Quantcast
Channel: Woy Magazine
Viewing all 101 articles
Browse latest View live

Richard Senecal Lanse Dènye Dokimantè Li, “Bélo à Chaville”

$
0
0

Li difisil pou kwè ke sa deja gen 10 lane depi “Lakou Trankil”, men depi lè sa, karyè mizikal Bélo se yon moulen inovasyon ak nouvo son, men ki kanmenm toujou rete anrasine nan natif natal la. Diz an aprè li te genyen pri “RFI Découverte” la, prim sa ki te pèmèt li sòti de yon atis lokal adore a yon sansasyon entènasyonal, chantè “Lakou Trankil” la tounen Paris pou li fè yon espektak nan “Atrium de Chaville”. Pandan vwayaj sa, Richard Senecal avèk Imagine Haiti swiv atis la e ba nou yon koudèy espesyal sou kòman karyè Belo ap evolye. Senecal ban nou yon rega eksklizi plizyè pèfomans atis la fè pandan vizit sa a : yon pèfomans akoustik ak yon chita pale nan emisyon “Couleurs Tropicales” nan RFI; konsè li a nan Atrium, ak yon chita pale entim kote atis la pataje avèk nou panse li sou Ayiti, mizik ayisyen, avèk karyè li jiska jodia.

0ENVk1hsDokimantè sa rive nan moman kote kè nou cho n ap tann 5èm albom Belo a ki rele “Belo Dizan” ki gen pou sòti 14 Avril. Albòm sa se yon selebrasyon akoustik ki reyini 10 lane mizik ke atis la fè nou kado. Voye yon ti kout je sou dokimantè sa, epi veye anwo, veye anba pou nouvo albom sa ki pral rive!

“An depi defisi lengwistik, mwen tyen aske repètwa mwen rete an Kreyòl. Paske mizik mwen avantou se mizik ki gen pwovokasyon pou l non sèlman fè pwomosyon Ayiti a letranje, men sitou fòme, [epi] edike.” – Bélo

The post Richard Senecal Lanse Dènye Dokimantè Li, “Bélo à Chaville” appeared first on Woy Magazine.


Jan Ayisyen Leve Timoun : Abi Oswa Disiplin ?

$
0
0

Jiskaprezan, mwen sonje jan yo te konn leve mwen nan mitan lannwit ak kout rigwaz nan mitan rèl do m paske mwen pa te pote mwayèn ke yo te vle a.

Lè w ap grandi nan yon fanmi ayisyen, ou gen anpil chans pou ou te sibi anpil pinisyon fizik. Nou tout konnen paran ayisyen anpil fwa, kòm paran ki malgre yo gen bon entansyon, ka itilize move metòd pou bay disiplin. Anpil paran estime ke baton ap korije konpòtman negatif oubyen vyolan pitit yo. Jiskaprezan, mwen sonje jan yo te konn leve mwen nan mitan lannwit ak kout rigwaz nan mitan rèl do m paske mwen pa te pote mwayèn ke yo te vle a. Jou aprè baton sa yo, inifòm lekòl mwen te konn kole sou mak kou ki te konn fè mwen mal anpil. Mwen sonje tou yo te konn kite m ajenou pou yon pakèt tan  avèk de gwo wòch nan chak men anba yon gwo solèy samdi apremidi. Kounya ke mwen ap travay nan child welfare (Byenèt sosyal), mwen oblije ap poze tèt mwen kestyon sou vre definisyon abi. Eske nou ka konsidere pinisyon fizik tankou abi Ozetazini e ann Ayiti? Kisa ki definisyon pa w de abi?

Definisyon abi sou timoun se “nenpòt akt entansyon ke paran oubyen moun ki ap pran swen timoun lan fè sou li ki ka mennen lanmò, domaj fizik oubyen emosyonèl, abi seksyèl oubyen eksplwatasyon.” Oubyen “yon akt oubyen entansyon pou fè yon bagay ki montre risk ki ka fè mal.” Definisyon abi ak neglijans sou timoun, fè referans ak paran ak lòt moun ki pran swen timoun yo. Yon timoun ke yo ka mete an kategori sa a se yon moun ki gen mwens ke 18 lanne oubyen ki se yon minè ki emansipe. Sou baz definisyon sila a, èske nou ka di ke pi fò nou menm Ayisyen te sibi abi nan yon jan kou yon lòt? Kounya plis pase tout tan, nou wè yon ogmantasyon nan kantite timoun Ayisyen ki ap antre nan sistèm swen  pou abi, neglijans ak abandon ap ogmante. Sa a se konsekans mank edikasyon ak konesans sou metòd pou bay disiplin.

Gen 4 tip paran: sa ki otoritè, sa kip ran lòd, sa ki chita ap gad ale timoun lan, ak sa ki pa bay timoun lan regle anyen pou li. Nan kominote Ayisyen an nou plis panche sou stil paran otoritè a. Paran otoritè a fè timoun lan vin obeyi epi gen konpetans men yo pa ere, yo  gen difikilte pou yo alèz nan sosyete a, e anpil fwa pa gen konfyans nan tèt yo. Konbyen nan nou ki ka di ke pinisyon sa yo ke yo te enpoze nou yo kite nou san okenn siy anksyete oubyen  estrès apre yon tromatis? Pandan mwen tonbe sou yon videyo pwodiksyon Ayisyen Ameriken, kòmantè chak moun ki te gade li yo te sanble anpil. Se kòmsi paran nou tout te pran kou menm kote a. Manman ak papa fè kont joure oubyen frape, aprè sa yo pase raj yo sou timoun lan. Ou pa mete vyann lan deyò pou li deglaze anvan yo soti travay, ou preske si ke yo pral bat ou oubyen rele sou ou. Yo kite w’siveye ti frè ak tisè w antan ke pi gran, epi youn nan timoun yo mal konpòte li, se ou yo pase men pran. Ou pa rive lakay a lè, yo bimen w anba baton. Ou pa fè bèl nòt yo bimen w ankò. Chanm ou tèt anba, yo bat ou. Jan yo reprezante li nan kèk videyo, kèk paran chèche yon eskiz pou bay baton paske yo te pase yon move jounen nan travay yo. Kounya nou se yon pèp ki gen kòm kilti « sa ki fèt nan kay la ret nan kay la ». Erezman, lwa Ozetazini mete timoun anba siveyans pwofesè, chofè bis, enfimyè ak apre espesyalis laswenyay. Kenpòt mak oubyen maleng parèt sispèk e ka yon ka abi. Yon rapò abi dwe fèt paske lalwa egzije moun nan pozisyon sa yo repòte siy abi bay leta.

Anpil Ayisyen kwè ke abi seksyèl se yon bagay Blan, pandan ke abi seksyèl nan kilti nou fèt osi souvan ke Ozetazini;  sèl diferans lan sè ke nou pa pale de sa.

Deklarasyon sou ka Ayisyen yo jeneralman gen pou wè ak abi fizik, abi seksyèl ak vyolans anndedan kay. Abi seksyèl komen anpil pou plizyè rezon. Pou youn, se yon tabou kiltirèl. Sèks se yon sijè tèlman sansib ki fè nou echwe devan timoun yo toutan. Nou echwe devan timoun yo paske nou pa aprann yo ke yo pa dwe manyen okenn pati nan kò yo ki mete yo enkonfòtab. Nou echwe devan timoun yo paske nou pa tande yo, e lè nou resi tande yo a nou doute sa yo di nou an e nou pa kwè yo. Moun ki ap fè mal sa yo anpil fwa se yon manb fanmi an oubyen yon zanmi fanmi an. Se konn anpil fwa yon moun ke timoun lan fè konfyans. Paran yo pa mete baryè ant pitit yo ak granmoun nan fanmi an. Nou kite tifi chita sou janm monnonk oubyen pataje menm chanm ak yon kouzen oubyen yon zanmi fanmi an ki  soti Ayiti e ki rete ak nou. Tout sa yo se kote ke yon timoun ka viktim manyen endesan. Anpil Ayisyen kwè ke abi seksyèl se yon bagay Blan, pandan ke abi seksyèl nan kilti nou fèt osi souvan ke Ozetazini;  sèl diferans lan sè ke nou pa pale de sa.

Nou ap viv nan yon sosyete kote konpòtman opozisyonel, ipèaktif, agresif nan anfans timoun nan anpil fwa fè prediksyon sou pwoblèm sante mantal pita nan lavi li tankou : echèk lekòl, dwoge, ak kriminalite. Lè timoun yo pa jwenn lwanj nan men paran yo, sa ka mennen ak konpòtman tankou retrè sosyal ak anksyete.  Mankman nan chalè ak sipo lye ak move estim ak difiklite pou yo kontwole emosyon yo, tankou fè rechinya, tèt di, ak rebelyon.  Mankman nan chalè lanmou paran ak patisipasyon pozitif ka kontribiye nan devlopman move konpòtman. Gen etid ki demontre ke paran ki konte sou fòm disiplin agresif pou kontwole pitit yo, gen chans gen timoun ki vin devlope konpòtman agresif tou.

Atik sa a ekri pou leve konsyans kominote Ayisyen an ke enpe nan jan nou elve timoun nou yo e ki te konn fet Ayiti paka fèt Ozetazini paske yo konsidere yo tankou abi selon lalwa isit ni lalwa Ayiti tou. Fòk nou pale de sa pandan ke nou ap kenbe lespri nou louvri pou nou aprann epi ajiste jan nou leve timoun. Nou dwe pale de sa nan legliz nou yo, nan òganizasyon lokal nan nivo kominotè ak inivèsite paske nou tounen paran  ke nou te genyen si nou pa idantifye defo ak defèt jan yo elve nou. Sa pa vle di ke nou bezwen pote boure sou paran Ayisyen yo. Atik sa a vle komanse yon konvèsasyon ant nou menm pou nou wè kijan nou ka kase sik timoun ki sibi abi sa yo e ki ap viv ak twomatis nan lavi granmoun yo, oubyen sa ki pèdi nan sistèm fanmi dakèy san bousòl.

