seri kriz politik ak ekonomik ki te alimante pa eksplozyon politik neyo liberal, politik etranje ak entèvansyon militè ak dezas natirèl. Tout sa yo vin mete sistèm sante ak tout peyi a sou jenou li. Sepandan, òganizasyon non gouvènmantal yo ak devlòpman pwojè yo vin boujonnen espesyalman apre tranbleman 2010 lan.  

Lè Kolera vin nan peyi an ak misyon pou lapè NasyonZini ki te ann Ayiti depi 2004, NasyonZini te reziste rekonèt enplikasyon yo nan jan katastwòf sante sa a te devlope sa ki lakòz 10 000 Ayisyen mouri. Istwa kolera a ann Ayiti, menm jan ak lòt entèvansyon  sante nan epyi a, sanble a epòk nou te nan kòmansman sante mondyal la, tankou Ayisyen se moun yo dwe sove epi pwoteje rès mond lan de yo.  

Nan yon mond ki pi konekte chak jou, kenbe mantalite ki sòti nan sistèm kolonizasyon an ap lakòz nou pèdi anpil moun.

Nan yon mond ki pi konekte chak jou, kenbe mantalite ki sòti nan sistèm kolonizasyon an ap lakòz nou pèdi anpil moun.  Li pa sipoze konsa, sitou pandan pandemi viris kowona ki ap rive la a kounye a ki, nan opinyon pa m, pral gen yon anpriz vyolan sou peyi a. Eske Ayiti gen kapasite pou li itilize strateji strikt pou li fè prevansyon kont yon lòt katastwòf? Li klè li pa kapab. yon sistèm lasante ki pare pou pandemi paka fèt nan ti kras tan sa a nan yon peyi ki pa gen resous. 

Kestyon dekolonize sante mondyal la te soulve nan jou yo la a nan de fowòm inivèsitè ak diskisyon sou entènèt. Nan yon lis twit sou twitter, Dr Louise ki se yon doktè Harvard afime: ”mwen krenn dekolonize a pral vin tounen yon [sijè] pou gwo enstitisyon lasante yo nan pawòl men li p ap reyalize nan aksyon…” Pou kòmanse, konsèp sante mondyal la pa dwe sèlman vle di rekonèt jan politik eksplwatasyon vin bay yon dezikilib pouvwa ki mennen de pwoblèm sante inivèsèl, li ta dwe vle di tou pran mezi pou remèt pouvwa sa. 

Pwoblèm ki genyen ak sistèm sante Ayiti a kòmanse depi nan fondasyon li. Solisyon yo paka vini nan yon nwit men premye pa yo dwe gen valorizasyon lang nou an, rekonèt istwa ak kilti nou. Jan pwovèb ayisyen an di a: “ kreyòl pale, kreyòl konprann”. Pawòl sa yo vle di konvèsasyon ak kowoperasyon yo paka fèt san yon konpreyansyon an pwofondè rasin ak listwa youn lòt, kijan nou rive nan pwen sa a kounye a. Dekolonize sante mondyal la vle di tou bay aksè a espas konvèsasyon sa yo jarèt, kit se konferans akademik, jounal byomedikal oubyen kourikilòm inivèsitè. Pou fini, li ka materyalize a pati nouvo pratik ekonomik ki pèmèt otonomi ak dirabilite enstitisyon ayisyen ki responsab lavi ayisyen. Pandan n ap kontinye fè fas a menas pandemi maladi enfektye sa yo, se toujou bon moman an pou lite pou solidarite ak jistis sosyal. 

 

The post Rasin Kolonyal Sistèm Sante Ayiti A appeared first on Woy Magazine.

Covid-19 Kapab Fè gwo Dega nan Batey Yo nan Repiblik Dominikèn

$
0
0

Kit se ann Ayiti oswa nan kominote ayisyen andeyò peyi a, travayè ayisyen pa pwoteje e yo ap sibi konsekans yo.

Semèn pase, premye minis ayisyen an deklare yon swadizan viktwa sou pandemi kowonaviris la, e li tou anonse ouvèti faktori ki te fenmen pou tèt eta ijans sanitè a. Nan jou ki te suiv deklarasyon sa, nou te kòmanse wè videyo foul moun ki ap tounen travay nan izin kwense, epi san materyèl pou pwoteje yo. Gen yon rapò ki soti sa pa gen lontan ki montre zòn nan vil Nouyòk ki plis afekte avèk kowonaviris. Rapò sa montre ke anpil nan katye ki plis afekte yo se katye ki gen anpil imigran ki soti nan Karayib la. Yon gwo pousantaj Ayisyen ki ap viv Etazini travay nan endistri sèvis ki rann yo plis vilnerab nan moman an. Kit se ann Ayiti oswa nan kominote ayisyen andeyò peyi a, travayè ayisyen pa pwoteje e yo ap sibi konsekans yo. Malerezman, sitiyasyon an pa diferan lakay vwazen nou yo kote anpil ak on pakèt Ayisyen ap travay nan chan kann kote ki gen gwo danje nan mitan yon pandemi.

Covid-19 deja touye plis pase 250 moun nan Repiblik Dominikèn e enfekte 5300 daprè otorite Dominiken yo. Ayisyen k ap viv nan batey se gwoup moun ki pi mal trete nan tout sosyete Dominiken an. Dènye fwa mwen te nan yon batey, se te  nan mwa janvye 2019 nan tounaj “A Sweet Deal”, yon epizòd pou Rotten ki se yon cho sou Netflix. Mwen pase anpil tan nan batey ak travayè ayisyen yo e anpil ladan yo te malad. Majorite travayè yo pa konn ki maladi yo soufri paske yo pa gen aksè ak swen sante. Yon batey se yon kote ki deja izole e ki la sèlman pou travayè ayiysen k ap koupe kann. Ayisyen nan batey yo sèlman gen aksè ak bezwen bazik yo, tankou yon ti kay an bwa, dlo ak manje. 

Poko gen okenn enfòmasyon ki disponib sou sitiyasyon batey yo, men sa ki klè, gen plis pase 40 mil travayè aktiv plis fanmi yo k ap viv nan plizyè rejyon andedan peyi a. 

Daprè Jesus Nunez, Kòdonatè Inyon Nasyonal Travayè nan Batey yo, “travayè yo pa fè pati proyirite leta e yo pa kapab rete san travay, yo oblije kontinye travay san materyèl pwoteksyon. Konpayi yo ak gouvènman an pa fè anyen pou travayè yo jiskaprezan nan mitan pandemi an. Jiskaprezan mwen pa konnen si genyen travayè ki gen viris lan, men mwen kwè sa posib. Batey yo se espas ki pi vilnerab e gen anpil moun k ap viv pil sou pil nan yo, viris lan kapab rann sitiyasyon travayè yo ki deja mal vin pi mal. Mwen ap bay presyon pou wè si gouvènman an ak konpayi yo pral pran mezi pou pwoteje travayè yo, men mwen pa gen okenn garanti yo pral fè sa. Mwen panse li enpòtan pou gen plis je sou batey yo nan moman pandemi an paske travayè yo ak fanmi yo vilnerab anpil devan viris lan.” 

Malgre Pandemi an Repiblik Dominikèn kontinye voye Ayisyen retounen Ayiti prèske chak jou, sa ki se yon gwo danje pou toulede peyi sou zile a. Li enpòtan pou toulede gouvènman yo travay ansanm pou kreye yon plan pou kòdone repons kont pandemi an, san sa Covid-19 pral fè gwo dega nan zòn fontalyè toulede peyi yo.

Ayisyen nan Repiblik Dominikèn sibi anpil diskriminasyon ak vyolans, espesyalman travayè ki nan koupe kann e ki viv nan batey yo. Li enpòtan pou nan moman sa a, pou òganizasyon dwa moun, nasyonal tankou entènasyonal pou mete presyon sou gouvènman Dominiken ak konpayi ki ki anplwaye travay yo. Gouvènman Ayisyen an tou gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan mande peyi vwazen pou pwoteje travayè yo e respekte dwa yo.

The post Covid-19 Kapab Fè gwo Dega nan Batey Yo nan Repiblik Dominikèn appeared first on Woy Magazine.

Yon Nouvo Ayiti Pou Pitit Fi Nou Yo

$
0
0

Se menm ti medam sa yo ki te reprezante koulè wouj e ble nou yo bay lemond, ki bat peyi nou pa te atann nou te ka bat, ki kite tout sa ki anndan yo sou teren an jis yo vin yon sous fyète nasyonal. Men nou lage yo nan pi move fason yo ta ka kwè nou ta fè sa. 

Mwen te gen 11 lane premye fwa yo te asele m nan lari Nouyòk.

Se pa t youn nan ti gason adolesan ki te rete nan katye m ni nan katye ki te tou pre yo.

Se te yon adilt ki te rete nan apateman 2 etaj pi wo ke apateman fanmi mwen. Yon mesye paran m te konn salye chak fwa yo te wè li nan bilding lan oswa nan katye a. Yon adilt mwen te abitye avè l, e anvan jou sa, mwen pa te gen okenn rezon pou mwen te mal alèz avèk li.

Lè mwen te rakonte kouzin mwen ki pi gran pase m istwa a, li souri epi li reponn “si w pa t bèl, li pa t ap fè w sa.” Se vre, sa pa t ap dènye fwa mwen ta pral fè yon eksperyans konsa, men se te youn nan preymye leson mwen te janm aprann sou blam fanm oblije pote pou zak gason.

Mwen gen 31 lane konya e tankou pi fò fanm, mwen pote avè m plizyè eksperyans vyolans ak asèlman seksyèl. Mwen kwè ke se pou tèt sa mwen vin angoudi pandan mwen t ap li ekspoze the Guardian te fè sou akizasyon abi seksyèl ki pote sou Yves “Dadou” Jean Bart, prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, sou jèn fanm adolesan ki jwe foubòl nan sant nasyonal la. Mwen chita, mwen li fraz aprè fraz ki rakonte istwa zak seksyèl fòse, avòtman fòse, avèk sistèm silans ki te suiv sik abi sa yo. 

Se menm ti medam sa yo ki te reprezante koulè wouj e ble nou yo bay lemond, ki bat peyi nou pa te atann nou te ka bat, ki kite tout sa ki anndan yo sou teren an jis yo vin yon sous fyète nasyonal. Men nou lage yo nan pi move fason yo ta ka kwè nou ta fè sa. 

Sa ki pi mal la, de twa jou aprè rapò a, yon manifestasyon nan defans Dadou pran plas kote yo fè  jèn fanm atlèt tounen boukliye pou pwoteje abizè akize a. Medam yo kanpe avèk pankat manifestasyon nan men yo ki deklare ke akizasyon ki fèt sou Dadou yo t ap atake repitasyon pwòp tèt pa yo antan ke fanm ak jwè.

Antan ke dyaspora, gen kèk fwa kote tou de reyalite m yo kontre poutèt fòs ki panan kontwò, e gen lòt fwa mwen santi ke tou de kilti sa yo ki egzziste anndan mwen pi lwenn youn lòt ke Pasifik la ak Atlantik la. 

Men semèn sa, premye santiman an ki prezan.

Mwen suiv de prè pandan ka predatè ameriken vin tounen gwo nouvèl, non yo rete make nan lide m. Bill Cosby, Larry Nassar, Jerry Sandusk, Harvey Weinstein. Epi konya, m ap suiv menm kochma sa dewoule men fwa sa se ann Ayiti.

Kilti vyòl pa gen nasyonalite. Li pa gen paspò, li pa respekte okenn lajan. Li sal tout kilti ak tout sosyete nan lemond. Mwen suiv otan gason pote sipò pou mizik R. Kelly ke bag sipòtè Martelly fè sou atak ansyen prezidan an kont fanm.

Pandan m ap ekri sa, m ap suiv mouvman #MeToo a ki ap degringole Ozetazini pandan menm fanm ki te denonse abizè tankou Weinstein ak Donald Trump ap bati gwo defans pou pwoteje Joe Biden kont akizasyon zak seksyèl. M ap suiv fanm e gason ayisyen itilize kont sekrè sou rezo sosyo pou atake fanm ki ap itilize achtag #PaFèSilans ki te fèt pou edike moun.

Epi m ap mande tèt mwen ki kalite mond nou vle kite pou moun ki ap vini dèyè nou?

Nou nan yon moman pou nou fè fas a konsekans yo, yon moman kote chak manti nou te konn bay tèt nou pou nou ka alèz ap chape nan men nou. Yon kouzin mwen pataje vèsyon tradui rapò the Guradian lan sou Facebook, gen youn ki kòmante, “Sa tris anpil, men Ayiti pa bezwen sa konya la.”

Men nou pa kapab kontinye repete refren sa. Difikilte sa yo, konvèsasyon douloure sa yo ap ofri nou yon wout pou nou rekonèt krim sa yo, pou nou pran swen viktim yo, epi kenbe abizè yo reskonsab pou kòmanse bati yon lòt Ayiti. Sa pral pèmèt nou denonse gason ki abize fanm pou plezi yo, epi denonse yon sosyete fo konsèvatè ki itilize silans poto mitan li yo epi pasifye yo avèk de twa akolad chak 8 mas.

Moman sa ap ofri nou yon chans pou kreye yon nouvo sosyete ayisyen kote kadejakè pa gen dwa di “men madanm mwen!” lè yo wè viktim yo nan lari, yon Ayiti kote yon ti braslè yon fanm mete nan cheviy li pa lakoz pou yo imilye l, yon Ayiti kote manman ki ozetazini pa santi yo oblije chichote istwa abi pitit fi yo ap pase anba abizè ann Ayiti oswa sou katye a.

Nou kapab bati yon kilti kote fanm ki denonse gason tankou Weinstein ak Dadou sou rezo sosyo pa oblije pè resevwa yon kout fil nan men manman ak papa yo ki ap sipliye yo siprime sa yo poste a.