 

Photo Credit : Gio Jules

The post Jan Ayisyen Leve Timoun : Abi Oswa Disiplin ? appeared first on Woy Magazine.

Gessica Généus Vle Fè Yon Ti Koze Ak Nou

$
0
0

Ane 2016 la, aktè senaris pwodiktè, Gessica Généus ap ofri nou yon lòt fwa yon pwodwi nanm li ki se yon liv ki rele: Yon Ti Koze Ak Sè M. Liv sila a se yon seri refleksyon sou diferan gran sijè ki toujou okipe lespri jèn yo sitou jèn tifi. Nan sosyete nou an kote fanm reprezante plis pase 50% popilasyon an li enpòtan pou moun ki pase wout la deja sipòte sa ki pi piti yo. Se yon liv kote yon gran sè vle akonpanye ti sè li nan etap difisil adolesans, kote anpil fwa jèn yo poukont yo. Gessica Généus ekri liv sa a, ki se yon temwanyaj de lavi pa li pa rapò a jan li vin konstwi tèt li. Menm si liv sila a plis fèt pou jèn adolesan, kèlkeswa moun ki ap li li a ka jwenn yon fraz, yon tèks antye ki pèmèt li wè bagay yo sou yon lòt ang.

Pou moun ki pa t gentan achte liv sa nan vant siyati yo, ou ka jwenn liv sa nan Asterix nan Petyonvil. E nan fen mwa a, moun Monreyal ka al pran pa yo nan vant siyati ke Gessica Généus pral fè.

Annatandan, men yon ekstrè ki sot nan liv Yon Ti Koze Ak Sè M :

Eske ou vle pami moun k ap trase chimen, oubyen ou vle mache sèlman sou chimen lòt moun fè deja?

Ki moun ou ye? An nou di pito, ki moun ou vle ye? Se vre bon pati nan pèsonalite nou pran rasin nan paran nou ak sosyete n ap viv ladann nan. Men kan menm, gen plas pou nou evolye. Ki moun ou vle ye? Se yon kestyon ki pèmèt ou elimine yon bann aksyon ak relasyon ki nan ou. Eske ou vle pami moun k ap trase chimen oubyen ou vle mache sèlman sou chimen lòt moun fè deja? Eske ou vle mete moun devan lè ou ap mache pou yo ka klere pou ou? Oubyen ou vle brave fè nwa pou ou ka aprann kenbe direksyon ou vle a menm lè pa gen limyè? Eske ou vle kite pase ou defini avni ou? Oubyen ou ap sèvi ak li kòm baz eksperyans ki pral pèmèt ou pran pi bon desizyon? Piti kou li ye, gen espas pou nou konstwi karaktè nou. Anyen pa definitif. Pa chita ap di se konsa mwen ye, moun toujou ap pran avantaj sou ou, moun toujou ap itilize ou, tout sa ou fè pa janm reyisi, ou pa ka fè anyen kont sa… Atitid reziye sa a se li ki pwoblèm nan, tout sa ou ap sibi yo se paske ou aksepte pwoblèm sa a pa gen solisyon. M ap pran responsabilite di ou se manti. Si ou vle pran kontwòl ou ka chanje wòl ou ap jwe nan teyat lavi ou a. Wi ou gen pouvwa sa a. Se pa yon chanjman ki ka fèt jodi pou demen. Men lè ou vle yon bagay tout bon, se pa kantite tan ou ap pran pou jwenn li an ki dwe enterese ou, men se santi nan ou menm ou sou wout kap fè ou jwenn li yon jou kanmenm, se sa ki dwe priyorite w.

 

 

 

Photo credit: Gessica Geneus

The post Gessica Généus Vle Fè Yon Ti Koze Ak Nou appeared first on Woy Magazine.

Manbo, Sophia Fecu : “Jodiya, mwen chwazi rakonte istwa m”

$
0
0

Woy Magazine jwenn chans pale ak Sophia Fecu, manbo e kontribitè nan Woy Magazine sou nouvo liv li ki pral soti ki rele Mon Héritage.

Ou renmen m? Ayibobo pou ou. Ou pa renmen m? Ayibobo pou ou tou!

Pale nou yon ti kras sou liv sa. Kisa nou pral aprann nan paj ou ekri yo ?

Mwen kòmanse nan rakonte istwa fanmi mwen, bitasyon fanmi mwen. Mwen pale de ki moman mwen aksepte pran li kòm eritaj, e aksepte pran li mete sou do m. Yon moun ki pa konn anyen de Vodou, ki pa janm konn tande pale de Vodou, si yo li liv sa y ap gen yon ide de kisa Vodou nan fran ginen ye. Li ap ede moun tou ki te konn pran tout bagay mete yo nan menm panye fè diferans tou.  

Poukisa ou chwazi moman sa nan lavi ou pou ou rakonte istwa ou ?

Pandan sèvis mwen kòm manbo, souvan mwen rankontre jèn moun ki se eritye tou. Sa vle di, ki reklame nan Vodou, e ki gen pwoblem paske yo pa konn kòman pou ranmase lwa yo. Yo gen malchans nan lavi yo, yo monte, yo desann, y ap pase touman, y ap pase tribilasyon paske manman yo oubyen papa yo, grann yo fanmi yo te konn sèvi Vodou, epi yo sispann. Kounya chay la tonbe sou timoun lan e yo pa konnen ki jan pou l afwonte sa. Konsa tou, gen anpil moun ki konn tonbe nan kote pou yo pa tonbe paske lè w bezwen gid, ou dakò premye moun ki di w li ka ede w lan. Mwen sonje nan kòmansman pa m mwen te viv menm bagay sa yo, mwen te gen pwoblem pa m lè yo te reklame m.

Mwen te gen vi mwen deja anvan sa, mwen te gen zanmi mwen yo ke mwen te konnen te pral meprize Vodou. Mwen te konnen yo te pral meprize m apati de la. Sa te vin fè, mwen eseye chwazi gid pou konnen ki jan pou m metrize lwa sa yo ki tap pede fele m tout kote m te ye. Mwen te tonbe nan yon move sèk ak moun ki pa sensè. Jodiya, mwen chwazi rakonte istwa m pou ede yon moun jwenn konsèy anvan yo fè chwa sa. pou reveye pridans on moun ki reklame, e pou di tout moun ke menm si yo ta rive yon move kote pa vle di nonplis ke se Vodou a ki pa bon. Li tan pou nou menm nan Vodou, pran plim nou pou nou kòmanse rakonte listwa pa nou.

Nan yon atik ou te ekri pou Woy Magazine, ou te di “Se kòmsi lasosyete gen diksyonè pa li ak pwòp definisyon “manbo” ladan li.” Eske fraz sa dekri byen motivasyon ou pou ekri liv ou a ?

Wi se youn nan motivasyon mwen. Li te enpòtan pou mwen fè anpil moun ki gen prejije konnen ke li pa nòmal pou yo mete tout moun ki nan Vodou nan menm panye. Se vre gen moun ki nan mistik ki fè sa pou manipile moun, pou fè lajan. Men se pa sa mwen ye mwen menm. Li enpòtan pou diferans sa yo etabli.

Mwen fè pati nan Vodou, sa yo rele dè “reklame,” oswa “eritye.”  Yon manbo, yon ougan ki reklame, ki deside inisye, souvan se yon moun ki pat chwazi sa. Mwen menm, mwen pat chwazi sa. Mwen pat gen anbisyon manbo, mwen pat gen foli manbo, sa pat janm nan tèt mwen. Dayè mwen s on moun ki te enkredil anpil, mwen pat kwè nan bagay lwa danse nan tèt moun. Mwen pat kwè nan bagay sa yo.  Lwa a vin avanse sou mwen, e li te vin enpòtan pou m konnen ki jan pou m jere sa, pou m konnen èske s on fòs negatif ou pozitif.  Yon fanmi gen dwa gen anpil ak on pakèt moun, fanmi a gen dwa gen menm 100 moun ki ta renmen vin sèvitè Ginen. E lè ou gade, ou wè ke se moun ki pa t menm sou bò sa epi se li lespri chwazi. Mwen di li lè li tan pou mwen rakonte istwa m. E atravè istwa m, moun ki ap pase move moman nan inisyasyon yo, paske antouraj li ap rele l djab, paske li tonbe anba moun ki pa sensè, pou l ka konnen ke tout bagay difisil nan kòmansman. Se detèminasyon w, se tout sa ki pral fè diferans lan e ki pral fè  w avanse byen ladann. 

Eske ou ekri liv sa pou on gwoup moun byen espesifik ? Ki kalite moun ou ta renmen pou mesaj ou a rive sou li ?

Mwen pa ekri pou yon gwoup moun byen espesifik. Mwen ta renmen ke tout moun, kelkeswa relijyon moun lan kapab pran liv sa.  Se pa on liv ou ka achte pou konnen resèt mistik. Se yon liv ka disponib pou tout moun ki vle aprann plis sou lavi yon moun tankou m. Mwen pa ofri okenn imaj chokan ke on moun ka ap chache. Ni mwen pa mete okenn rityèl seremoni. Tout moun ka li liv sa, e tout moun ka konprann li kèlkeswa relijyon ou. Mwen pa te vle ekri yon liv kote se sèl Vodouizan parèy mwen ki alèz pou li li.

Eske ou panse ke popilarite pa w sou rezo sosyal ak patisipasyon ou sou entènèt la ede plis moun konprann manbo ak Vodou an jeneral ?

Gen moun ki konn vle fè m konnen ke plas mwen pa la. Mwen konn ap twit menm jan ak tout moun, epi yon moun di “Sa manbo sa pèdi la a ? Li pa gen lwa l pou l al rele ?” Lè m wè sa, mwen ri. Lespri ou pa rive lwen si se jan de diskriminasyon ou ka fè. Piti piti, tout moun rann yo kont de kiyès mwen ye.  

Mwen panse mwen ouvè chemen pou nenpòt lòt jèn fi ki manbo pou yo pa pè afiche sa sou rezo sosyal. Yo pap kouri dèyè w. Anpil moun ka pè di yo manbo, men fòk ou asime sa w ye. Ou paka kache sa w ye pou moun. Li pat difisil pou mwen. Mwen s on jèn fanm 32 an ki asime sa mwen ye a. Mwen toujou di mwen se yon fanm nan nanm ki pa ret ak pèsòn depi m fin chwazi sa m ye a. Ou renmen m? Ayibobo pou ou. Ou pa renmen m? Ayibobo pou ou tou!

Ki danje ou panse sa genyen pou sosyete ak kilti Ayisyen an si yo rete inyoran de aspè sa nan rasin nou ?

Danje a deja ap fèt. Nou se yon bann moun ki meprize sa nou ye. E nan meprize sa nou ye, nou vin tounen yon sosyete chen manje chen. Paske nou pa gen konesans kote nou soti. Nou an kontradiksyon avek tèt nou, avèk sa nou ye. Moun ki meprize Vodou an, se menm moun sa anpil fwa 22 Dawout, ou wè kap ekri “La cérémonie du Bois Caïman, le mouvement qui a précédé l’indépendance d’Haïti!” Men moun sa, èske li konnen ke seremoni Bwa Kayiman se yon rityèl Vodou li te ye? Nou ka pale de seremoni Bwa Kayiman, men nou paka pale de yon seremoni ki fèt lakay yon manbo ki fèt yèswa ? Alò ke seremoni Bwa Kayiman s on seremoni kote kochon te sakrifye. Konbyen moun ki fyè pale de seremoni Bwa Kayiman ? Konbyen gwo entèlektyèl, pwofesè ki pa Vodouizan ki pale de fyète de seremoni Bwa Kayiman ? Menm moun sa ki pale de seremoni sa avèk fyète a, yo pap janm pale de yon seremoni lakay yon manbo avèk menm fyète sa. Eritaj, kèlkeswa kote li fèt, kèlkeswa nan ki ane li fèt, rete eritaj nou. Nou pap ka idantifye nou toutotan nou gen kontradiksyon sa yo. E toutotan nou pap ka idantifye nou, toutotan nou pa konn kote nou soti, nou paka avanse. Paske nou pa konn tèt nou.

Ki kote nou ka jwenn liv sa achte ?

M ap fè premye vant siyati Vandredi 29 Avril. Apre sa, mwen swete li pral disponib nan libreri anvan lontan. Pou moun ki pa alèz li fransè, moun ki nan dyaspora, ki ta renmen konnen istwa a : liv la pral disponib an anglè nan ete a, ansanm avèk yon toune pou prezantasyon liv la nan plizyè eta. Istwa a ap mache, e l ap rive lwen.

The post Manbo, Sophia Fecu : “Jodiya, mwen chwazi rakonte istwa m” appeared first on Woy Magazine.

Mwen Fè Yon Ti Chita Pale Avèk Jèn Atis, Pierre Richard Raphaël

$
0
0

“ Depi lè mwen ap desinen, desen vin tounen esans mwen, mwen vin mwen menm tout bon!” – Pierre Richard Raphaël

Yon apre midi mwen wè ti limyè telefòn mwen an ki limen tou wouj, m souri paske li te fè mwen sonje epòk blakbèri. Fwa sa a se pa te yon bbm men yon whatsapp ke yon bon zanmi mwen voye pou envite mwen nan premye ekspozisyon tablo li nan Yanvalou. Jou a pot ko rive mwen te gentan pa te gen kote pou mwen mete kò mwen tèlman mwen te vle wè kisa etidyan ENARTS yo ta pral fè mwen dekouvri. Jou a, lè mwen rive te gen Nathania Pericles, Dominique St Germain, ak lòt ankò, epi nan yon kwen te gen 3 tablo Pierre Richard Raphael ki te atire atansyon ni papa mwen ni mwen jis mwen di: MWEN VLE TABLO SA A! BON… M BEZWEN TABLO SA A NAN CHANM MWEN!!!! Se pa sèlman imajinasyon li ki te enteresan men melanj teknik, maryaj koulè ak tout konpleksite pou rive bay zèv sila a.

IMG_20160520_104920

Yon ti tan apre, lè Gessica Généus ap montre mwen desen pou liv li a, “Yon ti koze ak sè m”, mwen te sezi epi kontan wè ke se Pierre Richard ki te fè yo pou li. Epi lòt jou la a ankò mwen wè se li ki fè kouvèti albòm “Dizan” Belo a. Sa se twòp! Mwen pran pye mwen, mwen desann ENARTS al kontre ak atis la pou li te ka rakonte mwen istwa Pierre Richard. Mwen pase manifestasyon doktè lopital jeneral yo, mwen fè yon ti kanpe gade pou tande revandikasyon yo, epi mwen mache rive nan lekòl la kote yon grafiti Basquiat di mwen bonjou la menm mwen te santi m lakay mwen. Dominique ak Pierre Richard vin akeyi mwen epi nou al chita nan yon sal klas pou mwen te ka poze kestyon mwen yo. Premye bagay, atis la koul men yon jan timid.

2016-05-20 10.18.34

sketch1463701922444

Pierre Richard gen 25 rekòlt kafe e depi 2012 li ENARTS. An 2016 la li gen 2 travay ilistrasyon sa mwen di anvan yo ki pran lari.  Ok, sa se jan mwen te ka dekri misye si mwen pa te bwè on ti fresko avèk li jou sa a.  Pandan konvèsasyon nou an, mwen aprann ke depi li te gen 4 lane, li te kòmanse fè desen. Men rèv li lè li vin pi gran sete vin diplomat tankou yon vwazen li, a kòz de palto vwazen an te konn mete. Lè li rann li kont ke sa diplomasi a ye se pa vès sèlman, Pierre Richard al etidye infotronic sou konsèy papa li. Men lè ou renmen teknoliji men ou pa renmen matematik ou ka pito fè desen nan kou yo olye ou tande sa ki ap di a. Ebyen se konsa, Pierre Richard apre 3 lanne nan tout sa ki pa gen rapò ak desen, li deside di moun lakay li ke li prale ENARTS.  Manman li tankou anpil paran ayisyen te yon ti  jan ap mande kijan li pral fè lajan ak karyè atis sila a. Men lè yo wè bèl rezilta ke li gen, papa ak manman li kòmanse sipòte li a 100%.

Chimen lavi atis la pa te kòmanse an 2012, se yon wout ki te ap trase depi lontan. Lè Pierre Richard te gen 14 lanne li te fè yon desen pou kanpay sou epòk siklòn pou yon ong. Apre sa, nan lanne 2007 li te patisipe nan kanaval « Solèy Leve »ki te fèt sou tèm Sen solèy pou onore gwo mouvman sa a ke defen Tiga te mete sou pye, kote Pierre Richard te fè yon ekip tablo. Epi  li te fè premye ekspoze li nan yanavlou a jan mwen te di sa pi wo a.  E se konsa ke Guy Regis ta pral konseye Gessica pran li kòm ilistratè pou pòtre fanm ke li te vle mete nan liv li a, ak chak desen ki entwodwi chak chapit. Men kòm atis la gen anpil kle nan twouso li, se li menm tou ki tou fè travay grafik pou kanpay pwomosyon liv YON TI KOZE AK SÈ M lan.  Pase pran m m a pase chache w, Gessica refere li bay Belo ki li menm te vle yon foto ak 22 atis ki patisipe nan albòm lan. Dapre sa li te di mwen, li pa t fasil pou lespri li te wè kisa pou li te fè men ann apre li vin jwenn jan pou li mete chak atis nan eleman yo nan menm lakou trankil la.

Instagram Photo

Lè mwen mande Pierre Richard kisa ki enspire li, misye te reponn mwen pou di m ke li chwazi sijè li yo an fonksyon sa ki atire atansyon li. “Mwen renmen langaj ide on sèn genyen, ak jan li fè mwen reve. Toutotan ide sèn nan gen plus langaj nan tèt mwen ak nan je m, toutotan li eksite sans mwen pou m eksprime li nan fason ki pi sanble avek nanm mwen an!”

“Mwen renmen langaj ide on sèn genyen, ak jan li fè mwen reve. Toutotan ide sèn nan gen plus langaj nan tèt mwen ak nan je m, toutotan li eksite sans mwen pou m eksprime li nan fason ki pi sanble avek nanm mwen an!”

Youn nan fraz ke Raphaël te di ke mwen te renmen  anpil se lè li di:

Sanite Belair-Recovered“ Depi lè mwen ap desinen, desen vin tounen esans mwen, mwen vin mwen menm tout bon!” E sa te fè mwen  santi jan li mete tout li menm pou li ba nou yon ti moso nan li nan chak sa li ap fè. Nou konnen jan li difisil pou yon jèn deside vire do bay yon 8 tè- 5 kè pou li viv yon karyè atis. Deja ke paran yo anpil fwa pa janm dakò men nou gen twòp egzanp devan je nou de atis ki malgre yo chache ak anpil ak yon pakèt talan pa rive menm viv “byen”. Yo renmen sa nou fè antan ke atis men yo pa renmen peye pou travay nou tankou se pa yon travay ke li ye. Mwen swete ke Pierre Richard Raphaël ak tout lòt atis ki ap soti ENARTS yo oubyen ki aprann poukont yo nan kelkeswa domèn atistik la, yo ap rive trase ti moso wout pa yo nan mond lan paske nou tout gen plas nou!