Mwen konprann sa m ap di a ka sonnen tankou yon kont de fe, yon rèv–yon bagay enposib nan mitan yon pakèt lòt enposibilite. Men fòk nou kenbe espwa, espwa ke Ayiti nou te eritye a, yon kilti silans ak wonte ke manman nou vin pote lòt bò dlo pa oblije menm Ayiti nou pase bay pitit fi nou yo tou.

Nou konnen Dadou yo ki nan fanmi nou yo, nan apateman kote nou rete, nan legliz nou, òganizasyon ak kominote nou yo. Nou vale ase silans ak doulè pou dire tout yon etènite. Se rèv mwen ak espwa mwen  pou nou tout ke eritaj wonte sa fini avèk nou.

The post Yon Nouvo Ayiti Pou Pitit Fi Nou Yo appeared first on Woy Magazine.


Epizòd: A Tribute to Kreyolicious

$
0
0

A year ago, the Haitian blogosphere lost a gem. Kat Kreyolicious really left a mark on our hearts. Before she passed away, I had the privilege of interviewing her, and she told me of her inspiration and process behind the content we grew to love so much. She also told me about one of her favorite little-known Haitian history characters: Joute Lachenais, the lover of two consecutive Haitian presidents.

Check out the episode:

 

 

References mentioned in the episode:

Chinwa "The Untold Story of Chinese-Haitians" by Kreyolicious

Haiti History: During the Holocaust Haiti Issued Passports To Jewish Families to Leave Germany

The post Epizòd: A Tribute to Kreyolicious appeared first on Woy Magazine.

Sòl, and How Traditionally-African Economies Persevered Through Colonialism 

$
0
0

It is evident by the legacy of the African societies we stem from that we are culturally-rooted in community, fairness, and justice.

Growing up Haitian, one thing you learn is that survival is a community effort. We’ve all grown up seeing the practices and hearing the stories of our mothers and fathers, and their parents before them, long before we had the fancy terms or theory that Western scholars now use to name them. What they did to establish their livelihoods and build families is not without the efforts of many.  

I grew up watching my brother in sòls with his friends, and I distinctly remember not understanding how they worked. Even if I didn’t understand it, sòls soon became associated with something that Haitians just did. But sòls have a long and widespread history which connects us not only to Haiti, but as descendants of Africans. I would soon realize that the sòl, like many practices, tell stories about how our communities continue to operate in the face of countless efforts of oppression, especially through economic means. In knowing even a fraction of that history one can see the strength in our people and reconnect with the power our practices hold in countering oppressive forces. 

For the few who may not know—a sòl is a group money-saving method that works on a (usually short-term) rotating cycle. Each group member pools a specific amount of money on a designated time, for example, the first of each month. One group member gains the lump sum of money from everyone and the process repeats until each group member has received the lump sum. For example, a group of 5 friends may agree on a sòl of $100 USD, to be given on the first of each month. Over the course of 5 months, each group member would give $100 to the receiving member, who will have received $400. This process repeats until each member has been paid, in which the sòl ends. 

As a child living in America, I wondered, what use do sòl have if there’s no gain, no profit? I would learn that sòls went far beyond the goal of saving cash. They helped members in the group that were in more pressing need of money, buying groceries or paying rent for example, while those in a more lax situation could afford to receive their money later in the cycle. There have been cases of people in large sòl groups, using their pooled sum to pay off debts, send their kids to college, or put a down payment on a house. Some say, this is how a good portion of the home-owning Haitian community in the United States was able to put downs on houses in the 1980s. 

Models like the sòl have been around for centuries, and a well-explored example among scholars dates to the Yoruba people of pre-colonial Nigeria. The esusu system as it was called (also adashi, ajo, or esu depending on the region and function of the group) is in many ways similar to what we call sòls. Esusus, like sòls, worked on a rotating payment system. But the membership for these groups could be as large as 200 people and span over years. Variations of the institution existed—some groupings, like the esu model, were by commonality (e.g. occupation, family, place of residence). One variation only provided lump sums for funeral occurrences, as funerals were (and is) one of the most expensive events one could have. There were variations for farming or home purposes as well. 

Without even touching the tip of how comprehensive these systems were, one could tell how integral they must have been for ordinary members of society. Accumulating wealth in pre-colonial Yoruba culture, which is valued in western society, did not necessarily bring along status or respect. It was the individual’s social responsibility and distribution to the community—among other core principles—that brought them esteem. One 20th century anthropologist notes that the esusu system was an incentive for the wealthy “to make their surpluses available to those in the community who were in greatest need.” 

It was not until the increasing effects of war, slavery, and overall European colonization in the 19th century that brought more instability to many parts of West Africa, affecting the ability of many to complete an esusu cycle. The model was seen by many researchers as primitive and economically irrational, thought to be eventually replaced by western institutions such as banks. The reasons we now know of sòl and many other credit institutions across the Caribbean and Latin America—partner, sou-sou, sociedad, sub, and so on—is because the method continued to be practiced when enslaved Africans were brought to the New World during the Atlantic slave trade. 

Many of us have been taught that Africans in the New World were forced to abandon all aspects of their Africanness in compliance to European standards. However Africans were very much so practicing some of their own traditions, albeit in adaptation to the extreme constraints of enslavement and not as visible to their slave masters. The esusu is a prime example of this. It wasn’t only Yoruba tribes that bought banking concepts over to the Caribbean. Africans from Benin and Togo also brought their own forms of banking and money-pooling to Saint-Domingue, along with their values of collectivity (kombit).

Marcia Annisette, a Trinidadian-Canadian accounting scholar, argued that these various savings and credit institutions were covert practices and informal economies—used to escape the never-ending control and policing of enslaved African’s finances. As history shows, limiting the amount of money that Black people can accumulate forces them further into oppression. During the Duvalier-era, sòls run by the Haitian people were heavily important because the regime had banned gwoupmans (associations) and cooperations, ways that members of the community could gather a shared profit from their own investments. It was during these years that the use of sòls and credit unions grew in use. 

Even today, corrupt politics threaten the effectiveness of these accessible, grassroots practices that keep the economy running for ordinary Haitian people. Increased prices in Haiti caused by inflation threatens the fundamental purpose of sòls. As one Haitian notes to Woy Magazine, “there is no way to save in gourdes because you will only lose”; by the end of a sòl cycle, there is no guarantee that the gourde’s value will be as it was in the beginning, causing one to not only lose money but also need more in order to buy originally cheap staples and items. 

 The Haitian market and economy continue to be exploited and threatened by political forces of corruption and greed. However, Haiti’s people are not giving in. The continuing perseverance of Haitians is seen by the women who run the market and the protests that demand change. It is evident by the legacy of the African societies we stem from that we are culturally-rooted in community, fairness, and justice.

The post Sòl, and How Traditionally-African Economies Persevered Through Colonialism  appeared first on Woy Magazine.

Se kolonn ki bat, se Zoe ki fè kolonn

$
0
0

Esklizyon pa yon bon baz pou konstwi idantite yon kilti

Jou 18 Me se yon jou spesyal pou tout Ayisyen nan mond lan. Se jou nou komemore kreyasyon drapo nou, yon moman ki gen gwo enpòtans nan kreyasyon peyi nou. Selon sa listwa di, 18 Me lane 1803 pandan yon rankont gwo chèf lame endijèn lan, Jan-Jak Desalin (gwo vizyonè devan letènèl) pran yon drapo fransè li chire moso twal blan nan mitan an e li kole ble a ak wouj la. Ak aksyon sa a, li te vle kreye yon senbòl pou reprezante linyon ant moun nwa ak milat yo pou goumen kont lenmi kolon blan an. Kòm se metye yo, gwo istoryen ak savan fè kont deba yo sou kijan, kibò, ak kilè sa te pase vre. Men nan lespri Ayisyen, pa gen deba sou enpòtans moman sa a ak aksyon sa a. Sa fè selebrasyon dat sa a prèske gen menm valè nan je nou ak selebrasyon lendepandans nou. 

Jiska resaman, moun ki t ap viv lòtbò dlo yo pa t gen chans pou selebre jou sa a lòt kote ke lakay yo oubyen nan kominote yo pou sa ki te gen chans viv nan zòn ki te gen kominote Ayisyen. Men avèk dyaspora nou an ki vin pi gwo e pran plis enpòtans, nan dis a ven dènye lane yo vin gen plis kote ki kòmanse rekonèt jou drapo a ak enpòtans li gen pou nou. Menm gen vil Etazini ki deklare mwa Me a kòm mwa selebrasyon eritaj ak kilti Ayisyen. Tout pwogrè sa yo, mele ak devlopman rezo sosyo, vin fè ke kounya a Ayisyen ki p ap viv Ayiti gen anpil lòt jan yo ka selebre e eksprime “Ayisyanite” yo. Twit ak emoji drapo ayisyen, rasanble tout dènye ti grenn mo ak bout fraz kreyòl yo konnen, epi tou avèk yon dènye ekspresyon ki vin alamòd “Zoe shit no hoe shit”.

Pi fò sa a yo se de ti selebrasyon inofansif ki ta dwe pase san bri san kont, men malerezman si se te konsa bagay la ta twò bèl. Okontrè, anpil fwa sila nan nou k ap viv Ayiti yo oubyen ki gen yon koneksyon ki pi dirèk ke sa paran nou te ba nou,  se nan rizib nou pase yo, e mwen menm anvi di gen yon ti santiman degoutans. Nou pa fin twò “feel” jan frè/sè, kouzen/kouzin nan dyaspora yo chwazi eksprime fyète yo ak afeksyon yo, oubyen revandike atachman yo. Nou santi se de selebrasyon ki twò sipèfisyèl, yo pa “real”, oubyen yo manke “kiltive”. Se de mòd “Ayisyen-jou-d-lan-ak-jou-drapo”, “Ayisyen-ti-drapo-sou-rezo-sosyo”, “Ayisyen-ki-bay-twòp-gouyad-lè-y-ap-danse-konpa”, oubyen menm “Ayisyen-ak-lèg-sou-paspò-yo”. 

Se pa yon gwo revelasyon si nou di ke nou fè gwo diskisyon sou bagay ki gen anpil enpòtans pou nou. Eritaj kiltirèl ak reprezantasyon se de bagay ki gen yon valè ki pa fasil pou dekri oubyen eksprime, kidonk yo se sijè sansib. Yo fè pati de jan nou konstwi imaj tèt nou e jan nou prezante tèt nou bay mond lan, donk li fè sans ke nou vle wè reprezantasyon ki fè nou byen parèt. Men sa vin bay ti pwoblèm paske pa gen yon sèl jan pou yon moun eksprime lanmou l ak fyète l pou kilti l. Byenke se dwa yon gwoup pou li defini epi deside an gwo kisa ki reprezante li e fè pati de kilti li, se yon bagay ki difisil pou fè nan nivo chak grenn moun. Yon kilti se yon bagay ki varyab e ki chanje menm jan ak moun ki konpoze l yo ka chanje. Gen bagay ki ajoute, gen sa ki wete, gen sa ki bliye, gen sa ki ranplase. Mete sou sa, lè nou gade diferans ki gen nan anviwonnman Ayisyen k pa viv Ayiti e sa k ap viv lòtbò dlo yo, li pa fè sans pou nou ta atann nou aske yo eksprime kilti a menm jan. 

Anpil nan manm dyaspora a te oblije konstwi idantite yo kòm Ayisyen gras ak sa paran, fanmi, ak kominote yo transmèt ba yo. Genyen menm ki pa t gen chans gen yon kominote ayisyen kote yo t ap leve a, kidonk yo te oblije degaje yo ak sa yo resevwa de paran yo sèlman, ak tout limit oubyen fòskote ki vini avèk yo (nou konnen jan paran Ayisyen fò nan koute lòt son klòch yon istwa). Sa vle di ke yo te gen mwens sitwon pou yo pire nan eseye fè limonad pa yo a. Yo te gen mwens egzanp de tout sa yon Ayisyen ka ye e tout sa li ka sanble. Li nòmal pou idantite sa yo pa menm ak sa moun ki viv e leve Ayiti yo abitye wè. Men a tout yo diferan an, yo sanble nan jan ki pi enpòtan an, yo se idantite Ayisyen kèlkeswa valè tirè yo ka gen ladan yo. Se de idantite ki te oblije kreye pou reponn a yon bezwen fondamantal ki genyen lakay tout moun, ki se bezwen pou yo fè pati de yon gwoup. Epi tou, yo pa retire anyen nan sa ki egziste deja yo, okontrè se ajoute yo vin ajoute richès tankou ti mòso nan yon mozayik. Kilti se tankou konesans, lè w pataje l se grandi li grandi. 

Li enpòtan pou nou gen bon jan diskisyon sou enpak negatif sa ka genyen lè nou rezime tout kilti yon moun a de twa eleman senp tankou manje, mizik, oubyen imitasyon aksan yon manman ki a bout, men fòk nou fè atansyon pou nou pa tonbe nan lòt ekstrèm lan kote nou asosye idantite ak eksperyans ki fè yon moun Ayisyen ak valè mizè li pase. Doub sis ap toujou mouri nan men yon moun. Sa pou nou wè, se ke tout eleman sa a yo se efò ak tantativ moun k ap eseye konprann e rekonsilye tèt yo ak idantite yo. Lè yon moun deyò ap chèche kle pou l rantre, reyaksyon moun ki anndan an ta dwe pou ouvri pòt la ba li, se pa anyen w fè lè w di l se pa bon kle a sa. Pa gen pèsonn ki chwazi ki bò yo fèt ak ki jan yo leve, kitsaswa Ayiti oubyen nan peyi etranje. Relasyon yon popilasyon lokal ak yon dyaspora konn gen anpil tansyon ladan poutèt yon bann faktè tankou diferan reyalite chak gwoup dwe jere. Tansyon sa a yo konn pran fòm gwo dezagreman youn ak lòt, men kote yo soti vre se nan fristrasyon nou ak reyalite nou e reyalite peyi a. 