Ou ka suiv Pierre Richard Raphaël sou Instagram li ki se : @Rickyphael 

The post Mwen Fè Yon Ti Chita Pale Avèk Jèn Atis, Pierre Richard Raphaël appeared first on Woy Magazine.

Eske Anviwonnman Pòtoprens Ap Rann Nou Malad ?

$
0
0

 Lavi kontinye nan Pòtoprens, nan mitan lafimen machin bogota ak gwo bwi, machann yo parèt chak jou epi depoze fwi ak legim y ap vann yo atè a, nan mitan fatra ak pousyè. 

Yon jou, sa gen kèk lane, mwen chwazi chita nan chèz devan bò kote chofè a nan yon taptap pou mwen rive Petyonvil. Jan sa toujou ye avèk vye machin transpò sa yo, ti machin lan te gen anpil pwoblèm pou monte mòn kote nou ta prale a. Kèk minit pita, yon gwo kamyon avèk yon siy ki make “O-Lavi” sou li ki t ap vann dlo double taptap la. Yon gwo lafimen nwa ki tap soti nan mòflè kamyon an anvayi nou nan taptap nou an ki pa te gen fenèt. Tout moun anndan an tonbe touse, menm chofè a ki te oblije kanpe machin lan pou tann lafimen an desann paske li te anpeche misye wè wout la devan li. 

Depi jou sa, mwen viv evènman konsa pi souvan. Sa fè mwen mande tèt mwen si anviwonnman Pòtoprens ap tounen yon sous maladi pou sitwayen li yo. Genyen 12,6 milyon lanmò ki lye ak pwoblèm nan anviwonnman an chak ane nan lemonn. OMS eksplike ke twa pwoblèm sa yo jwe yon wòl nan kòz pi fò nan 12,6 milyon lanmò sa yo : polisyon nan lè n ap respire a, nivo bwi nan katye yo, avèk move jesyon netwayaj piblik. Nan Pòtoprens li prèske enposib pou ou pa ekspoze a pwoblèm sa yo. Se konsa, mwen deside gade ki jan efè sa yo kapab afekte moun kap viv nan Pòtoprens.

Polisyon Nan Lè N ap Respire

Genyen anpil gaz pwazon ki lage nan lè moun ap respire nan plizyè katye kote moun rete, anpil fwa moun travay nan menm katye kote yo rete tou. Gaz pwazon sa yo se machin avèk fatra moun boule lakay yo ki lage yo nan katye yo. Yon egzanp : lè machann ekspoze kòmès yo nan lari, moto avèk kamyon pase bò kote yo tout jounen. Lè yon chofè estat machin li, machann ak pyeton k ap pase yo respire move gaz ki soti nan motè yo. Moun ki pran transpò piblik respire move gaz sa yo tou lè machin lan kanpe nan blokis, paske pi fò taptap ak machin transpò piblik pa fèmen.

Daprè yon etid ki fèt nan lane 2016, timoun ki soti nan fanmi defavorize gen pi gwo risk pou trape pwoblèm sante respiratwa paske yo ekspoze a anpil polisyon. Plis rechèch sou sijè sa montre ke polisyon nan lè n ap respire kontribye a devlòpman maladi opresyon nan anfans ak adolesans. Menm si poko gen anpil etid sou lyen polisyon ak enfeksyon respiratwa ann Ayiti, enfeksyon respiratwa se youn nan pi gwo lakòz lanmò timoun nan peyi a. Malgre tout konsekans potansyèl sa yo, polisyon pa janm travay poukont li.   

Bwi K ap Fèt Nan Katye Yo

Pi souvan, se gwo blokis ki lakòz pi fò bwi nan katye yo, e sa ogmante otan ke vil Pòtoprens ap devlope rapid rapid. Devlòpman biznis atire plis moun nan vil la chak ane, e sa koze plis blokis ki fè plis bwi. Nan plizyè kominote w ap jwenn : machann avèk megafon pou atire kliyan, legliz avèk gwo sistèm son, machin ofisyèl oswa machin polis avèk sirèn byen fò. Sèn ou jwenn chak jou nan lari Pòtoprens anpil fwa se yon kakofoni. Manke bon jan lwa sou nivo bwi nan lari a, e sa montre ke nou pa bay pwoblèm sa ase enpòtans.

Nan yon anviwonnman kote bwi nan katye a wo, nivo strès moun ka ogmante vit, sitou pou moun pòv ki anpil fwa rete nan katye ki pi chaje ak moun yo. Genyen yon etid ki te fèt nan lane 2015 nan peyi Ghana ann Afrik, etid sa montre ke anpil bwi ki ap fèt pandan moun ap travay ka ogmante nivo yon òmòn ki koze estrès epi li ka ogmante vitès batman kè moun tou. Mwen panse, yo t ap jwenn anpil nan menm rezilta sa yo si etid sa te fèt Pòtoprens. Avèk plis tan, stil vi sa ka mennen yon chay maladi kè lakay moun ki abite Pòtoprens.

Move Sistèm Netwayaj Piblik

An plis polisyon lè n ap respire a, move sistèm netwayaj piblik se yon lòt kòz ki ap afekte sante popilasyon Pòtoprens lan. Anpil katye elwaye pa resevwa sèvis jesyon fatra piblik ki disponib nan vil la. Sèvis prive yo koute anpil lajan, e sa anpeche anpil moun itilize sèvis sa yo. Se konsa, anpil moun plen twou oswa kanal ki pi prè yo, e menm lari a avèk fatra ki soti lakay yo. Lè fatra sa yo pa boule, yo rete chita nan kominote a pandan plizyè jou. Si w ap mache nan lari, li fasil pou w wè boutèy plastik, vye kawotchou, e menm bèt mouri nan pil fatra sa yo. Kèk fwa tou ou ka menm jwenn poupou moun sou twotwa yo, li posib ke 6,3% kay nan vil la pa menm gen watèLapli a trè fasil ale avèk tout malpwòpte sa yo, epi sal lòt sous dlo avèk yo.

Pa genyen yon bon sistèm jestyon fatra nan Pòtoprens, e sa rann moun pi vilnerab pou trape epidemi kolera a ki ap fè dega depi 2010. Sa pèmèt lòt maladi ki bay dyare ke moun pa abitye avèk yo, epi malarya antre tou. Sou tèt sa, epidemi Zika ap gaye ann Ayiti e plizyè milye deja afekte, e se mank sistèm jestyon fatra sa ki fasilite sa.

Pandan m ap tounen soti Peyonvil jou sa, bis mwen te ladann nan fè wout li malgre motè a te gen pwoblèm. Pandan sa ap rive, tout moun nan lari a kontinye jounen yo san yo pa enkyete yo de danje ki prezan toupatou. Nòmalman, twa sitiyasyon sa yo ki detaye nan atik sa mete ansanm pou yo koze pwoblèm ki grav anpil. Malgre sa, fòk lavi kontinye nan Pòtoprens, nan mitan lafimen machin bogota ak gwo bwi, machann yo parèt chak jou epi depoze fwi ak legim y ap vann yo atè a, nan mitan fatra ak pousyè. Se konsa lavi a ye pou pi fò moun ki abite nan Potoprens, yon vil ki gen yon gwo mank sèvis medikal. Lè ou konsidere tout dega pwoblèm anviwònman sa yo ka fè, pa gen anpil chans nan tan ki ap vini yo pou sante moun ki ap viv Pòtoprens yo amelyore. Pou nou ranvèse sa, aktivis pou sante piblik ak prevansyon dwe mete tèt yo ansanm avèk aktivis pou anviwonnman pou konbat menas sa yo. Si nou vle kite yon Ayiti ki pi an sante pou pitit nou yo, sa pral mande kouraj pou nou analize kote nou ye epi vini ansanm pou travay pou yon demen miyò.

 

Photo Credit: Etant Dupain

http://www.kombitproductions.com

The post Eske Anviwonnman Pòtoprens Ap Rann Nou Malad ? appeared first on Woy Magazine.

Peyi Blan An Pa Pou Mwen (Pati Nimewo 1)

$
0
0

Sa se premye pati istwa yon jèn fanm Ayisyen ki rete Ozetazini, e chwa li fè pou li retounen nan peyi li. Istwa ak seri sa pral kontinye nan blog ki rele  wongolotounen.blogspot.com (Twitter: @wongolotounen).

Peyi Blan Pa Pou Mwen

Pati Nimewo 1

Peyi blan an pa pou mwen, m ap tounen nan peyi m. 

Peyi blan an pa pou mwen, m ap tounen nan peyi m. Manman m te konn repete pawòl sa tout tan depi jou nou premye vin Ozetazini sot Ayiti. Li te konn di mwen ak frè m sa chak fwa li te genyen pou li leve bonè pou li al nan travay li rayi a (manmzèl te yon enfimyè). Li te konn repete pawòl sa a lè li te konn tounen lakay byen ta nan aswè paske bis pou mennen l lakay la te anreta. “Nan peyi m m gen 3 machinn ki ap manje pousyè ki ap tann mwen.” Li te menm konn babye pawòl la pandan lapriyè li yo, ak chak fwa li tande nouvèl sou lapolis ameriken k ap fè vyolans sou sitwayen.

Pandan ane yo, jan mwen ak frè mwen te reyaji lè manman m te vle tounen Ayiti ak tout fòs li te varye. Anvan nou pa te dakò ditou, aprè sa nou ezite men nou fini dakò, e aprè on ti tan ankò pawòl sa pa te fè nou ni cho ni frèt. Manman m tèlman repete pawòl la, nou pa te pran li o serye ankò. Rezon ki te fè nou pa te dakò lè nou te premye tande pawòl sa yo nan bouch manman nou se te paske nou te fèk pèdi papa nou. Frè mwen avè m pa te vle aksepte viv san tou de paran nou. Men avèk tan nou vin reyalize ke rete Ozetazini te rann lavi manman nou mizerab, pou jan kè li te kontan chak fwa li te tounen Ayiti pou yon ti vizit. Lè nou vin rann nou kont de sa, pwochenn fwa manmzèl prezante nou ak on plan pou li tounen Ayiti, nou te sipòte desizyon li. Se vre, manman m resi tounen Ayiti. Men li tounen aprè yon mwa sèlman, li deklare ke li te sonje nou twòp. Twòp bagay te chanje, e lavi ann Ayiti san papa m te twò difisil.

Jan m sot di l la, rete isit pa te nan plan nou. Mwen ak fanmi mwen te panse se kèk semèn sèlman nou ta pral vin fè. Papa mwen te malad, e li te bezwen swen lopital. Doktè li ann Ayiti te konseye misye pati al pran swen Ozetazini. Mwen menm ki te pwòch papa m anpil, mwen te refize rete Ayiti san paran mwen. Pou fè m plezi, manman m desann lekòl mwen pale ak Sè Marie Rose, direktris College Saint-Louis Bourdon a lepòk, epi yo devize yon plan ki t ap pèmèt mwen travay a distans pou mwen pa te rate twòp lè nou tounen. Men nou pa janm tounen. Premye pwoblèm nou kontre isit se pwoblèm asirans, papa m pa te gen asirans isit. Nou te gen de chwa : peye tout lajan swen an kach, oswa fè yon aplikasyon ki t ap dire plis tan pou papa mwen resevwa Medicare. Nou te deside fè pwosesis ki pi long lan. Se konsa, yon vwayaj ki te sipoze dire on mwa kòmanse trennen pou plis tan.

Anvan m bat je m, mwen gentan kòmanse lekòl Ozetazini. Diferans kiltirèl la te choke mwen anpil, men mwen fè tout sa m kapab pou m ka ajiste m. Manman m ak papa m te deja gen twòp pou lwa nan tèt yo pou mwen ta va ba yo plis pwoblèm. Anvan sa, mwen te toujou yon moun ki te renmen gen kontak ak moun, men mwen vin tounen on moun ki fèmen. Mwen te toujou rete kache dèyè liv mwen yo, e mwen pa te enterese nan fè nouvo zanmi. Mwen te deja gen gwoup zanmi mwen Ayiti, e mwen te pale  avèk yo prèske chak jou sou entènèt. Aprè yon ti tan, maladi papa mwen te vin estab, e doktè yo te di pa te gen rezon pou yo opere ankò. Se konsa, nou deside pou nou tounen Ayiti. Finalman! Mwen te twò kontan!

Menm nwit nou fin deside nou pral tounen Ayiti a, san kòmanse koule nan nen papa mwen, e nou oblije kouri ale lopital avèk li. Menm kalite nen senyen ki te konn rive misye lè nou te Ayiti. Menm nen senyen ki bay kè sote sa ki te fè doktè dekouvri yon timè nan sèvo li. Menm vye nen senyen sa ki te sispann vini lè nou te rive New York. Wi, nen senyen sa te tounen. Menm nen senyen fè nou bay vwayaj pou tounen Ayiti a vag. Menm nen senyen sa fè yo fè operasyon sou papa m nan Lopital King’s County kote li mouri yon semèn aprè malgre doktè yo te deklare operasyon an te byen pase.

Sa se tout bagay ki ap pase nan tèt mwen aswè a pandan mwen kouche nan kabann mwen, sis lanne depi nou te fèk rive nan peyi damerik. Depi lò, mwen fini segondè, mwen gradye inivèsite ak lisans mwen, e mwen kòmanse karyè profesyonèl mwen. Pandan m ap panse avèk tout sa mwen fin akonpli malgre mwen pa te vle vini isit, e malgre mwen rayi Peyi Blan an, mwen finalman pran yon desizyon sou yon kesyon ki ap fè tolalito nan tèt mwen depi tout lane sa yo. Mwen finalman admèt, e pa menm jan ak manman m, mwen admèt pou tout bon : Peyi Blan an pa pou mwen. M ap tounen nan peyi m.

The post Peyi Blan An Pa Pou Mwen (Pati Nimewo 1) appeared first on Woy Magazine.

Sak Fèt Nan Carimi: Fanatik K ap Pataje Pi Bèl Souvni Carimi Yo

$
0
0

Aprè 15 lane bèl mizik, bèl bal ak bèl souvni, CaRiMi kraze. Sa gen kèk jou depi anons lan tonbe, e poko gen pèsòn ki vin di nou ke nouvèl la se te yon vye blag oswa yon erè, sanble fwa sa se pou tout bon. Nouvèl sa bay doulè paske nan lavi anpil moun, mizik Carimi se tankou mizik nan sinema ki ap jwe anba anba nan sèn lavi yo pandan bèl moman entim, sware plezi ak zanmi, e menm nan moman difisil prive nou. Nou mande fanatik pataje pi bèl souvni yo gen ak CaRiMi. An nou vwayaje ansanm, e sonje 15 lane Konpa en 3 dimensions sa yo, Ca…Ri…Mi :

1. Por Favor

Nou te gen 12 lane. Paran mwen pa te konn kite m soti souvan, men sware sa a yo te resi ban m pèmisyon ale nan on ti fèt. Mwen avèk misye te zanmi depi nou te piti, nou tou de renmen lòt men okèn nan nou 2 a konn sa. Pandan nou nan fèt la, “Player” kòmanse jwe. Misye te timid anpil, men li jwenn kouraj pou li mande m danse, e mwen te twò kontan di wi. Nan moman sa, mwen pa te konnen ke misye t ap premye lanmou mwen. Nan moman sa, nou pa te konnen ke 13 lane pita, nou t ap ansanm toujou. Nan moman sa, nou pa te konnen ke premye dans nan mizik Carimi sa t ap youn nan pi bèl souvni nou ansanm.

– Cynthia


2. Are You Ready? 

Carimi t ap jwe nan Zenith, 8 Me 2010. Mwen sonje sa trè byen. Mwen se te youn nan sèl jounalis ayisyen Carimi te envite vin kouvri evènman an avèk yo. Mwen fè vwayaj la de Ayiti a Pari. Mwen akonpanye mesye yo nan entèvyou pwomosyonèl mesye yo t ap fè, e mwen te enpresyone pou m te wè tout sa gwoup la te vle di, e tout sa gwoup la te vo. Mesye yo fè cho a, mwen wè Carimi ki ap jwe 2 zèd tan, san kanpe. Depi sou premye nòt la, mesye yo anflame le Zenith. Se te yon konsè salle comble. Pou mwen sa te etonan paske mwen potko konnen Carimi te gen tout valè sa. Se vre, mwen te konnen yo te di gwoup la te on gwoup ki rive lwen, e ki pote mizik ayisyen an lwen. Men mwen te panse yo te jis yon gwoup ki te toujou jwenn chans jwenn pwomotè pwograme yo. Men gade yo k ap fenmen Le Zenith poukont yo se te yon lòt bagay. E mwen kontan ke mwen viv evènman sa avèk yo. Si yon moun konnen sa Carimi fè Le Zenith, ou ka konprann nan ki dimansyon gwoup lan te ye paske pa gen anpil gwoup ayisyen ki ka fè sa Carimi te fè nan Zenith jou swa sa a.

                                                                                                                                            – Carel


3. Se La M Pwale

Nou te ale nan yon bal Carimi an 2013, premye bal nou ansanm pandan misye t ap file m toujou. Nan “Cheri Fè M Kado W”, nou bo pou premye fwa. Nou te soti ansanm de fwa anvan bal sa, e bo sa fè nou vin ofisyèl. Prèske 4 lane pita, nou la toujou.

                                                                                                                                           – Lynn


4. Buzz

Youn nan pi bon souvni m ak CARIMI, se te New York, 3 jiyè 2014. Mwen kite Montreal bonè pou m pa rate bal sa, epi mwen malad depim matin. Lafyèv, tèt fè mal, vomisman. Mwen paka kenbe kò m. Zanmi m ki t ap al avèk mwen yo di nou pap ale ankò paske m te twò malad. Mwen fache! M di mwen prale e ke mwen fè mye. Pandan se tan, tèt fè mal la tankou on mato k ap frape nan tèt mwen, e mwen pa santi m byen. Men mwen telman bezwen al nan bal la, ‘m fòse tèt mwen souri e chak fwa yo mande m ” comment tu te sens?” Mwen di “ca va beaucoup mieux.” Sèl Bondye avè m ki te konn doulè m. Mwen pran al kouche depi 5è pou yo ka bliye mwen malad. Kou li fè 9è mwen gentan pare pou m ale. Tout moun sezi men yo pa di anyen. Sou wout la, mwen fè kanpe machin lan, mwen rann tout fyèl mwen. Yo di y ap kase tèt tounen, mwen di “NON!” Kòmsi mwen te konen! Mwen annik mete pye m anndan sal bal la, kè kontan fè tet fè mal la ale. Mwen salye tout ti msye djaz yo, bay kèk blag ak Michael ak Carlo, epi m kòmanse anfòm. Letan pou djaz la kòmanse jwe mwen te gentan geri nèt. Mwen pap janm bliye sware sa, kote mwen te tèlman swaf tande djaz la ke menm maladi pat bloke m!