Mwen pa t ap janm pran pòz mwen gen solisyon an, e nou ta dwe sispèk nenpòt moun ki ta eseye fè sa. Men mwen panse ke nenpòt ki efò ki ap fèt pou jwenn yon solisyon ta dwe pase pa yon etap rekonsilyasyon. Nou soufri plizyè mal, genyen se moun ki fè nou, genyen se nou menm ki fè pwòp tèt nou. Sila se nou menm ki lakòz yo, nou gen yon responsablite pou nou pa pase yo bay jenerasyon k ap vini yo ki pa t mande erite pwoblèm nou. 

Wòl politik e sosyal yon dyaspora se yon bagay ki dwe defini ak opinyon e dizon tout moun ki konsène yo, egal ego. Nou ka chita bò tab la pou nou diskite, men fòk tout moun jwenn yon plas (menm si sa vle di fòk nou chita ak kouzen ki pa konn danse konpa yo, bagay yo pa fasil…). Konsa tout moun ap ka plenyen, eksprime fristrasyon yo, bay esplikasyon, epi fè edikasyon moun ki bezwen yo. Si nou pati de prensip ke yon moun ki pa gen move lentansyon ki santi ase lanmou, atachman, ak respè pou peyi a ak kilti a pou rele l chè mèt chè metrès, nou pa dwe refize l dwa sa a, nou ka fè nenpòt diskisyon e nou ka rive jwenn yon antant. Nou gen dwa pa dakò, men nou pa dwe kite youn lòt dòmi deyò. Esklizyon pa yon bon baz pou konstwi idantite yon kilti, sèl sa yo fè se fè moun fristre epi egri. Mete sou li, lè nou eseye fè sa se krache nou krache nan figi zansèt yo, sou aksyon yo te fè ki pèmèt nou gen yon peyi jodia, e sou drapo ble e wouj sa a e tout bagay li reprezante. 

Sikonstans lavi a fè ke se pa tout moun ki ka Ayisyen ann Ayiti, men nou ka toujou eseye Ayisyen nan jan nou aji, jan nou selebre, e jan nou reprezante valè ak lide sa a yo kèlkeswa kote nou ye sou ti bout tè sa a. Pandan yon gwoup moun t ap sibi pi gwo soufrans ak enjistis nan listwa limanite, yo te rann yo kont ke li t ap pi bon pou yo si yo rekonèt e aksepte tout jan yo sanble yo. Apre sa yo fè listwa. Lè n ap selebre listwa sa a, li enpòtan tou pou nou sonje yon ti leson byen senp: “Se kolonn ki bat”.

PS: yo, bagay serye, nou ka fè on ti poze ak gouyad yo? Danse konpa pa mande tout sa.

The post Se kolonn ki bat, se Zoe ki fè kolonn appeared first on Woy Magazine.

Nou vle viv! Lis kèk viktim ensekirite ki mouri nan peyi dAyiti

$
0
0

Fò m kanpe pou ou. Ou te egziste. Yo fè w mal, men m pap bliye w, frè m. M pap bliye w, sè m. Non w ekri yon kote, e fòk nou fè yon jan pou nou ba w jistis.

Jou ki te 24 jen 2020, Nancy Dorleans (25) et Sebastien Petit (20) pa antre lakay yo aprè yon espektak dans yo t ap fè nan Peyton vil. Aprè de jou tèt chaje otorite yo jwenn kò dansè yo  boule nan simityè Tabarre. Aprè dènye zak vyolans sa, jèn ayisien ki angaje pran lari medya sosyal ak beton pou yo mande kote jistis la. Doris Lapomeray ap pataje koman li viv sa, e ki jefò l ap fè pou li kontinye batay pou jèn Ayisien parey li: 

Jou yo jwenn kò dansè yo, nan yon raj m deside fòk nou fè yon lis pou nou mete yon kote nan peyi a tankou yon achiv ou byen moniman pou sa ki pèdi  la vi yo. Tisaksuk (@/tisaksuk ) te deja lanse yon apèl sou twitè pou nou fè yon lis konsa, se ak non sa yo mwen te komanse lis nou genyen jodia. Mwen fè lis moun ki mouri anba men bandi ann Ayiti paske mwen vle non moun sa yo ekri yon kote. Yo ka pa janm jwen jistis, men omwen nou ka konn non yo. Pou yo ka “egziste”, pou nou ka sonje yo. Nou vin antre nan yon bagay kote nou tèlman tande moun mouri, nou pa menm estomake ankò, oubyen nou estomake pou kèk segond epi sa fini. Nou pap janm chèche konnen ki non moun lan, ki laj li te genyen, ki metye li, kiyès ki te zanmi l ak fanmi l, kisa l te renmen, ki jan li te viv. 

Moun sou twitè kòmanse reponn, yo bay non moun yo konnen, non moun ki pwòch yo, zanmı yo, fanmi yo, epi mwen ajoute nan lis la. Aprè sa, mwen monte sou Google e mwen chèche “personnes tuées en Haïti”. Gen de seri de evènman ke m sonje, de lanmò ki te frape nou fò, mwen al cheche non yo. Pou masak yo, se RNDDH ak Fondasyon Je Klere ki pèmèt nou gen on seri de chif, e nou pa menm gen chans mete tout. Youn nan bagay ki fè m mal anpil lè map cheche non moun ki te mouri nan masak yo avèk fiziyad yo, se ke m pat ka jwenn non. Pa te gen non viktim yo nan repòtaj mwen te jwenn sou masak nan katye popilè yo. Yo annik di w ki kantite kadav yo jwenn. E nou ka sispèk kantite ki bay yo pa menm sa vre paske m sonje te  gon lè kochon te deja komanse manje moun yo. E pil moun ki disparèt nan katye sa yo lè bagay sa yo pete, eske yo mouri? Èske y al sere yon kote? Sa nou di pou moun sa yo?

An plis de lis la, manm gwoup Nou Pap Dòmi yo te òganize yon “Sit-in Pou lavi” devan Ministè la jists, pou lendi 29 jen, pou mande jistis pou lavi Sebastien avèk Nancy. Nou te anviwon 20 moun ki vini ak bandwòl pou nou kanpe mande jistis pou tout viktim. Gen yon premye patwouy lapolis ki bay lòd pou rasanbleman pa fèt devan ministè a. Yo annik fin di sa, epi yo kòmanse bay gaz. Lè m rive al jwenn moun ki kanpe devan ministè a, 2 minit pa pase yo tire 5 katouch gaz lakrimojen sou nou. Nou dispèse, nou fè on monte pi wo nan Bwa Vèna nou kanpe la epi nou eseye retounen. Gen yon ekip polisye ki parèt, yo rale youn nan bandwòl yo nan men nou epi tire yon katouch lakrimojen atè a. Moun pran gaz. Gen yon zo reken ki parèt gen 3 nèg ki dessann epi yo tire sou nou a wotè dòm. Gen kèk nan nou ki kouri antre nan ministè a, gen nan nou ki antre nan lakou yon magazen. Gen yon polisye ki di “pap gen sit in konsa kap fèt.” Nou deja konpran ke yo bay lòd pou tiye nou tout. Gen yon polisye ki tire atè. Ou konnen lè w tire atè, bal la vin remonte, li ka pran moun nan tèt ou byen nan kè. 

Men kisa ki te rive nou lè nou te all mande lajistis devan ministè a, men kisa peyi sa fè pou eseye fòse nou fè silans. Se pou sa n ap site viktim yo la ankò. E lè nou site non moun sa yo, n ap di yo ak menmwa yo : “Fò m kanpe pou ou. Ou te egziste. Yo fè w mal, men m pap bliye w, frè m. M pap bliye w, sè m. Non w ekri yon kote, e fòk nou fè yon jan pou nou ba w jistis.” 

1. Eugène Jean 

2. Isidor Hernot 

3. Cayo Bazelais 

4. Cassandre 

5. Mamoune Régi 

6. Réginald Paul 

7. Timoun òfelina yo: 

8. Nedjie Arismé 

9. Vanise Arismé 

10. Valande Médélus 

11. Roseline Louis 

12. Lovena Lubrice 

13. Solens Mitille 

14. Flovensky Louis Jean Baptiste 

15. Guerrier Alfedithe 

16. Berthony Justin 

17. Renel Désir 

18. Marvens St Félix 

19. Dieulouis St Vilus 

20. Ricardo Dorlus 

21. Christopher Laguerre 

22. Roberto Badio Thélusma 

23. David Douglas 

24. Lencie Mirville 

25. Farah Martine Lhérisson 

26. Lavoisier Lamothe 

27. Jean Laurent Deslances 

28. Damaël d’Haïti 

29. Vladjimir Legagneur 

30. Jean Yves Joseph 

31. Gaudy Salomon 

32. La fille de Gaudy Salomon 

33. Francisco Eliacin 

34. Fedler Dorce 

35. Fabrice Pierre 

36. Jean-Marie Edouard Elvécius 

37. Vladimir Fede 

38. Ganard Joseph (Ti Gana) 

39. Jhon 

40. Nancy Dorléans 

41. Sébastien Petit 

42. Yvon Messeroux 

43. Noël 

44. Jonathan Joseph 

45. Brice 

46. Jean-Yves Joseph 

47. Néhémie Joseph 

48. Alix Gaillard 

49. Jacques Dubois 

50. Réginald Paul 

51. Massilot Belton 

52. Rospide Pétion RSF 

53. Makendy Exumé [ ak plizyé lòt nan ri Gregoire Petyon-ville 21 oktòb 2019] 

54. Révérend Père Joseph Simoly 

55. Alain Dougé 

56. Lusima Wilbens 

57. Élie Jean-Moïse 

58. Espady Peterson 

59. Philippe Peter Heening 

60. Jérôme disparu 

61. Pierre Hérode 

62. Monique Jédeus 

63. Hancy Placide 

64. Harold 

65. ‘Skype’ 

66. Mathieu Desino 

67. Bension Benoyer 

68. Djouby Joseph 

69. Edouavil Dieudonné 

70. Josemano Victorieux dit [Badou] 

71. Maxon Pierre 

72. Stanley Noël [Gabo] 

73. Carole Jean 

74. Aniel Fortuné 

75. Fritzlande Joseph 

76. Guito Julien 

77. Anderson Francois Marigot 

78. Michèle André Destiné 

79. Carlos Joubert 

80. Romain Morency 

81. Philippe Jean alias [Pipo] 

82. Jimmy Forest 

83. Charles Tony 

84. Mackenson Pierre 

85. Gino Exilas 

86. Elène Désir 

87. Viral Belleville 

88. Gerleau Labossière 

89. Jameson Lormera 

90. Fleurmius Fleurius 

91. Lahens Eliacin 

92. Joubert Jouby 

93. Rodny Jean Julien 

94. Tiga Aristhène 

95. Gérard Antoine 

96. Stanley Aristhène 

97. Géralson Belance 

98. Abigaëlle Charlot 

99. Jude Charlot 

100. Ruben Cerisma 

101. Charlot Jeudi 

102. Judeline 

103. Blackson Exumé 

104. Daniel Dorsainvil 

105. Rivelson Saint-Georges 

106. Victimes de massacres du 13 novembre 2017 à GRAND RAVINE: 

– 7 PERSONNES ASSASSINÉES 

107. Victimes des massacres du 1er, 13 et 14 novembre 2018 à LASALIN: 

– 64 PERSONNES ASSASSINÉES 

– 2 PERSONNES PORTÉES DISPARUES 

– 14 PERSONNES BLÉSSÉES PAR BALLES 

– 7 FILLES VIOLÉES 

108. Victimes des massacres du 24, 25, 26 mai 2020 au 

PONT-ROUGE – CHANCERELLE – WHARF JEREMIE – FORT DIMANCHE – NAN TOKYO: 

– 34 PERSONNES ASSASSINÉES 

109. Victimes du massacre du 4, 5, 6 novembre 2020 au BEL-AIR: 

– 15 PERSONNES ASSASSINÉES 

– 6 PERSONNES BLESSÉES 

110. Victimes du massacre du 17 avril 2020 au BICENTENAIRE: 

– 25 PERSONNES ASSASSINÉES 

111. Victimes des massacres du 24 avril 2019 à CARREFOUR-FEUILLE: 

– 8 PERSONNES ASSASSINÉES 

– 12 PERSONNES BLESSÉES PAR BALLES 

112. Fusillade du 27 février 2020 à la RUE DES MIRACLES, PORT-AU-PRINCE: 

– 4 PERSONNES ASSASSINÉES 

113. Fusillade du 26 juin 2020 à GANTHIER: 

– 7 PERSONNES ASSASSINÉES 

PLUS DE 239 PERSONNES ASSASSINÉES 

The post Nou vle viv! Lis kèk viktim ensekirite ki mouri nan peyi dAyiti appeared first on Woy Magazine.

Jan Lafrans te tòde men Ayiti – pi gwo vòl nan listwa

$
0
0
Prezidan ayisyen Jean-Pierre Boyer ki ap resevwa dekrè Charles X ki rekonèt endepandans ayisyen an jou ki te 11 Jiyè, 1825. Bibliotheque Nationale de France

Aprè lanmò George Floyd vin gen revandikasyon pou koupe lajan depatman polis epi retire estati. Sijè restitisyon pou esklavaj la reparèt tèt li tou.

Anpil nan deba sou koze restitisyon gen pou wè ak si wi ou non Etazini ak Wayom Ini ta dwe peye kèk nan sitwayen yo pou domaj ekonomik ak sosyal esklavaj ki nan sosyete a jouk jounen jodi a.

Men pou mwen, bagay la pa ta ka pi klè ke nan ka Ayiti a.

Mwen se yon espesyalis nan zafè kolonizasyon ak esklavaj, e sa Lafrans te fè Ayiti aprè revolisyon an se youn nan pi gwo egzanp vòl kolonyal ki genyen. Lafrans te tabli esklavaj sou zile a nan 17èm syèk la, men nan fen 18èm syèk la, popilasyon esklav la te leve kanpe e deklare endepandans li. Malgre sa pou yon rezon ou yon lòt, nan 19èm syèk la, te gen yon refleksyon popilè ki te twouve ansyen kolon yo ta dwe jwenn dedomajman pou sa yo te pèdi, olye pou sa ta fèt nan lòt sans lan.

Menm jan eritaj esklavaj nan peyi Etazini vin kreye yon gwo diferans ekononik ant moun nwa ak moun blan, taks Lafrans te fòse Ayiti peye pou endepandans li – yo te rele sa “endemnite” a lepòk – vin lakòz gwo domaj ki anpeche peyi a boujonnen.

Pri endepandans

Ayiti ofisyèlman deklare endepandans li sot anba Lafrans an 1804. Nan mwa Oktòb 1806, peyi a vin divize an de, Aleksann Petyon pran tèt bout sid la e Anri Kristòf pran nò a pou li.

Malgre de chèf ki t ap gouvène peyi a te de jeneral ki te batay nan revolisyon an, Lafrans pa te fin retire je li sou nou, e yo te toujou gen rèv retounen vin konkeri ansyen koloni a.

An 1814 wa Louis XVIII, ki te fenk sot ede bay Napoléon koudeta nan ane ki te sot pase a, voye twa komisè ann Ayiti pou vin gade si chèf nou yo pa ta anvi rann tèt yo bay Lafrans. Kristòf ki te fenk deklare tèt li wa an 1811 te rete kanpe tennfas aprè yo bare plan Lafrans sa pou remete esklavaj nan peyi a. Youn nan pi gwo manm nan kabinè li yo, Bawon de Vastey, te menm rive deklare “Endepandans nou an n ap garanti l ak pwent bayonèt nou!”

Yon pòtrè Alexandre Pétion.
sous: Alfred Nemours Archive of Haitian History, University of Puerto Rico

Petyon li menm sou bò pa l te pare pou li negosye. Li te espere li ta ka ofri peye Lafrans pou Lafrans ka rekonèt endepandans peyi a.

An 1803, Napoléon te vann Lwizyàn bay Etazini pou 15 milyon fran. Petyon te kenbe chif sa a kòm modèl e li te pwopoze Lafrans peye menm valè kòb sa a. Men Louis XVIII ki pa t wè tèt li ki tapral chita negosye ak “esklav ki sove” refize òf la.

Petyon vin mouri sanzatann an 1818, men prezidan ki te vin aprè l la, Jan-Pyè Bwaye, vin kontinye negosyasyon yo. Men diskisyon yo pa te rive okenn kote poutèt Kristòf ki te kontinye kanpe an kwa. Gouvènman Kristòf la te deklare “Nenpòt endemmnite bay yon ansyen kolon” te yon ide “inadmisib.”

Yon fwa Kristòf vin mouri nan mwa Oktòb 1820, Bwaye vin rive reyini de mwatye peyi a. Men malgre obstak Kristòf la pa te la ankò, Bwaye te kontinye echwe nan negosyasyon li yo ak Lafrans pou yo rekonèt endepandans peyi a. Lide nan tèt Lafrans se te pou yo te o mwen fè Ayiti vin tounen yon eta asosye Lafrans – ki t ap fè Ayiti tounen yon pwotektora Lafrans – sa te fè Charles X, ki te vini aprè Louis XVIII, te refize chita pale ak de komisè Bwaye te voye Pari an 1824 pou negosye endemnite pou rekonesans endepandans lan.

Disèt Avril 1825, wa fransè a vin chanje lide yon sèl kou. Li fè soti yon dekrè ki deklare Lafrans t ap rekonèt endepandans Ayiti si Ayiti peye yo 150 milyon fran – oswa 10 fwa sa Etazini te peye pou Lwizyàn. Sòm lajan sa a se te pou peye ansyen kolon yo dedomajman pou tout lajan yo te pèdi aprè esklavaj.

Baron de Mackau, mesaje Charles X te voye pou fè deklarasyon an, debake ann Ayiti ak yon brigad 14 bato ki te gen sou yo plis pase 500 kanon. Si deklarasyon an ta jwenn refi, lagè t ap garanti. Se pa t diplomasi, se te yon zak tòde men.

Anba gwo menas sa yo, 11 Jiyè 1825, Bwaye siyen dokiman fatal la, ki te deklare “Abitan pati fransè zile Sendomeng lan gen pou peye an 5 tranch yon sòm 150, 000, 000 fran pou endemnize ansyen kolon yo.”

Lafrans bati pwosperite li sou do mizè Ayiti.

Atik jounal pandan epòk sa montre wa fransè a te konnen byen pwòp ke gouvènman Ayisyen an pa te gen mwayen peye kòb sa a, yo konnen montan total la te plis pase 10 fwa bidjè peyi a. Li ta menm sanble rès mond lan te dakò montan an te debòde. Yon jounalis britanik te menm fè remak ke “gwosè kantite lajan sa a, menm ann Ewòp pa gen anpil peyi ki t ap ka sipòte peye li.”

Yon kopi nòt labank pou prè 30 milyon fran Ayiti te prete nan men yon bank fransè. Lepelletier de Saint-Remy, ‘Étude Et Solution Nouvelle de la Question Haïtienne.’

Aprè Ayiti te oblije prete 30 milyon fran nan men bank nan peyi Lafrans pou fè de premye peman yo, pèsonn pa te sezi lè yo sispann peye yon ti tan aprè sa. Malgre sa, nouvo wa fransè a voye yon lòt ekspedisyon 12 bato an 1838 pou vin bay prezidan Ayisyen an presyon. An 1838 vin gen yon revizyon dèt la, ke yo bay non ipokrit “Traité d’Amitié”, vin bese kantite Ayiti dwe a a 60 milyon fran, men malgre sa gouvènman Ayisyen an te oblije pran ponya ankò pou yo te ka peye.

Malgre kolon yo te deklare kantite kòb yo te mande a t ap kouvri sèlman 1/12 nan pwopriyete yo te pèdi yo (moun o te fè tounen esklav fè pati nan pwopriyete sa), 90 milyon fran sa a te senk fwa bidjè Lafrans nan epòk sa.

Se pèp Ayisyen an ki te pote pi fò nan chay zak Lafrans la. Bwaye te vin pase yon seri taks tèt chaje pou peye ponya yo te oblije pran yo. Pandan Kristòf te kòmanse devlope yon sistèm lekòl nasyonal pandan rèy li an, mòd pwojè sa yo vin kaba anba Bwaye ak tout prezidan ki vini apre li yo. Mete sou sa, istoryen di dèt endepandans sa ak gwo pwa sa mete sou kès leta non sèlman vin fè peyi a pa gen ase lajan pou edikasyon nan 20èm syèk la, men li rann bati sistèm sante ak enfrastrikti enposib tou.

Kalkil ki fèt jodi a montre ke lè w konte tout enterè sou prè yo te fè pou peye dèt la, ke Ayiti fin peye jis nan lane 1947, Ayiti te fini pa peye plis pase de fwa sa kolon yo te mande. Thomas Piketty, yon ekonomis fransè, ki  te rekonèt gravite skandal sa a, admèt ke Lafrans ta dwe peye Ayiti o mwen 28 milya dola ameriken kòm restitisyon.

Yon dèt moral e materyèl

Tout ansyen prezidan fransè, soti nan Jacques Chirac, pase nan Nicolas Sarkozy, rive nan François Hollande gen yon move abitid pini, eskive oswa eseye diminye reklamasyon Ayiti fè yo. An Me 2015, lè prezidan François Hollande te vin 2èm chèf deta fransè ki mete pye Ayiti, li te deklare Lafrans te gen yon “dèt pou yo regle.”Apre sa lè li rann li kont pawòl li yo te vin pote jarèt bay yon plent legal ke avoka Ira Kurzban te depoze nan non pèp Ayisyen – ansyen prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide te mande yon restitisyon ofisyèl an 2002 – Hollande rale bak e li di ke dèt Lafrans lan se te yon senp dèt “moral“.

Si pou yon moun ta nye ke konsekans eslavaj yo te materyèl tou, moun sa a t ap nye listwa Lafrans menm. Se jis an 1848 Lafrans vin aboli eskalvaj nan rès koloni li yo, ki se Matinik, Gwadloup, Giyàn ak Reyinyon, e jis lajounen jodia yo se teritwa fransè toujou. Gouvènman fransè a montre aklè li konprann relasyon ant esklavaj ak ekonomi lè li vin mande yon restitisyon an lajan kontan pou ansyen “mèt” esklav yo.

Diferans rasyal ki gen nan richès sa vin bay la se pa yon metafò. Nan peyi Lafrans, 14.1% popilasyon an ap viv nan mizè. Lè nou gade Matinik ak Gwadloup, kote plis pase 80% popilasyon an se desandan Afriken, nou wè yon to mizè ki chita ant 38% ak 46%. To mizè ann Ayiti a li menm pi mal toujou a 59%. Pandan nou wè salè medyan chak ane yon fanmi fransè se $31, 112, pou fanmi Ayisyèn se $450.

Diferans sa a yo se konsekans fòs kouraj ak travay yo vòlè nan men anpil jenerasyon Afriken ansanm ak tout desandan yo. Endemnite Ayiti te peye Lafrans lan se te premye e sèl grenn fwa yon pèp ki te esklav te oblije peye moun ki te fè yo esklav yo, sa fè ke Ayiti ta dwe nan mitan nenpòt mouvman mondyal ki gen pou wè ak koze restitisyon.

Marlene Daut Pwofesè nan Etid Dyaspora Afriken, University of Virginia

This article is republished from The Conversation under a Creative Commons license. Read the original article.

The post Jan Lafrans te tòde men Ayiti – pi gwo vòl nan listwa appeared first on Woy Magazine.

Legliz ayisyen ak yon pi bon Ayiti

$
0
0

Kominote masimadi ann Ayiti a pa merite yon kominote evanjelik ki bèbè lè moun ap tiye yo, men ki pran lari lè gen mezi ki pran pou pwoteje lavi yo.

Semèn pase, yon santèn Pwotestan pran lari ann Ayiti pou manifeste kont yon nouvo Kòd Penal gouvènman Jovenel Moise la te pibliye mwa pase. Manifestasyon sa yo te vini pa twò lontan aprè Shekinah, yon legliz dyaspora nan Florida ki trè popilè, te pibliye yon petisyon pou denonse plizyè atik nan nouvo Kòd Penal sa.

Gouvènman Jovenel Moise la pa janm rate yon chans pou pwouve ke moun pa dwe fè yo konfyans. Se pou sa gen rezon pou moun kesyone tout zak yo pran. Paske gouvènman an pa te reyisi òganize eleksyon, pa gen palman nan moman an paske manda senatè ak depite yo ekspire anvan pèp la te gen chans vote ranplasman pou yo. Sa vle di, nan moman an, Jovenel gen pouvwa fè sa li vle pa dekrè san vòt yon palman pou bloke li. Se pa premye fwa nou wè sa rive nan peyi a.

Nan vèsyon orijanal li, petisyon an denonse chanjman ki gen pou wè avèk kèk sijè ki tabou tankou : laj konsantman, zafè fè bagay avèk bèt, epi ras kabrit. Men, anpil nan pasaj petisyon an sanble mal konprann kote Kòd Penal la penalize kèk bagay, petisyon an pran sa pou vle di la lwa legalize kèk konpòtman . Yon egzanp se Atik 305  Atik sa a penalize ras kabrit ant granparan ak pitit pitit, paran ak pitit, frè ak sè. Petisyon an mal di ke Kòd Penal la ranfòse bagay sa yo. Kèk jou pita, yo revize petisyon an pou korije kèk nan konfizyon sa yo. Kounya, nan ka Atik 305 lan, petisyon an di Kòd Penal la sipòte rapò seksyèl ant kouzen ak kouzin, tonton/matant ant nyès/neve (paske definisyon an pa te genyen kategori sa yo ladann).

Men se yon lòt sijè nèt ki te lakòz tout move san sa lakay moun legliz yo.

Petisyon Shekinah a denonse ak anpil fòs atik yo ki pwoteje moun kont zak mechanste sou baz oryantasyon seksyèl. Petisyon an, ki gen plis pase 120 mil siyati, di “nou denonse” atik sa yo :

  • Atik 208, ki agrave pinisyon pou yon krim oswa yon enfraksyon ki fèt sou yon moun pou tèt oryantasyon seksyèl li. Si avan, oswa pandan moun lan komèt zak sa, yo te di yon pawòl, oswa pataje yon imaj, oswa yon mesaj ekri, oswa pran aksyon ki sible viktim lan ak gwoup ke moun sa fè pati sou baz oryantasyon seksyèl. 
  • Atik 248, ki ogmante pinisyon pou yon moun ki tiye yon moun pou tèt idantite moun lan, tankou oryantasyon seksyèl, gwoup etnik, ras, relijyon, konviksyon politik, elatriye.
  • Atik 275, ki ogmante pinisyon pou vyolans ki tchake yon moun, oubyen ki lakòz yon andikap pèmanan ki komèt sou baz idantite moun lan, tankou oryantasyon seksyèl, gwoup etnik, ras, relijyon, konviksyon politik, elatriye.
  • Atik 362 defini ki kategori idantite, si yo sible yo ap konstitiye diskriminasyon, kounya enkli oryantasyon seksyèl, orijin moun lan, sèks li, aparans fizik li, laj, relijyon, ras, andikap, elatriye.
  • Atik 363 defini zak ki defini diskriminasyon tankou: refize bay moun sèvis poutèt idantite yo, refize anplwaye moun poutèt idantite yo, refize patisipasyon yo nan kontra piblik, epi monte kanpay medizan sou idantite sa yo.