                                                                                                                                    – Aurelie


5. Chòv

Lè mizik “Fè M Kado W” la te fèk soti, menaj mwen a lepòk (misye pat ayisyen) mande m tradwi e eksplike mizik la pou li. Mwen pa te pale angle byen lè sa, men mwen te twò kontan tradui mizik la pou misye. Misye di m li renmen mizik la anpil.

Kèk tan pita, mwen vin dekouvri ke misye te renmen ak yon lòt tifi ayisyen an menm tan. Misye ale, li dedye “Fè M Kado W” ba manmzèl, e li resite pawòl mwen te tradwi pou li yo ba lòt menaj li a. Se bon zanmi misye ki avwe m sa kèk mwa pita, zanmi an te renmen m e li pat renmen lòt ti dam la. Mwen pat ka sipòte tande mizik sa pandan on bon tan, se lòt jou mwen tande mizik la ankò e mwen rejwenn apresyasyon mwen te gen pou li.

                                                                                                                                      – Melissa


6. Nasty Biznis

Sware bal, sware plezi. Yon ti nostalji monte m lè m ap pale de bal gradiyasyon mwen an 2007. Se te premye fwa ke CARIMI te deside jwe pou yon pwomosyon filo, TERMINAL PERFECT, Collège Canado Haiïtien.

Papa mwen te ban m machin lan jou sa a pou mwen te ka al fete reyisit mwen. Gran frè m pran machin lan men li pote l 2 zèd tan anvan mwen prale nan bal la. Mwen mete chemiz blan, kravat epi m pase palto m, epi mwen met deyò san m pa gad wotè gaz la. Se frechè n ap veye jou swa sa a. Premye sa m fè, m pase pran Christopher sou wout Boudon an, aprè sa m kase tèt monte Petyonvil, epi machin pran pàn gaz ! Nou te gen 2 chwa : se swa nou lage sou woulib rive nan yon ponp pi ba a, oubyen nou kanpe rete tann frè m vin chache nou. Nou pito lage sou woulib rive nan ponp sou Lali a. Ponp gaz fenmen. Lapolis kanpe nou pou li enspekte, men erezman se te yon zanmi fanmi an tout bagay pase byen vit. Nou lage pou ponp nan kafou tifou a kote n resi jwenn gaz la. Kapvoum gaz kole pou Le Florville, men anvan fòk m pase Tomasen 32 pou m al chache bèl ti kòkòt la ki te gen yon bèl rad nwa sou li ak yon chapo tankou nenpòt sta Oliwoud yo. Fòk m di nou ke mwen tonbe nan yon twou anvan m rive kay ti cheri a. tout nèg oblije desann machin lan pou pouse l. Erezman se te yon zo reken. Apre tout peripesi sa yo, nou rive Le Florville kote tout baz zanmi nou te la byen bèl, byen fre. M ap antre nan bal la kou yon pan ak kavalyè mwen ki te deja pi gran pase m ke tout moun ap gade. AHHH si si sèlman Florville te ka pale, li t ap di wi sa l te wè nan sware sa a. Kote lanmou kache, I wanna be, ne t’en vas pas… sa se nostalji pa mwen.

                                                                                                                                      – Etienne


7. Chagren Kriminèl

Menaj mwen te nan prizon, mwen te pral pèdi apateman mwen, mwen te fèk pèdi travay mwen tou. Mwen pa te konnen ki kote pou m ale, oswa kisa pou mwen fè ak lavi mwen. Mwen te poukont mwen, e mwen te santi m dezespere. Mwen sonje mwen tande “Chagren Kriminèl” e mwen te jwenn tèt mwen nan pawòl mizik sa pou plizyè rezon. Mizik sa ede m pase move moman sa. “Je mwen pè louvri pou li gade lòt sous lanmou ki pou nouri kè m. M ap evite yon chagren, yon chagren kriminèl.” Jis jodiya, mwen gen chèdepoul ki monte lè m tande pawòl sa yo.

Ava


8. Bò Kote W

Mwen te ale nan yon bal ak yon ti kòkòt. Se te Akoustik, Carimi 2 janvye La Reserve. Se te premye bal/deyt mwen te ale ak yon ti kòkòt. Li te gen yon bèl ti wòb somon sou li. Akoustik fin kraze sa epi Carimi monte. Ou wè vayb la chanje. Pat gen afè ponpe ankò. Se pran moun ou epi chèche yon jan pou ou danse. Pis dans lan foul. Se lè sa pou ou wè si ou konn danse vre. Se lè sa pou ou konnen si santi bon pou ou byen peze ploge. Si memwa mwen bon m kwè yo te jwe “Wanna Be” ki se mizik gwoup la mwen pi renmen. Lè sa 2 zyem fèmen m santi mwen nan yon lòt mond. Yon mond kote se mwen sèl ak li ki la.
Se youn nan pi bèl nwit m kwè m pase ak yon moun nan yon pwogram. Malerezman moun sa pa la ankò. Mèsi Carimi pou sa w te fè nou viv jou swa sa.

                                                                                                                                     – Anonim


Menm si nou chagren, kè nou plen rekonesans tou. Mèsi Carimi pou bèl souvni sa yo, e nou swete ke nou chak jwenn kè poze nou ap chache a nan lavi sa.

 

Photo via: Carimi Nation

The post Sak Fèt Nan Carimi: Fanatik K ap Pataje Pi Bèl Souvni Carimi Yo appeared first on Woy Magazine.


Lanmou “Tu Voudras”

$
0
0

… nan lavi, tout bagay ki bèl, toujou gen yon lòt move kote …

Lanmou an jeneral se pi bèl riches, pi bèl kado ke lanati ka pèmèt yon moun gen chans dekouvri nan lavi l. Lanmou ant de moun ki deside fè yon wout ansanm se yon bagay espesyal. Lè 2 patnè ki gen konfyans nan santiman yo, kap gade nan menm direksyon, e ki gen chans kwaze nan menm chimen deside mache ansanm, lè sa lanmou bèl. Lanmou sila chita sou konpreyansyon, padon ak anpil lot sakrifis nan mitan moun sa yo ki deside kouwè kokot ak Figaro pa viv younn san lòt.

Men nan lavi, tout bagay ki bèl, toujou gen yon lòt move kote. Tout moun pa konprann lanmou menm jan. Genyen ki pa menm kwè nan li, gen lòt ki pran woulib sou do l pou eksplwate ak bay manti, gen yon dènye kategori ki pran l pou jwèt, ki pa ba l ankenn valè, ni konprann sa yon moun ka santi pou yo. Si pou de moun k ap gade nan menm direksyon lanmou bèl, pou de moun depaman ki pa gen menm dimansyon santiman, li lèd anpil. Se tristès, plenyen, desepsyon elatriye ki toujou karakterize yon istwa konsa e souvan imilyasyon konn reveye lògèy  patnè ki blese a nan pwen pou fè olye li admèt echèk li e mache pòs li,  li al chache sa ki ka fè relasyon an vinn jan li vle a, oubyen fè moun ki t ap fè li soufri a fè on kout soufri tou.

Fenomèn « Tu Voudras » se maji senp ki pa vrèman bezwen prezans Mambo oubyen Ougan poul egzekite. Se resèt ki plis transmèt de fanm ak fanm depi plizyè jenerasyon. Nan kilti pa nou se fanm plis ki itilize cham sila pou kenbe yon nèg kap fè l soufri nan lanmou, oubyen ke li pa fin gen asirans sou santiman li. Cham sila sipoze fè gason mache, vinn dou kou ti bebe e pèmèt fanm lan kòmande. Men sitou nèg la vinn vle relasyon sa plis, dayè se sou baz sa yo ba li non « Tu Voudra » ki vle di ‘Ou pral Vle’ nan bon kreyol.

Tu Voudras vini an plizyè fòm. Kèk egzanp se lè fanm itilize bagay tankou dlo twalèt de ba oswa kilòt nan manje oubyen ji nonm lan pou chame li. Nan kilti nou, sa rive souvan depi yon ti gason fin fèt, manman li fè remèd pou li depi li piti pou li pa pran nan pratik sa yo e viktim de cham.

Gason, pou pran fanm itilize metòd ki pi konplike toujou pami yo nou ka site fenomèn ”Klete devan” ki se yon rityèl ki fèt nan kay mystik ki anpeche fi a al nan relasyon fe bagay ak lot gason. Gen kòm lòt egzanp pou gason koze “pafen monte” an. Ki ka fè yon fanm tonbe depi li pran sant li. Oubyen yo konn mache ak mouchwa monte dèyè poch pou ba yo chans e rale fanm sou yo.

Relasyon ki rete gras ak maji senp sa yo pa janm dire pi devan, paske plis moun nan chame se toujou plis moun ki fin chame l la vin kòmanse pa gen menm santiman an pou li ankò. Anpil fwa cham sa yo konn lakòz anpil foli paske fin fè yon patnè  mache  se youn, kounyea pa vle li ni renmen li ankò e vle kite a se yon lòt. Anpil fwa li pa vle ale.

An nou toujou travay pou lanmou ret bèl san imilyasyon ni « Tu Voudras » pou pèsòn. Tout bagay la chita sou respekte prensip la ki se : pa fè pèsonn santi ou ap itilize li ni abize li sou do lanmou. Chwazi moun nou renmen tout bon. Pa pwoche moun nou pa renmen vre. Renmen ak nanm pou nou evite dezagreman.

The post Lanmou “Tu Voudras” appeared first on Woy Magazine.