Yo revize petisyon an sa gen de twa jou. Nan nouvo vèsyon an yo retire tout mansyon atik ki pwoteje kominote Masimadi a kont atak fizik. Mwen gen enpresyon gen yon moun ki konseye moun ki te ekri petisyon an ke li on ti jan lèd pou yo defann dwa yo pou yo atake oswa menm tiye moun sou baz oryantasyon seksyèl. Men moun sa te dwe pale yo tou ke entènèt la pa janm efase anyen. Si yon monte sou sit achiv Google, ou ka wè a klè vèsyon orijinal petisyon an ki di ke legliz la kanpe kont atik 208 lan. Men, petisyon an kontinye di ke Kòd Penal la vle fòse lidè relijye marye moun ki gen menm sèks.

Malgre sa petisyon an, manifestan yo, ak mesaj sou Whatsapp ensiste, pa gen anyen nan dekrè sa ki fòse pè ak pastè marye moun menm sèks. Jan sa sot esplike nan paragraf anlè a, atik 362 ak 363 penalize diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl, e se pa kategori moun sa yo li pwoteje selman. Ki jan pou sa ta vle di ke yo pral fòse pè ak pastè prezide yon seremoni ki pa menm legal nan peyi a? Fòk nou klè, entèpretasyon sansasyonalis sa ap sèvi sèlman pou ensite plis vyolans. Kisa ki rive lè yon enstitisyon ki gen valè pouvwa ak moun dèyè l tankou legliz Ayisyen, deside sible yon gwoup majinalize ki deja sibi anpil zak vyolans ak diskirminasyon? Eske se pa plis vyolans sou yo sa envite ? 

Gen anpil moun ki kritike ipokrizi legliz nan koze sa. Gen yon lis men longè pwoblèm peyi Dayiti ap sibi nan moman an ke legliz kontinye inyore. Goud Ayisyen an kontinye pèdi valè, sa vle di grangou ak lamizè ap pran pye. Prezidan Donald Trump rele peyi Dayiti yon “twou kaka.” Non Jovenel Moise ak prezidan ki te vini anvan li an site nan yon ankèt sou disparisyon lajan ki te sipoze depanse pou bati lopital, lekòl, ak estad–bagay ki te dwe amelyore lavi moun. Rapò resan pi gwo òganizasyon dwa moun nan peyi a revele gang ki kontinye simen laperèz sou moun nan katye popilè ak masak ak dife pandan dènye ane sa yo, se leta menm ki bay yo zam epi itilize yo pou ajènda politik yo. E nou paka bliye kidnaping ak vyolans ki kontinye pran lavi moun ak enpinite. Vyolans ki tiye moun tout laj, tout relijyon, menm yon ti bebe 8 mwa tonbe viktim sa pa gen lontan. Pouki rezon legliz pa te soti pou denonse sa ?  

Sa pa dwe fè moun sezi ke legliz pa te di way nan ka lanmò yon timoun inosan. Plen timoun ki sibi mal anndan legliz sa yo, pandan lidè kontinye echwe pwoteje yo. Abizè chita alèz nan wòl lidèchip, e pa gen moun ki denonse yo, epi majorite moun kontinye kite yo gide yo ak fanmi yo nan zafè espirityèl. Yo preche bay fanm pou yo rete marye ak nèg ki ap fè yo abi. Yo kondane jèn fanm ki tonbe ansent, pandan ke jèn gason ki ede kreye pitit la, menm kwik yo pa di dèyè do li. Moun rich ak pratik biznis sousèt zo ki manje moun ki vilnerab chita ak tèt yo byenwonan ban legliz sa yo. Epi ofisye leta ki abize pouvwa yo pou vòlè byen sitwayen chita nan mitan kongregasyon yo, e pa gen moun ki kanpe an fas yo. Kesyon an se –pouki rezon bouwo santi yo alèz lakay nou konsa ?

Lidè legliz renmen di yo pa pran pozisyon politik paske se syèl la ki vrè kay nou, men lè yo fè sa, se yon pozisyon yo pran menm. Lè ou pa di anyen anfas grangou pèp la, ki fòme kongregasyon an, se grangou ou nòmalize. Lè ou envite kandida monte sou chè legliz ou pou vin vann manti, epi pa fè anyen pou kenbe yo responsab, nou lejitimize mantò. E lè ou bati yon kominote kote moun ki tiye yon moun ki omoseksyèl poutèt seksyalite li, ou vin andose asasina.

Lè m te timoun, manman m te eksplike m poukisa li Pwotestan. Li te di m ke yon Pwotestan se yon kretyen ki vle grandi e evolye. Ke yon pwotestan vle di konprann ke Bondye pa sispann pale jis jodi a. Li te aprann mwen ke yon Pwotestan vle di ou vle etidye bib la pou tèt ou, e pa sèlman kite yo entèprete l pou ou. Ke legliz Pwotestan se yon legliz ki te fèt pou l konsyan de li menm e de mond lan. Li se yon legliz ki te fonde aprè yon zak rebelyon relijye ak politik paske legliz Katolik a lepòk pa t ap aji an favè tout moun. 

Teyolojyen alman ki rele Martin Luther te kloure95 atik sou miray leglize chato Wittenberg la an Almay, pou li denonse politisyen visye. Aprè Dekrè Speyer a kondane sa Martin Luther akize yo, yon gwoup prens ekri yon lèt pou yo manifeste dekrè a, se la nou jwenn non Pwotestan an. Protest se rasin mo “Pwotestan. Yon moun ki dispoze pou gade reyalite mond lan ak legliz, epi denonse sa ki pa bon. Enben poukisa legliz jounen jodi a oblije reyizen l vini yon legliz ki bliye misyon sa? E pou nou menm ki nan laj mwen, poukisa nou reziyen nou pou fè menm wout ak granmoun yo ak menm vye kwayans ak pratik tèt anba sa yo, men kounya n ap pouse yo ak teknoloji ki pi avanse?

Kominote masimadi a merite plis. Yo pa merite nou trete yo tankou etranje ki soti nan yon lòt mond ki vin anvayi peyi a. “Moun sa yo.” Tankou se moun deyò k ap frape nan baryè kominote a pou mande nou kite yo antre. Kominote masimadi a se kominote nou li ye. Se pa yon lòt kote yo sòti, se pa voye yo voye yo. Fòk nou wè yo. Se moun nou te al legliz avè yo, nou te sou menm ban lekol, ti-sè patnè ex-menaj ou a, kouzen ak kouzin ou, pitit ou. Ki sa ki rive ki fè nou sispann kwè moun sa yo fè pati kominote nou kote yo leve ansanm avèk nou, e se nou ki leve yo. E kisa ki rive w ou menm ki fè w alèz pou w gade yo k ap soufri.

Kominote masimadi ann Ayiti a pa merite yon kominote evanjelik ki bèbè lè moun ap tiye yo, men ki pran lari lè gen mezi ki pran pou pwoteje lavi yo. Tout Ayisien merite yon kominote evanjelik ki leve kanpe pou mande jistis pou tout pitit gran mèt yo sèvi a, men sa yo jwenn pito se yon gwoup moun ki pi konsène ak sa adilt ki konsanti ap fè ak ti pati yo.

Mwen se yon moun ki remen imajine yon pi bon mond, epi goumen ak tout fòs mwen pou m fè rèv sa vin reyalite. M ap goumen pou yon avni kote m pa gen pou m ekri yon atik konsa. Oubyen pou o mwen, m pa oblije pase yon semenn trakase paske m oblije tape mo sa yo. Yon mond kote nou pa femen je nou lè moun ap fè lòt mal. Yon mond kote dirijan yo se vwa laverite ak rezon, kote sa ki pi vilnerab yo pwoteje. M ap envite w vini avè m, poze tèt ou kesyon sa: ki Ayiti ou vle? Nan ki Ayiti ou menm ak moun ou renmen yo ka byen viv? Nan ki Ayiti vwazen w yo ka an sekirite, ka manje? Nan ki Ayiti grangou ak vyolans p ap drive tou patou? Nan ki Ayiti ou ka travay epi bati pou w wè bon rekòt sa w plante. Femen je w, imanjine li, santi tèt ou k ap mache ladan l. Kounyea ouvè je w, èske legliz ou genyen an la jodia, jan l ap aji a, èske se li ki nan Ayiti ou reve a.   

The post Legliz ayisyen ak yon pi bon Ayiti appeared first on Woy Magazine.

Fo Pwomès Endistri Touristik la nan Peyi Dayiti

$
0
0

Sa ki devaforize toujou ret defavorize kèlkeswa volim lajan otèl ak restoran rantre chak ane.

Frajilite ak aspè krizokal pwomès politisyen ayisyen fè sou dosye devlopman touristik la, souvan detektab depi sou podyòm kanpay elektoral yo rive jouk sou chantye kote pwojè sa yo anbandone. Chak fwa yon prezidan monte, nou gen tandans swete rèv pou endistri sa a, se kandida pa nou an ki posede plan ki miyò pou wè inisyativ la jouk nan fen li. Men anpil nan pwojè sa yo abandone kou eleksyon fini.

Maladi kowona viris lan ka sèvi kòm on gwo egzanp sou vinerabilite yon ekonomi touristik enpoze sou popilasyon yon peyi. Rediksyon vwayaj pa sèlman frape ekip travayè ak travayèz ayopò yo, yon peyi ki depann de trafik vwayajè ak konsomasyon vizitè sou teritwal pou l manje, viv yon degradasyon labourèz pasifik. Se tout ekonomi an ki pran baf. Si gouvènman yon peyi pa mete okenn plan an plas pou kontinye peye anplwaye ki nan chomaj, kòm rezilta definitiv n ap wè on ogmantasyon nan grangou ak lamizè, plis ensekirite e plis biznis lokal ap oblije fèmen.   

Abondans koripsyon nan peyi a te deja aprann nou ke se mèt kò ki veye kò, men kriz sante mondyal sa ekspoze enkonpetans sistèm kapitalis lan pou l sipòte yon pèp  nan bezwen bazik li lè l paka pran lari–bezwen tankou sante, manje, sipò finansye. Ou vit reyalize ke fonksyone nan yon sistèm ki pa ofri w yon fraksyon de swè ak san ke ou menm kò w ap ba li mete w nan faz pou w kesyone relasyon lòm ak pwodiksyon san rete. Yon sistèm ki pa t janm la pou ou, menm anvan maladi Covid-19 lan, yon sistèm ki baze sou kenbe youn nan depandans pou anrichi yon lòt, pa bezwen refòmasyon. Si tout fwa byenèt peyi a nan enterè nou, meyè solisyon an se kraze l plat.

 Devlopman Endistri touristik lan pa yon konsèp nouvo pou Ayiti. Nou te la deja. Wi se vre ke yon gwoup travayè fè kòb lè anpil moun antre vin fè vakans nan peyi an, men kwasans finansye sa a pa elimine degre gouvènman an neglije lopital, lekòl, pwodiksyon nasyonal, pwoteksyon anviwonmantal. Pwofi ki jenere nan sektè touristik lan pa sikile nan ekonomi lokal peyi an, gouvènman an pa envesti lajan sa a nan pèp la, lajan sa yo pi vit ale jwenn antreprenè etranje ki te envesti ladann. Se rezon sa ki fè nan plizyè destinasyon touristik , moun ki pòv pa janm wè yon evolisyon nan kondisyon lavi pa yo. Sa ki devaforize toujou ret defavorize kèlkeswa volim lajan otèl ak restoran rantre chak ane.

An nou pa bliye tou ke agrandisman pwojè touristik anpil fwa fèt nan envazyon gouvenman an fè sou tè kominote an k ap viv, plante, manje ak vann ladann nan. Nan pwojè restorasyon aktivite touristik nan Île a Vache, plizyè fòm enjistis sa yo te prezante ak fòs ame, arestasyon ilegal , ak yon mepri odasye anvè kri konsène abitan yo. A plizyè repriz nou wè ak pwòp je pa nou, abitan zile an k ap plenyen pou sakrifis fòse yo te fè anba entimidasyon pou chantye konstriksyon te ka ouvè sou espas prive yo. Leta pa t negosye sou okenn baz mwayen pou yo soutni bezwen bazik moun sa yo te genyen, ni yo pa t konsidere soulaje vant grangou fanmi nan zòn nan pandan yo t ap pase traktè sou jaden yo pou fè plas a lwazi touristik.  

Li ijan pou nou prete atansyon tou ak efè pwojè sila yo genyen sou anviwonman peyi a, spesifikman sou kantite debwazman sa mande lè y ap bati chenn otèl, ak plaj. Dechè toksik bato vwayaj sa yo lage nan lanmè an chak fwa yo debake lakòz yon gwo enteripsyon sou sante maritim pa selman ann Ayiti, men nan Karayib la an jeneral.  Benyen nan lanmè pa pwoblèm nan, men lè yon peyi fè aktivite sa a tounen yon biznis pou l kapitalize, nan moman eksè rapòte plis pwofi limanite ak lanati antrave. Prezans anpil moun k ap bwè, k ap manje, k ap jete tout sa yo fin sèvi pote plis dechè nan dlo a. Bato k ap debake yo, k ap lage dechay pa yo tou chak lè yo rive koupab nan touye popilasyon koray nou yo, yon eleman esansyèl anba dlo a . Se li ki sipò lavi nan lanmè a, li se yon kouch pwotektris sou wòch yo, san li wòch yo ap erode, wòch yo  ki se repozwa ze pwason, ak  sous alimantè bèt yo tankou alg. Ak envazyon touristik lan, prezans koray lan menase, e si sa ta rive li disparèt konplètman, tout eskòt  lavi anba lanmè a ap disparèt ansanm ak li. Eskpè syantifik prevwa ke pi bonè sa ka fèt se an 2048. 

Nan tout kriz ekonomik Ayiti sibi nan istwa li, jodi a san yon kase koub drastik nan estrikti sistematik nou yo, falèz la ap tonbe ak tout moun ki kanpe sou li, kelkeswa klas yo okipe nan sosyete a. Pay kann lan paka sikre lèt ankò, e nou bezwen jis onèt ak tèt nou nan reyalize ke a vitès tout enstitisyon fin degringole, pami yo, sante, edikasyon, sekirite piblik. Nou paka mize nan pozisyon santralis. Nou bezwen konsidere ang ki pi radikal yo pou diminye mizè tchak sa a k ap wonje nou depi kèk deseni. Lè a rive pou nou panse pi lwen ke sa nou konnen, de mòd de vi sa a ki divòse  peyi dayiti ak otonomi pwòp teritwa li, ki konvenk nou ke ti peyi tankou Ayiti la pou sèvi kòm echèl pou soutni lwazi ak kwasans ekonomik peyi yo klasifye antan ke “gran pisans” yo , ke yon envestisman tan ak lajan nan devlopman touristik gen potansyèl pou li ofri yon souf ekonomik.

Se vre ke enfrastikti ak devlopman ekonomik enpotan nan yon peyi, men li nan enterè nou pou nou asire ke endistri n ap envesti ladan yo a, se pa nou menm anko ki pral soufri aprè. Fòk nou asire ke malè anviwonmantal ki pandye sou zile an, se pa anbisyon nou ak konplisite nou nan sistèm kapitalis lan ki pral lakòz kòd la koupe sou tèt jenerasyon kap vini yo.

The post Fo Pwomès Endistri Touristik la nan Peyi Dayiti appeared first on Woy Magazine.


Similarite Twoublan ant Prezidan Trump ak Moise

$
0
0

Nou ap fè fas a 2 administrasyon ki ap konpòte yo menm jan: yo ap fè ti komik nan vle demokrasi pandan y ap travay san kanpe pou defèt li. 

Mwen kòmanse agase ak jan yo vle gouvène limanite ak fòs epi koripsyon, komsi limanite se yon ekip koken ak enbesil.”

Plis pase de san (200) lanne, filozòf Thomas Paine ki se yon teyorisyen politik ekri mo sa yo pou eksprime fristrasyon li lè yon kòlèg li t ap eseye krache sou enpòtans revolisyon. Petèt se ledikasyon Jezuit mwen te resevwa, oswa se paske mwen on ti jan dramatik ki fè nan jou yo la, mwen kòmanse rejwenn tèt mwen nan jan li te bouke a. 

2020 pa sanble okenn lanne nou viv deja ditou, e sezon ete a sèlman montre nou a klè ki jan tiranik pouvwa dezespere pou yo rete chita la sou pouvwa sitou ann Ayiti ak Ozetazini. 

Semenn sa a, Sekretè deta Nasyonzini an ki rele Mike Pompeo pale ak Prezidan Jovenel Moise sou dosye frajil ki se eleksyon lejislatif nan peyi DAyiti, nan mitan yon koulwa pandan envestiti prezidan Repiblik Dominiken an Luis Abinader. 

Gen anpil moun ki pran lokal yo fè reyinyon sila a tankou yon bèk yo ba nou, paske li montre Ayiti te “yon dènye lide ki pase nan tèt” gouvènman ameriken an. Men mwen rete kwè nou dwe pran sa ki rive a pou sa li ye a, yon simagri demokrasi nan figi militan Ayisyen ki pandan lontan ap kritike Jovenel Moise poutèt li te deside gouvène pa dekrè apre li fin echwe nan renouvle  palman an. Epi se vreman yon move blag pou se Pompeo ki ap bay tèt li pwoblèm paske li vreman “enpòtan” pou Ayiti fè eleksyon, pandan administrasyon li reprezante a te pibliye 40 dekrè ane sa a sèlman epi ap travay san kanpe pou redui to patisipasyon nan eleksyon Etazini yo nan mwa novanm ane sila a. 

Nou ap fè fas a 2 administrasyon ki ap konpòte yo menm jan: yo ap fè ti komik nan vle demokrasi pandan y ap travay san kanpe pou defèt li. 

Depi lè Donald Trump vin prezidan an, moun ki etidye politik, entèlektyèl ak istoryen yo enterese e an menm tan pè ki jan tandans gwo ponyèt Donald Trump yo pral enspire lòt chef deta, sitou sa ki nan peyi ki ap devlope yo sou chimen demokrasi. Yon semèn aprè Trump fin genyen an 2016, jounalis Jason Burke ak Ruth McClean ekri: “Viktwa Trump la pral bay dirijan afriken ki plis otokratik yo libète pou yo chanje konstitisyon yo pou yo ka kenbe pouvwa, asele opozan yo, fèmen òganizasyon medya, yo oubyen nan sèten ka jis pou yo ka fè lajan.”

San nou pa bay manti, li vreman pa biza pou nasyon nwa yo fè eksperyans sila yo. Nan mwa novanm 2017, nan yon atik pou The Guardian, Chigozie Obioma ekri:”Nasyon Afriken yo gen yon depandans total sou sa ki gen pou wè ak filozofi  ak lide politik etranje yo, men tou chanjman epi mouvman yo. Se pozisyon ki pi fèb yon leta ka jwenn tèt li, paske se yon pozisyon restavèk kwonik. Sa ki vle di tou, tout sa ki nòmal nan peyi lwès yo, peyi tankou Ouganda oubyen Togo ap adopte yo.” 

Santiman sa a se li nou ap viv ann Ayiti ak gouvènman ki sou pouvwa kounye a. 

Depi yo nonme yo sou pouvwa a, ni Trump ni Moise ap dirije menm jan an, nan montre yon mank respè pou leta de dwa, pandan yo rete bouch be sou zak vyolans, e yo pa manifeste okenn anvi pratike yon lidèchip responsab. Petèt Moise, ki benefisye lèd Etazini, ap enspire li de Trump epi repwodui menm konpòtman destriktè entimidatè ameriken an genyen anndan pwòp teritwa li.  

Nan mwa me ak jen, tout 50 eta Etazini yo te leve kanpe pou manifeste apre polis Minneapolis tiye George Floyd. Ameriken ki ap fè fas ak inegalite ekonomik ak rasyal, nan tout rakwen sòti pran lari a pou mande chanjman. Kisa Trump te reponn? Yon apèl pou lalwa ak lòd sa ki ankouraje ajan lokal yo ak federal yo atake manifestan yo ak bal an bwa an kawotchou, ak kout pwen, ak matrak epi gaz lakrimojèn.  

Menm sèn lan te pwodui ann Ayiti pandan menm moman an. Ak gang ki ap ogmante, ensekirite ekonomik ak mank transparans gouvènman an plas la, gen yon kòlè ak yon lapèrèz ki anvayi popilasyon an, sa ki vin fè plizyè aktivis pran lari pou mande chanjman devan ministè Jistis la. Menm jan ak Ozetazini, polis atake aktivis yo ak gaz ak lòt taktik pou entimide yo. 

E sa poko fini. 

Si nou tounen nan dosye eleksyon ak transfè pasifik pouvwa yo, ni Moise ni Trump fè konnen yo ta pito jwe wòl gwo diktatè olye yo prezidan demokratik. An jiyè 2020 nan yon entèvyou ak Chris Wallace sou Fox News, Trump refize fè okenn kòmantè sou si li pral dakò ak rezilta pwochen eleksyon pou Mezon Blanch lan. Li reponn  san li pa bat yon plim je l: “Non, mwen p ap di wi. Mwen p ap di non, e mwen pa te fè sa non plis dènye fwa a.”

Menm semen sa a, Moise lage pinga pa li. Nan yon evènman ki te fèt pou yon dyalòg kominotè, prezidan ayisyen an anonse okenn moun paka retire pouvwa a nan men li ak pati politik li. Li pran yon pa davans sou Trump lè li di byen serye, okenn moun nan peyi a pa gen otorite pase li. 

Sou papye, Ayiti pa ta dwe chita nan menm bato ak Etazini tankou de bon patnè, ki ap navige sou rivaj sistèm peze souse. Kòm de (2) pi ansyen repiblik emisfè oksidantal la, de (2) nasyon  yo reprezante  2 ideyoloji totalman diferan: youn reprezante sipremasi blan an  ak konkèt vyolan, epi lòt la ilistre posibilite ak lespwa pou leberasyon moun Nwa. Men kounye a, yo rejwenn tèt yo pou tout move rezon yo. Dirijan yo sanble detèmine pou yo detire kò yo san yo pa epanye okenn moun sou wout yo. Mwen sipoze, ak yon prezidan ameriken ki tèlman detèmine pou li pwoteje ak fè pwomosyon pouvwa ekekitif la, rasism, omofobi, milis sitwayen elt., nou paka sezi si yon lòt nèg ki pran pòz gwo ponyèt pwofite moman istorik sa a pou li fè menm bagay la. 

Viv moman nou pa janm viv sa yo, fè nou santi bèt ki bay sipremasi blan, patriyaka, ak pil lòt peche, resi ap trepase epi l ap eseye rale tout moun li kapab ak li nan dènye moman sa yo. 

Pou nou di li pi senp, jan nou kontinye reponn a 2 fawouchè sa yo ap detèmine mòd vi ak avni nasyon nou yo, ak nan ki bato yo ap ye nan jenerasyon ki ap vini yo.  Aktivis ayisyen ak ameriken ap montre mond lan kisa sa vle di lè ou kwè nan kreyasyon yon nouvo mond, menm jan zansèt nou yo te fè sa gen plizyè santèn lanne. Aktivis yo pa sèlman imajine yon nouvo mond, men tou, y ap travay pou mete nouvo mond sa sou pye nan moman prezan an pandan y ap fini ak lide tann chanjman nan yon avni nou paka wè. Se devwa nou pou nou kanpe ak yo, pou nou sipòte yo, motive yo, rejwenn yo nan konba a epi jwenn yon jan pou nou sansibilize lòt pou nou ka pi plis. 

Pandan mwen pa konn kijan sa ap fini, mwen ap prete vwa larezon Thomas Paine yon lòt fwa ankò pou mwen ekri youn nan fraz li yo: “ Gouvènman [dwe] gen pou objektif kè kontan jeneral. Lè ou pa fè sa, sitiyasyon an kreye epi ogmante mizè nan tout pati sosyete a, se yon move sistèm, e chanjman vin nesesè.” 

The post Similarite Twoublan ant Prezidan Trump ak Moise appeared first on Woy Magazine.

PHTK, G9, Kò Gwoup ak Vyolans nan Katye Bèlè

$
0
0


Timoun mwen yo wè twòp san koule

Roselaine Pierre Gregoire, 49 lane, pèdi kay li kote li abite depi plis pase 20 lane aprè gang ame G9 ak alye ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier atake katye Bèlè. Roselaine kontan paske li sove 2 pitit li yo, yon ti fi ak yon ti gason. “Se anba bal nou kouri sove, se Bondye ki fè nou vivan. Plizyè moun ki la ak nou nan kan an pèdi fanmi yo. Mwen pa kwè m ap kapab janm bliye jou sa. Timoun mwen yo wè twòp san koule.”

31 Dawout nan aprè midi gwoup gang G9 atake katye Bèlè. Plizyè moun mouri, anpil kay boule e plizyè santèn fanmi kouri kite lakay yo. Se pa premye fwa Jimmy Cherizier alyas Barbecue komèt zak terè sou popilasyon sivil Ayiti. Jimmy Cherizier, ki se yon ansyen polisye, gen akizasyon sou li kòm responsab plizyè masak, espesyalman nan Lasalin ak Gran Ravin ki koute lavi plizyè dizèn moun.  Jimmy Cherizier, ki gen avi rechèch lapolis dèyè li, te plis fonksyone nan kache pandan manda ansyen chèf lapolis lan Michael Gédéon, sa ki chanje depi kèk tan. Jimmy Cherizier patisipe nan distribisyon manje ansanm ak lapolis nan katye kote li viv nan Delma 6 nan kòmansman pandemi an. 

Nan yon entèvansyon eksplosif sou radyo Magik9, nan konmansman mwa Septanm lan, youn nan manm ki pi enfliyan nan komisyon pou dezameman Prezidan Jovenel Moise kreye an, Jean Rebel Dorcénat, di se li menm ki te sigjere pou plizyè gwoup gang mete ansanm pou fòme federasyon gang G9 lan. Yon deklarasyon li t ap pral klarifye kèk jou aprè pou di se pa li menm ki fòme G9 lan, men pito li te sigjere sa pou fasilite travay komisyon dezameman an.

Olrich Jean Pierre, yon aktivis ki ap batay kont koripsyon, pataje jan li konprann sitiyasyon an: “Okenn moun pa dwe sezi remonte vyolans lan nan dènye mwa sa yo. Nou abitye ak taktik PHTK yo. Depi pral gen mobilizasyon, vyolans lan toujou remonte. Jodi a li pi grav paske gouvènman an itilize federasyon gang yo pou kreye panik e pou evite mobilizasyon. Tout remonte vyolans sa yo se paske pouvwa a pa vle gen manifestasyon aprè piblikasyon dènye rapò Petro Karibe an ki montre a klè jan anpil gwo zotobre nan PHTK gagote lajan an. Se pou sa gwoup gang yo ap atake katye popilè kote ki toujou gen mibilizasyon yo.”  

Nan yon abri pwovizwa nan katye Solino, kèk timoun ap jwe

Plis pase 500 moun ap viv sou teren foutbòl Teren Pè Espiriten nan katye Solino kote yo pran refij yo anba tant ak prela. Anpil ladan yo pèdi tout sa yo te genyen nan dife ki te mete nan zòn lan.