Peyi Blan Pa Pou Mwen (Pati Nimewo 2) : Desizyon An

$
0
0

Sa se dezyèm pati seri “Peyi Blan Pa Pou mwen” an, ki rakonte istwa yon jèn fanm ki deside kite New York pou tounen Ayiti. Nan pòs sa, nou wè pwosesis manmzèl te pran pou li rive nan desizyon sa. Klike la pou li premye pati a.

Eske mwen ap fè sa vre? Eske mwen ka tounen Ayiti? Mwen konnen ke mwen vrèman vle sa, men eske li lojik? Eske li ka fèt? Mwen pran desizyon tounen lakay, men kounye a mwen oblije rale ti chèz ba mwen pou mwen konpare bon kote ak move kote nan zafè demenaje vin Ayiti a. Travay sa a plis nan retire nan move kote yo paske pwen negatif yo ta sanble soti tout kote.

Pi gwo pwoblèm jiska kounye a se sante mwen. Mwen soufri asm ak de seri de alèji ki grav anpil. Kèk fwa, ri mwen ri twòp ka fè m kòmanse touse epi pèdi souf jis pou m toufe. Sant fò ak sant sigarèt se satan yo ye pou mwen tou. Kidonk, kijan pou mwen tounen nan yon peyi kote boule kawotchou ak fatra fè pati bagay nou ap respire tout la sent jounen? Mwen pa te ka sispann panse a G-Bobby Bonflo, yon rapè ayisyen ki te gen anpil popilarite ke yon kriz asm tiye pandan ke li gen doktè ak enfimyè sou kote li, an 2011.  Istwa sa a fè mwen pè anpil. Yo te tèlman pran tan pou ba li swen nan lopital la ke yo pa te kapab sove li. Yon lòt bò, papa mwen mouri fè yon kriz kadyak nan lopital Etazini devan doktè ak enfimyè menm jan an.

Mwen mande tèt mwen ki moun mwen ap gen ann Ayiti. Mwen pa gen baz mwen lakay. Wi, mwen gen youn ou de zanmi ak kèk fanmi lwen, men manman m ak frè m yo, bon zanmi m tout nèt ann Amerik. Mwen se pi piti timoun lan pami 4 pitit papa mwen yo, e mwen se sèl fanm. Kidonk yo te toujou dòlote m ak gate m. Se sèl rezon ki fè mwen pa janm nan mache prese pou mwen vin endepandan. Men ki nivo endepandans mwen ka bay tèt mwen? Endepandan se yon bèl bagay men mwen toujou ap bay tèt mwen pwoblèm sou ti fil ki gen ant endepandan ak solitid. Ki moun ki pral kanbe avè m si yon bagay mal pase? Ki moun ki pral kouri lopital avè m si alèji m yo pran m? Mwen sèten se pa granpè m ki deja malad. Eske moun ke m ap viv avè l yo oubyen asosye nan biznis mwen ap sifi? Jan pawòl la di: vwazinaj se dra blan.

Yon zanmi mwen mande m pandan n ap bay blag sou eleksyon ameriken yo: “kisa w ap fè si Trump genyen?” Repons ki pi rapid nan tèt mwen pou m ta di se m p ap rete la menm pou m ta konnen. Jan nouvèl sou jan eleksyon ameriken yo ap dewoule tèlman ridikil ke li vin tounen yon gwo faktè sou desizyon mwen an. Mwen pa di ke eleksyon ann Ayiti yo pi bon  lè nou gen 50 mil kandida, yon ekip reta, yon pil magouy ak peyi cho. Tire moun. kidnaping , tout bagay sa yo fè tèt mwen cho. Men tire moun fèt tou Ozetazini chak jou. Yon bal mawon ka tiye w ann Ayiti, polisye ka tiye w Ozetazini. Yon jèn fi yo te kidnape, toupizi epi touye ann Ayiti nan menm moman an yon fi nwa mouri nan gadavi Ozetazini, Nan tou de ka yo, jistis poko janm fèt (e siman li p ap janm fèt). Tiye moun pa pil ak pa pakèt fèt Ozetazizni, an Frans, ann Ayiti ak tout lòt kote. Jan Djakout di li a: pa gen pwoblèm ki pi dous pase pwoblèm. Si mwen riske lavi m kèlkeswa kote mwen ale a, mwen panse mwen ka pran chans mwen pito nan peyi m. Epi tou, se kote mwen te pi kontan.

Gendwa se yon dezilisyon wi lè mwen di ke Ayiti se la kè mwen te pi kontan. Ayiti se dènye kote ke tout fanmi mwen te konplè epi te ansanm, petèt li se sa paske mwen te yon timoun san responsabilite lè mwen te ap viv la. Lavi ann Ayiti te vreman bon pou mwen. Men kounye a ke mwen vin granmoun kè kontan mwen paka chita sèlma sou fanmi mwen. Manman mwen p ap ban mwen ni machin ni lajan gaz, mwen paka al jwenn papa m lè sa pa bon. Sa pral yon lòt nivo nan endepandans mwen melanje ak solitid. Men mwen deja ap okipe tèt mwen kounya, mwen sèlman dwe fè sa mwen ap fè Ozetazini an lakay kounye a. Si mwen ka konstwi isit, mwen ka konstwi li nenpòt ki kote. Gen siksè Ayiti gen plis pwa pou mwen ke si se Ozetazini.

An fen de kont, mwen pè lè mwen tounen pou mwen rann mwen kont menm jan ak manman mwen ke tout bagay diferan epi pou mwen oblije tounen ak ti ke n nan mitan janm mwen. Mwe pè ke mwen ap chache yon reyalite ki egziste sèlman nan memwa mwen. Pandan tout pwosedi sila a, chak fwa yon pwen negatif vini kit mwen te ka efase l ou pa desizyon mwen an toujou la. Mwen ap tounen nan peyi m, e mwen kontan anpil. Wi, mwen deside. M ap tounen lakay mwen. Kounye a rete m pou mwen jwenn kijan pou mwen anonse manman mwen sa…

The post Peyi Blan Pa Pou Mwen (Pati Nimewo 2) : Desizyon An appeared first on Woy Magazine.

Poukisa Medsen Ayisyen Chwazi Rete Travay Ann Ayiti

$
0
0

Dr. Moise eksplike nou deja rezon anpil jèn medsen ayisyen chwazi kite Ayiti. Lè ou konsidere tout pwoblèm sa yo, ki enterè yon medsen genyen pou li rete travay ann Ayiti? Atik sa te premye pibliye sou blog Dr. Moise.

Sa gen twa mwa, mwen te jwenn chans prezante rezilta yon etid epidemyolojik mwen te fè nan yon konferans Sosyete Fransè Famakoloji ak Terapi; yon enstiti syantifik ki gen kòm objektif avanse rechèch sou dwòg e jan moun itilize yo. Antan ke yon doktè ki fòme ann Ayiti e ki ap travay ann Ayiti, mwen te kontan anpil lè mwen te vin aprann de tout pwomès rechèch medikal pou peyi a. An menm tan tou, nan lespri m te toujou gen dout pa rapò a kantite obstak sou chimen sistèm sante ann Ayiti. Pa egzanp, pandan ke menas epidemyolojik yo vreman divèsifye, manke anpil done ak analiz. Move itilizasyon kapasite lokal yo se youn nan rezon ke nou ka rann responsab. Pandan ke grèv doktè rezidan yo ki ap kontinye toujou, mete deyò pwoblèm ki genyen nan sistèm lan, li klè ke ensifizans nan strikti a te lontan fè doktè yo ale.

Malgre sa, anpil doktè ayisyen chwazi rete travay ann ayiti, menmsi pwomès pi bon kondisyon travay ak plis opòtinite nan lòt peyi yo anpil. Menm nan kominote dyaspora doktè ayisyen nan diferan peyi, anpil doktè anvi tounen travay ann Ayiti, tè manman yo.

Pa gen yon rezon patikilye pou esplike anvi rete oubyen anvi retounen Ayiti a. Yon kòlèg mwen te di m ke Ayiti se sèl kote li santi ke li gen plas li e se sèl kote ke li konekte. Kèlkeswa eta sektè sante a, li ap plis kwè ke li ap rete Ayiti, li fin abitye ak kilti ak jan Ayisyen viv. Gen doktè ki pa gen chwa ditou, yo rete akòz sitiyasyon fanmi yo tankou maryaj ak timoun ki soufri maladi kwonik.

Pou eksplike poukisa yo retounen Ayiti, kèk nan ansyen pwofesè mwen yo te dekri eksperyans eksklizyon, diskriminasyon ak rasism yo te viv nan peyi etranje ki te fè yo tounen nan peyi yo kote yo santi moun pi apresye e bezwen yo. Yon jou, sa gen plizyè lane, mwen te ale an Bèljik pou mwen fè yon staj medikal, pandan mwen t ap montre youn nan anplwaye lopital la paspò mwen, mwen te sezi wè jan li te ap pale m de jan Ayiti se yon peyi tèt anba. Eksperyans sila a te ede mwen konprann yon ti kal nan diskriminasyon sou orijin nou ke lòt yo te ap viv.

Mwen konprann gen rezon pèsonèl ki ka fè yon doktè rete ann Ayiti tankou : jan yo viv, sitiyasyon fami, move eksperyans nan peyi etranje, elatriye. Mwen jwenn doktè ki kite Ayiti toujou bay rezon klè ki fè yo ale, men doktè ki rete yo pa janm ka eksplike poukisa yo deside rete. Men yon bagay ki toujou klè, pou tout doktè ann Ayiti ki eseye eksplike poukisa yo fè chwa sila a, se toujou yon santiman patriyotik, ak devwa yo antan ke sitwayen ki fè yo deside rete.

…konbat ak simonte pwoblèm ki genyen nan sistèm sante ayisyen an se devwa patriyotik nou antan ke sitwayen. 