“Mwen pèdi kay mwen ki se tout sa mwen te genyen. Jodi a se moun k ap ede m jwenn manje, rad pou m pase jou yo. Mwen pa gen mo pou eksplike kijan m santi m fache. Mwen ap viv nan Ri Maya depi 1985, sa fè dezyèm fwa mwen kouri kite kay mwen. Premye fwa a li te andomaje nan tranbleman de tè 12 janvye an, jodi a se gang ki ap simen terè. N ap mande jistis ak reparasyon paske nou pap kapab kontinye konsa nan mitan yon pandemi.” Phalange Alexis, youn nan viktim ki rete nan abri pwovizwa Teren Pè Espiriten nan Solino.

Nan yon entèvansyon nan Palè Nasyonal prezidan Jovenel Moise voye jete akizasyon ki ta fè kwè li ak gouvènman li an kontwole gang yo. “Mwen ki sòti Twou Di Nò ki te Podepè ap travay, se mwen ki gen tout bandi nan Pòtoprens? Sa vle di, pil zanmi sa yo se mwen ki vin genyen yo nan Pòtoprens tout suit konsa? Mwen ki konn jwe ti foutbòl mwen nan vil Pòdepè?…E mwen menm mwen di sa, se Ayisyen yo ye. Se pa yon pwoblèm. Tout moun mèt ban mwen yo kòm zanmi. E se pou sa mwen mete CNDDR la, e wòl CNDDR se pou li al pale ak tout moun … Jodi a, leta se li ki gen monopòl de la vyolans. Vyolans pa gen dwa nan men pèsòn. Sa vle di, lapolis, se li ki gen pou jwe wòl sa. Lajistis, se yo ki gen pou jwe wòl sa, e lame Dayiti ki an jestasyon an…”

Ayiti toujou anba menas Covid-19 lan ki kontinye fè gwo dega nan mond lan. Se vre, jiskaprezan pandemi an pa fè otan dega yo te predi pou Ayiti, men pandemi an poko fini. Ayiti toujou ap anrejistre yo karantèn ka an mwayèn chak jou, e plis moun kontinye ap mouri. 

Malgre zak vyolans òganize yo kontinye ap fèt sou popilasyon sivil lan, gwo òganizasyon entènasyonal tankou Amnesty International, Human Right Watch, ak Konsil Dwa Moun pou Nasyonzini yo pa kondane zak sa yo. Yon atitid ki depaman ak misyon yo. Jiska prezan, Prezidan Jovenel Moise jwi sipò Kò Gwoup, ki se rasanbleman peyi tankou Etazini, Lafrans, Inyon Ewopeyen ak BINUH. Kò Gwoup kontinye sipòte gouvèman malgre tout akizasyon krim, koripsyon kontinye nan tout enpinite, e Kò Gwoup piblikman ap sipòte plan Jovenel Moise genyen pou chanje konstitisyon an e òganize eleksyon.

Pierre Esperance, Direktè egzekitif RNDDH, youn nan pi gwo òganizasyon dwa moun nan peyi a ki te pibliye yon rapò sou aktivite gang pou zafè politik sa gen kèk mwa, ofri kèk remak sou sitiyasyon an:

“Mwen konsidere Jean Rebel Dorcenat kòm yon alye gwoup gang G9 lan, deklarasyon Dorcenat ki bat bravo pou federasyon gang yo pa nouvo. Se depi nan mwa Jen l ap mache nan tout radyo pou di menm bagay lan. Sa ki pi grav kominote entènasyonal lan kontinye sipòte yon pouvwa ki mare sosis li ak gang e ki fè 9 masak nan peyi a. Mwen pa janm wè yon bagay konsa depi aprè depa Jean Claude Duvalier.” 

The post PHTK, G9, Kò Gwoup ak Vyolans nan Katye Bèlè appeared first on Woy Magazine.

Evelyne Sincère se nou, se Ayiti

$
0
0

Moun ki touye Evelyne Sincère yo te konsyan ke yo te ka touye li nan tout enpinite san okenn konsekans.

Mwen premye wè Evelyne nan twa etap—tout lavi li rezime ak twa imaj. Nan premye foto a nou wè figi ak yon souri briyan, ak yon flè ble syèl nan cheve li. Evelyne sanble te ka nenpòt nan nou, lè nou te jèn, ki ap souri devan kamera a ak kè kontan e ki paka tann pou nou wè kijan foto a sòti sou ekran an. Dèyè do li, sou yon mi, sanble te gen yon kou jewometri. Eske foto a te fèt nan lekòl li? Kisa ki te ap fè li ri konsa ?

Nan dezyèm foto a, Evelyne prèske pa sanble menm jèn fi a, sof ti très de dwèt li te gen nan tèt li yo. Men li yo mare avèk menm twal flamenngo yo itilize pou mete yon baboukèt nan bouch li. Je li kouvri ak yon moso twal mòv. Sa a se foto pandan kidnapin la yo te voye bay sè li, ak demand kantite lajan yo dwe bay pou yo ka lage li. Si ou eseye panse a sa ki te dwe ap pase nan tèt li nan moman sa a, se rache kè. Sa k konnen ki kantite mechanste yo do te gentan fè li pase.

Nou aprann byen vit kisa li andire nan twazyèm foto a, foto nou pa te dwe janm gen dwa wè a, men lè li tonbe anba je w ou paka wete je w sou li. Foto a se foto kadav li ki kouche sou yon pil fatra bò lari a, ak sèlman yon soutyen. Tèt li te toujou penyen ak ti très de dwèt yo. Mwen ki se manman de pitit fi ki yon ti kras pi jèn pase Evelyne, mwenn konnen pasyans sa mande pou penyen pitit ou konsa. E mwen konnen chak moman konsa se yon zak lanmou.

Sè Evelyne lan, Enette Sincère, pale pou nou tout nan rèl li yo ak dlo nan je li. Enette oblije viv yon eksperyans nou pa ka imajine devan tout moun ki te bò kote li yo. Li dekri negosyasyon li yo ak kidnapè yo ak jan li te sipliye yo pou yo kite ti sè li an vi. Li menm bay nimewo telefòn kidnapè yo te itilize pou negosye avèk li. Yo te mande 100 000 dola ameriken pou kòmanse, e aprè negosasyasyon, yo vin rive mande 15 000 goud. Enette ta pral peye kòb la lè li aprann lanmò sè li, Evelyne.

Pandan Enette Sincère ap pale a, de tanzantan, li vire pou pale ak kò ti sè li, aprè sa tounen pou pale ak nou ki ap gade videyo a. Li rele sè li prensès mwen, cheri mwen, ma beauté, tout sa pandan li ap reponn kesyon jounalis yo. Ak tout vag chagren li an ki fè m sonje doulè akouchman, gen de fwa tankou s on mirak, Enette kanpe djanm. Epi kèk fwa tou, vag chagren an frape li ankò, e nan moman sa yo li te vle pran foto epi manyen ti cheri doudou li an, Evelyne.

Evelyne Sincère te gen 22 lanne e li te fenk desann filo nan Lise Jacques Roumain. Li pa t ko menm jwenn rezilta egzamen li, sè li te vle nou klè sou sa. Manman yo te mouri nan goudougoudou 2010 la, e Enette sanble kalite sè ki te bon zanmi ti sè li tou.

Lè jounalis yo mande Enette Sincère ki jan li santi li lè li wè kò sè li, li di : «  Se paske li ap viv Ayiti. Se paske li ap viv Ayiti. Si l pa t ap viv Ayiti mezanmi, èske li t ap sou yon pil fatra ? »

Sa ta dwe fè otorite ayisyen yo gen yon lawonte jouk tan gen tan. Sot nan Prezidan Jovenel Moise, pase pran premye minis lan Joseph Jouthe, pase pran minis jistis ak sekirite piblik la Rockefeller Vincent, ak tout direktè jeneral polis nasyonal ayisyen an Normil Rameau, yo tout ki ap fè menm deklarasyon ak kominike pou laprès yo san pran responsabilite vyòl aprè vyòl, lanmò aprè lanmò, kidnapin aprè kidnapin, asasina aprè asasina, epi masak aprè masak.

Prezidan an te bay yon repons tyèd a pati yon tweet ki fè li pase tankou yon senp espektatè.

“Antan yon papa pitit, mwen vrèman choke pa kidnapin epi asasina jèn elèv Evelyne Sincère la. Nou paka aksepte zak sanginè sa yo. Otorite lapolis ak jidisyè yo gen yon sèl chwa : mete bandi yo kote pou yo pa nwi moun.”

Eske li t ap choke nan pwen sa a si li t ap obsève vre sa ki ap pase yo ? Selon gwoup militan, Nou Pap Dòmi, gen plis pase 124 ka kidnapin ki fèt depi janvye rive mwa dawout 2020 an, e pami yo te gen fanm ki te viktim. Eske li t ap tweet de twa pawòl banal konsa si se te pwòp pitit fi li ? Oubyen youn nan pitit fi zanmi li yo ? Wi se vre, prezidan an te monte sou twitter ankò pi ta pou di Evelyne te ka vin tounen yon “gwo fanm” (mwen sipoze li vle di yon gran fanm). Men kisa prezidan an janm fè pou jèn fanm tankou Evelyne ka viv an sekirite, ale wè pou ta ede yo epanouwi?

Monnonk mwen, ki pase pi fò lavi granmoun li kòm pastè nan katye Bèlè nan Pòtoprens, te konn di yo kriminalize povrete nan katye popilè yo ann Ayiti, e moun ki pini moun ki pòv yo, se yo ki vrè kriminèl yo. Moun ki touye Evelyne Sincère yo te konsyan ke yo te ka touye li nan tout enpinite san okenn konsekans. Pou moun ki sou pouvwa yo ak sa ki maspinen li epi touye li a, Evelyne Sincère se yon chay bon pou jete. Kidnapè yo montre sa nan jan yo te reponn sè Evelyne lan lè li mande yon ti tan an plis pou li te ka rasanble lajan yo te mande a. Yo di yo pa t ap ka kenbe li pi lontan paske yo pa te gen espas e siman twòp prizonye, kòmsi li te yon prizonye lagè.

Nan deklarasyon premye minis ayisyen an, Joseph Jouthe deklare:

“ Nan tan nòmal, se timoun ki antere paran yo; sèlman nan tan lagè yon paran ta sipoze antere pitit li. Poutan nou pa nan lagè ann Ayiti.”

Menm si premye minis la pa sanble vle admèt li, lidè gang ayisyen yo ak moun ki mete yo sou pye yo ap fonksyone tankou yo nan lagè. Sa ki sèten, yo gen zam pou lagè.

Premye minis lan pran san li pou li ajoute : “ Chèf gouvènman an pwofite pou li mande papa ak manman pitit yo pou veye sou pitit yo ak sou kote yo prale epi sitou frekantasyon yo. ”

La, premye minis lan tonbe nan pyèj ki souvan rive lè yo bat, agrese, maltrete, vyole e menm touye jèn fanm. Li vle fè konprann se fòt viktim lan, tankou jèn fi ki gen manman ak papa ki ap veye deprè, yo p ap touye, kidnape oubyen vyole yo nan peyi a anba gouvènans li an. Ki jan yon paran ka pwoteje pitit li lè gouvènman an pa ka pwoteje paran ? E ti bebe yo ki mouri nan bra manman yo, timoun yo touye pandan yo ak papa yo? Eske se paske paran yo pa t ap veye yo ase?

Nan jou sa yo, jan imaj ap sikile rapid kon flanm fè nou vin temwen kit nou vle kit nou pa vle. Nou pa te suiv yo ki ap pran lavi Evelyne Sincère menm jan nou te suiv lanmò George Floyd la pa egzanp, men a kòz temwanyaj sè li a ak imaj yo ki rete dèyè li, Evelyne antre nan lavi nou yon jan chokan. Li antre nan lavi nou alafwa antan moun inik li ye a, epi antan senbòl tout lòt fanm, gason ak timoun yo te agrese, kidnape epi touye nan dènye semenn ak mwa yo. Kèk nan yo nou konn non yo, anpil lòt nou p ap janm konn non yo.

Gen yon pakèt Evelyne Sincère ki ap viv nan lapèrèz ann Ayiti.

Gen yon pakèt Evelyne Sincère ki ap viv nan lapèrèz ann Ayiti. Nou konnen yo paske yo se sè nou, kouzin nou, nyès nou, fiyèl nou, zanmi nou, fanm—jèn oubyen granmoun—ke nou ankouraje epi sipòte rèv yo jan nou kapab nan dyapora a. Nou bouke wè yo mouri konsa. Nou bouke ak lidè medyòk, san nanm ki kreye epi tolere sikonstans ki mennen lanmò sa yo. Nou ap tann ak enpasyans yon jou kote Ayiti ap gen dirijan fanm feminis ki ap konprann tout reyalite ki lakòz yon jèn tifi ateri bò lari a sou yon pil fatra. Epi lidè ki ap deside fè yon bagay pou kanpe sa. Nou vle ak tout fòs nou wè yon jou kote, si li te viv, Evelyne Sincère t ap ka atann yon bon fiti chaje ak pwomès nan pwòp peyi li.

Pandan nou ap sòti nan pil tibilans eleksyon ameriken yo, epi panse a ki konsekans sa ka gen pou Ayiti, an nou pa bliye Evelyne Sincère, paske Evelyne Sincère se Ayiti, e menm si sa ka sonnen kliche, Evelyne Sincère se nou. Men sa ki pi enpòtan an, pou moun ki te renmen li, li te yon jèn fi ki te renmen ri ak yon flè ble syèl nan cheve li. Yon bote adorab, yon doudou, e yo etenn fiti li.

The post Evelyne Sincère se nou, se Ayiti appeared first on Woy Magazine.

Wi, Mikwòb Tiye Ayisyen

$
0
0

lè m te timoun, se konnen m pa t konnen jan fo lide sa te koresponn ak valè moun nan antouraj mwen ki t ap mouri san rete.

Lè timoun nan katye kote m leve a te konn ranmase tè pou met nan bouch yo, souvan moun te konn kite sa pase an jwèt ak yon senp ti “mikwòb pa tiye Ayisyen.” Nou leve ap tande moun k ap di fòk yon mikwòb ta gwosè yon bèf pou l ta ka rive koze dega nan kominote nou. E poutan, lè m te timoun, se konnen m pa t konnen jan fo lide sa te koresponn ak valè moun nan antouraj mwen ki t ap mouri san rete. M sonje ti chui chui ki te genyen sou zanmi ak pwòch fanmi ki te mouri ak tibèkiloz oubyen VIH/SIDA, epi pi resaman kolera pou nou site sa yo sèlman. Jodia se menm istwa sa a k ap repete avèk KOVID-19.  Ayisyen bay maladi a ti non “ti lafyèv”, epi yon volim dyaspora rantre Ayiti pou vin pwofite pase fèt fen dane yo san kach nen e san distans sosyal malgre tout siy ke kantite ka anndan peyi a ap ogmante. Èske pawòl sa a se yon fason pou nou bande je nou – yon jan pou nou jere yon reyalite ki inevitab?

Menm si nou paka wè yo ak je pa nou, viris ak bakteri, ke nou rele mikwòb, pwopaje atravè pandemi mondyal e pafwa yo rive tabli kò yo nan de anviwonnman an pèmanans kote yo lakòz epidemi fatal. Men nan pati nan ki mwen pòv nan mond lan, gen mwens risk pou moun mouri maladi mikwòb koze. Sa se paske peyi rich ki gen anpil resous ka konte sou yon sistèm sante ki fonksyone, bon jan sanitasyon, ak vaksen pou pwoteje popilasyon yo. Lide ke kontak avèk mikwòb rann kò a pi rezistan, ki se prensip dèyè itilizasyon vaksen an, kache yon verite ki pa twò bèl: yon kò ki fèb pa ka goumen kont enfeksyon. Lè sistèm iminitè a fè fayit poutèt lòt maladi oubyen malnitrisyon, mikwòb ka lakòz konplikasyon fatal. An 2019 Global Hunger Index Report te montre ke 49.3% popilasyon ayisyen an te malnouri.

Epidemi varyòl ki te premye rantre ann Ayiti an 1843 ka montre nou anpil bagay sou dega yon epidemi ka lakòz nan yon peyi kote ki pa fè bon efò sante piblik. Varyòl se te yon ansyen maladi fatal, sitou nan fanm ansent ak moun ki gen sistèm iminitè ki fèb. Depi lè Espanyòl premye mete pye yo Ayiti, peyi a pase anpil epidemi. An 1881 anviwon 4000 moun pèdi lavi yo anba maladi varyòl nan Okap. Nan yon lèt ki date 13 Me 1882, Achevèk legliz Katolik Jean-Marie Guilloux te estime maladi a te tiye prèske 100 mil Ayisyen. Vin gen yon lòt epidemi an 1920 pandan okipasyon ameriken an, yo te reponn a epidemi sa ak yon kanpay vaksinasyon pou prèske yon milyon moun. Depi 1979, maladi varyòl elimine nan mond lan gras a yon strateji vaksinasyon Òganizasyon Mondyal pou Lasante te mete sou pye kote yo vaksinen ni moun ki te enfekte, ni moun ki te ekspoze a viris la. Si nou ta vle kwape lejann ki di mikwòb pa tiye ayisyen an, ann nou mete nou dakò pou di ke li pa posib pou kontwole maladi tankou varyòl ak KOVID-19 si pa gen mezi piblik ki mete an plas pou kontwole pwopagasyon yo.

Pandan kolera t ap gaye ann Ewòp ak nan Nouyòk nan 19e syèk la, se sèlman nan 10 lane ki sot pase yo ke li ravaje Ayiti, nan yon kontèks move aksè a dlo potab ak sèvis sanitasyon. Syantifik yo mete souliye kijan premye vag maladi sa ann Ayiti pa te ka mwen vyolan ke jan l te ye a, paske avan sa Ayisyen pa t gen kontak ak bakteri kolera a. Mete sou sa, yo montre yon lyen ki etabli ant listwa kolera ak move nitrisyon/aksè a manje nan fwaye. Move alimantasyon fè sistèm iminitè a vin pi fèb e li anpeche kò a konbat mikwòb fatal konsa. Prèske 10 000 Ayisyen pèdi lavi yo anba kolera, sa ki vle di ke se youn nan epidemi ki te pi fatal nan listwa resan. Konpare a gwosè bilan sa a, bilan KOVID-19 ann Ayiti an pa sanble anyen. Men malgre chif pou KOVID-19 yo pa sanble sa syantifik yo te prevwa pou peyi a, yon lòt fwa ankò mikwòb sa a tiye nou pa santèn. Poukisa KOVID-19 la diferan de lòt epidemi nou site pi wo yo? Syantifik yo pa ko ka di, men yo gen rezon pou yo pè pou pita pa pi tris paske nou pa ko byen konnen kote nou gad, e pèsonn pa gen bon repons yo.

Jiska prezan, move aksè a manje, edikasyon, sanitasyon, ak swen sante rete yon fado pou Ayisyen, liy nan dispansè yo rete chaje ak paysan ki malad grav. Selon yon estimasyon ki pibliye nan The Economist, Ayiti poko ap resevwa dòz vaksen KOVID-19 la anvan 2022-2023. Sa vle di, devan kè pòpòz otorite yo nan eseye limite pwopagasyon KOVID-19 ann Ayiti (yo pa fè respekte okenn metòd baryè), prekosyon chak grenn moun enpòtan anpil. Sa se moman pou nou kontinye mete kach nen, lave men nou, evite kote ki chaje moun ak move sikilasyon lè, kontinye distansyasyon sosyal tank nou kapab, epi pran swen youn lòt. Pran swen youn lòt vle di anile yon vwayaj ann Ayiti lè w ap soti yon kote ki se yon gwo sous KOVID-19 paske nan moman an, gen yon nouvo vèsyon viris lan k ap simaye. Paske kontrèman a sa lejann ak fo lide ta vle fè nou kwè, toutotan nou pa ko ka garanti bon jan aksè a manje, edikasyon, swen sante, epi bon kondisyon lavi, mikwòb ap kontinye touye Ayisyen an kantite. 

The post Wi, Mikwòb Tiye Ayisyen appeared first on Woy Magazine.

Ewo nou kreye yo: jan nou fè moun tounen lejann

$
0
0

Wi se vre yo te fè bagay ki ekstraòdinè, men sa pa vle di ke yo menm yo te moun ki te toujou ekstraòdinè.

Chwazi nenpòt ki peyi sou yon kat epi repase istwa yo, ou gen pou jwenn yon pil ewo nasyonal. Si w ta chita pale ak yon moun e konvèsasyon an ta vire nan koze pèsonèl w ap dekouvri ke yo menm tou gen ewo pèsonèl pa yo. Admirasyon moun ki fè gwo bagay se yon bagay ki konstan. Lè yon moun fè yon eksplwa li resevwa rekonesans ak lwanj ki konn menm kontinye apre lanmò yo.

Nou se bèt sosyal, sa fè nou toujou ap gade lòt sa ki bò kote nou e nou toujou ap echanje avè yo. Lòt moun ba nou enfòmasyon sou kiyès nou ye kòm moun e kòm gwoup. Lè w gade moun yon sosyete chwazi voye monte, nou ka aprann kisa sosyete sa konsidere admirab, ki evennman ak eksplwa ki merite sonje, e ki abitid ak prensip ki merite pase bay lòt jenerasyon ki vini apre yo.

Ayiti pa yon eksepsyon. Ak moun tankou Desalin, Tousen, Kristòf, Sanite Bèlè elatriye, nou gen kont ewo pa nou, e nou ta ka ekri sou eksplwa yo pa pil ak pakèt. Avèk rezon tou, paske sa moun sa yo te akonpli se bagay ki te chanje lemond. Aksyon fanm ak gason vanyan sa yo kreye premye nasyon nèg ak nègès lib nan nouvo mond lan. Se pa t yon bagay ki t ale nan sans mond lan t ap fonksyone an menm. Rezilta aksyon moun sila yo te depase imajinasyon mond lan nan tan sa, li te kreye yon bagay moun pa t panse ki te ka fèt. Se pou rezon sa ki fè nou menm kòm nasyon mete yo sou pi gwo pyedestal.

Pwoblèm ki genyen ak moun nou mete sou pyedestal se ke li anpeche nou wè jan moun sa yo sanble ak nou. Moun sa yo bon anpil pou ede nou bay tèt nou estanda nou vle eseye rive jwenn, men li difisil pou nou rive fè menm jan ak yo. Nou deja pa menm ka rive nan pwòp estanda pa nou kòm senp sitwayen, donk kijan pou nou fè rive nan pa ewo nou? Nan ka sa, gen moun ki ta gen dwa mande kisa ewo sa yo itil apre fè nou sonje tout jan nou pa regle anyen lè nou konpare tèt nou avèk yo. Moun ki pi pesimis ta ka menm di moun nou konsidere tankou ewo yo pa t bon jan nou panse a, e yo pa menm merite nou adore yo jan n ap fè l la. Gwo kesyon sa yo ta ka fè nou jis deside zafè ewo sa a se twòp pwoblèm nou chèche bay tèt nou e yo pa itil nou anyen. Men konsa tou li ta ka fè nou chita reflechi pi plis sou kiyès ewo nou yo ye e kijan nou rakonte istwa yo.

Yon sosyològ ki rele Zeynep Tufekci ekri yon papye ki eseye analize kisa k fè jan seri Game of Thrones fini an bay fanatik yo pwoblèm konsa. Nan papye sa, li analize metòd seri a te itilize pou rakonte istwa, e li sitou gade ki jan yo rakonte istwa ak narasyon psikolojik oubyen sosyolojik. Jan li esplike l la, istwa ak narasyon psikolojik yo se istwa nou tout konnen yo. Se mòd istwa kote gen yon moun ki gen yon konfli l ap eseye rezoud, e anpil fwa se gras ak pwòp aksyon pa li li rive jwenn solisyon an. Se istwa sa yo n ap tande depi nou piti, se yo ki nan woman nou li, nan fim ak seri nou gade, e se yo menm tou nou rakonte. Istwa ak narasyon sosyolojik yo yo menm gen yon vizyon ki pi global sou bagay k ap pase yo. Narasyon sosyolojik la pa gade pèspektiv yon grenn moun sèlman, e sa fè li vin pi fasil pou nou konprann jan plizyè faktè ka lakòz yon sitiyasyon. Sa vin fè tou li fasil pou nou gade ki motivasyon ki dèyè aksyon yon moun.

Lè nou gade jan moun aji, nou gen yon mòd gade tout bagay an nwa ou blan. Nou gen anpil fòs kote lè n ap jije aksyon pwòp tèt nou ak aksyon lòt moun. Lè se nou menm oubyen moun nou renmen nou rive konprann san pwoblèm ki jan sikonstans ka afekte jan nou aji, men lè se lòt moun nou pa gen tout konsiderasyon sa pou yo.

Si yon moun pase devan m pandan m ap kanpe nan yon liy moun, pou mwen, sa se yon sanzave ki san respè pou moun– jan l aji a se konsa m wè l. Men si yon moun pa m, oubyen mwen menm, ta fè yon bagay konsa ou gentan konnen m ap jwenn yon esplikasyon pou konpòtman sa. Jis paske mwen menm oubyen moun mwen ka fè de vye bagay yon fwa konsa sa pa vle di nou se move moun pou sa. Fòk nou gade bagay yo nan kontèks yo. “M pa gen dwa prese? Sa k genyen ?!” Sa ki pou di w ke pa t gen yon bagay ijan pou moun lan t al fè ki fè li pa t ka rete pèdi tan? Lè nou gen konsyans de fòs kote sa yo, e mete sou li lè nou konprann kijan mòd narasyon sa yo mache, sa pèmèt nou konsidere lòt faktè ki pa sèlman kalite moun yon moun ye lè n ap gade aksyon l.

Kote sa vin enteresan se lè nou eseye aplike menm lojik sa a ak moun nou konsidere tankou ewo. Ou ka panse li pa itil pou pran moun tout moun konsidere tankou ewo epi fè yo desann nan nivo nou kòm senp sitwayen, men se yon bagay ki gen enpòtans li. Wi se vre, yo te fè bagay ki ekstraòdinè, men sa pa vle di ke yo menm yo te moun ki te toujou ekstraòdinè. Yo te gen menm emosyon avèk nou, menm santiman, yo te pè menm jan avèk nou tou. Yo te sibi presyon anviwonnman yo menm jan avèk nou, e anpil fwa se degaje yo te konn degaje yo pou eseye pran pi bon desizyon yo te ka pran nan sitiyasyon yo te ye a.

Lè nou gade tout bagay sa yo, epi mete sou li avantaj nou genyen pou n gade listwa epi tire leson, nou rann nou kont ke ewo nou yo pa t pi bon pase nou. Lè nou gade pwoblèm n ap jere la jounen jodi a, li fasil pou nou dekouraje e di tèt nou se yon zak ekstraòdinè sèlman ki ka retire nou nan sa nou ye a. Men zak ewoyik sa a yo pa te rete konsa epi yo fèt sanzatann. E anpil fwa, yo pa menm sanble sa sou premye gade. Se anpil ti aksyon òdinè, moun òdinè k ap eseye degaje yo jan yo kapab pou yo fè pi bon bagay yo ka fè nan sitiyasyon yo ye a. Sa vle di nou pa bezwen chita tann pou yon ewo vin sove nou paske lè nou gade byen, ewo nou wè yo se sa nou menm ki fè yo. 

Photo by Paul Clammer

The post Ewo nou kreye yo: jan nou fè moun tounen lejann appeared first on Woy Magazine.

Viewing all 101 articles
Browse latest View live