Mwen dekri sa nan plizyè atik ke mwen ekri : pwoblèm tankou mank kapasite ak inisyatif anpeche sistèm sante ayisyen an avanse. Youn nan konseye mwen yo konfime ke fòk chak doktè, e chak sitwayen ayisyen, evalye angajman yo anvè ayiti olye nou abandone li. Daprè misye, konbat ak simonte pwoblèm ki genyen nan sistèm sante ayisyen an se devwa patriyotik nou antan ke sitwayen. Men konbyen doktè ki gen vizyon ase ki ka rete oswa tounen nan peyi li bay tèt li kòm misyon ede sistèm sante Ayiti vanse?  Pou mwen, se yon lonè pou mwen di ke mwen konnen e mwen travay ak plizyè moun konsa. Pa gen lontan, mwen t ap diskite avèk de kòlèg travay, e yo dakò ke si yo ta kite ayiti yo t ap genyen mwens kè sere, men mwens kè kontan. Yo te pran desizyon pa yo sa gen plizyè lanne, lè karyè yo te fèk ap kòmanse nan lane 80 yo, motivasyon yo se te ide yon pwojè ki ta pral bay doktè ayisyen fòmasyon pou rezoud pwoblèm sante ann Ayiti. Fòk mwen di nou, kòmanse yon pwojè sante ann Ayiti, se pa yon tach ki fasil ditou. Mwen konnen paske òganizasyon ke mwen te ede fonde ki rele integrAction gen lontan depi li ap chèche yon estrateji pou akonpli misyon li, ki se : amelyore edikasyon ayisyen sou zafè lasante. Men plis mwen travay sou sa, plis mwen reyalize ke lanmou yon moun pou peyi li, patriyotism li, se li ki kle ki pral motive ou pou kontinye travay sou yon pwojè konsa. Pou mwen, pa gen dout ke sa se pi gwo rezon doktè chwazi rete travay ann Ayiti menm lè yo gen opsyon al travay nan lòt peyi. Sa se yon fòs motivasyon ki enpòtan anpil, erezman pou Ayiti paske Ayiti bezwen doktè sa yo anpil.

Sa vin mennen nou a pwochen rezon ki genyen pou yon doktè rete Ayiti : yon anvi pou ede moun. Mwen p ap pale de yon lanne sèvis doktè fè pou remèt leta lajan li depanse nan fòmasyon doktè yo. An jeneral, Ayiti nouri pèsonalite ak imajinasyon tout moun ki janm rete ladann. Li fòme moun nou vin ye (doktè tou) atravè yon seri moman difisil ak moman viktwa tou. Pou anpil doktè ayisyen, rete ann Ayiti se chans yo pou yo kontribye nan yon sistèm ki bezwen yo.

Photo credit: Adam Bacher

The post Poukisa Medsen Ayisyen Chwazi Rete Travay Ann Ayiti appeared first on Woy Magazine.

Fristrasyon Yon Jèn Ayisyen Ki Refize Vote Nan Eleksyon

$
0
0

“Di Mwen” se yon emisyon radyo sou entènèt ki dedye a pataje istwa ayisyen nan yon fason ki onèt e pèsonèl. Sa se twazyèm pati yon seri ki rele “Haiti Election, WTF?!” kote emisyon “Di Mwen” an ap kouvri diferan pèspektif sitwayen ayisyen genuyen sou eleksyon prezidansyèl 9 Oktòb 2016 yo. Seymour Billy se yon jèn etidyan ayisyen ki refize patisipe nan eleksyon k ap vini yo. Sa se yon entèvyou kote misye eksplike poukisa li pran desizyon sa. 

“Se pa mwen ki chwazi pa vote. Yo fè m pa vote.”

Selon Enstiiti Demokrasi ak Asistans Elektoral, kantite elektè ki deside patisipe nan eleksyon ann ayiti vin pi ba chak sezon eleksyon depi lane 2000. An 2015, plis ke 80 % elektè ki gen kat elektoral pa te menm patisipe nan premye tou eleksyon yo. Seymour Billy Windley fè pati moun sa yo.

Se vre, ou te ka panse ke pou yon moun tankou Seymour ki se yon etidyan antwopoloji ak sosyoloji nan Pòtoprens, vote nan eleksyon se t ap yon chwa otomatik. Men pou jèn gason 28 lane sa a, li deja pèdi konfyans nan sistèm elektoral la paske li poko janm wè chanjman. E dapre misye, anyen pap janm chanje. Seymour kwè ke sistèm lan fòse moun tankou li pa vote, “Se pa mwen ki chwazi pa vote. Yo fè m pa vote.”

Ane pase eleksyon an te tankou yon kanaval. Seymour te deja predi ke eleksyon prezidansyèl 2015 lan pa ta pral fèt vre, e li te gen rezon. Te gen 54 kandida pou prezidan, malgre sa Ayiti vin jwenn li an 2016 avèk yon prezidan pwovizwa, Jocelerme Privert, ke la chanm enstale.

“Pa pale m de sitwayènte lè gen eleksyon pandan ke 4 an anvan yo ou pa janm wè m kòm sitwayen, ou pa janm wè m kòm moun.”

Ou ka di ke dwa pou vote se sa ki fè diferans ant yon demokrasi avèk lòt sistèm gouvènman yo. Sou sijè sa, Seymour di : “Mwen pa renmen lè politisyen ap fè sitwayen kwè ke vote se dwa sivil politik yo pandan ke yo bafwe dwa sivil, dwa ekonomik yo.” Anvan eleksyon 2015 la, nan anpil katye ou te ka jwenn gwo kamyon ki ap fè anons byen fò pou ankouraje moun al vote. Seymour pa dakò bagay sa, “Pa pale m de sitwayènte lè gen eleksyon pandan ke 4 an anvan yo ou pa janm wè m kòm sitwayen, ou pa janm wè m kòm moun.” Ann Ayiti bagay de baz tankou sante, kote pou rete, dlo potab ak egalite ant sèks yo pa menm disponib pou tout popilasyon an. Nou pa ta dwe sezi lè pi fò moun deside pa al vote.

Malgre tout sa, kominote entènasyonal la te sèvi kòm esponnsò pou eleksyon 2015 yo. Yo deklare objektif sipò yo se pou ranfòse gouvènman ayisyen an. Fon pou eleksyon yo soti Ozetazini, Kanada, Inyon Ewopeyen, Japon, Brezil, Trinidad ak Ajantin. Ozetazini li menm te bay 33 milyon dola. Lajan gaspiye.

Petèt lajan sa t ap pi byen depanse si yo te itilize fon sa yo pou ofri plis resous pou lajenès peyi a. Seymour panse pwogrè peyi a chita sou lajenès. 70% nan popilasyon ayisyen genyen mwens ke 29 lane, yon gwo kantite nan gwoup sa pa konn li e nan chomaj. Menm lè yon moun jwenn chans jwenn yon edikasyon, avanse nan sosyete a difisil san marenn ou parenn oswa ou san yon fanmi ki gen non ak kontak. Seymour se yon viktim sitiyasyon sila a ki pa janm chanje. Misye ap travay sou tèz li nan moman an, e li sispèk ke rezon li poko ka jwenn yon pwofesè pou sèvi kòm konseye se paske li pa soti nan youn nan bon fanmi sa yo.  Sa ki pi mal la, Seymour abitye tande moun di “Sa lekòl vo ? Sa inivèsite vo ? Martelly pa te lekòl men li te rive vin prezidan.” Michel Martelly (Sweet Micky) pa te ale inivèsite, men li te rive genyen nan eleksyon pou prezidan (se vre genyen ki di ke se kominote entènasyonal la ki chwazi Martelly epi mete li sou pouvwa, pa pèp la.)

Manke modèl ak opòtinite nan peyi a, sèl solisyon ki genyen pou anpil moun se kite Ayiti. “Si ou renmen peyi a, kite l.” Se konsèy sa Seymour resevwa nan men plizyè moun. Toupatou nan lemond, Ayisyen ap etidye, travay pou fè lajan, e ap itilize konpetans yo pou ede lòt peyi. Yon jou, Seymour yon jèn entèlektyèl ki ap evolye, ka byen fè pati de kominote sa a.

Ki moun ki ka blame Seymour si li kite Ayiti?

Majorite minis, prezidan, ki kote timoun yo ap viv ? Majorite pitit yo, lòt bò yo kite yo. Paske [Ayiti] pa gen anyen.” Seymour di pawòl sa avèk yon ton anmè. Elit ak lidè ayisyen yo evite afwonte anpil nan konsekans move gouvènans yo paske pitit yo pa la, pitit yo an sekirite nan lòt peyi. Yo ka monte avyon lè bagay yo myèl. Moun ki rete dèyè yo oblije viv move konsekans aksyon lidè sa yo. Eske se pa fòt lidè yo ki fè dwa moun pa respekte? Oswa èske se pèp ayisyen an pou nou blame ki pa fè lidè yo fè fas a responsabilite yo? Eske se kominote entènasyonal la ki responsab  fonde ak benefisye de yon leta ayisyen ki pa mache ? Oswa èske se fòt Seymour paske li pèdi konfyans nan pwosesis demokratik la ?

Dapre Seymour, demokrasi fè plis mal ke byen ann Ayiti. Manifestasyon, dappiyanp nan eleksyon, piyaj, lekòl ak travay fenmen, avèk ensekirite komen anpil nan sezon eleksyon. Demokrasi poko janm ka ralanti koripsyon sa, sa vin rann Seymour san lòt opsyon.

Sitiyasyon Ayiti a lakòz anpil emosyon ak pale anpil. Pou anpil moun, yon nostalji pou epòk rejim Duvalier yo. Yon rejim ki te anprizone e tiye moun ki te pale kont leta. Sou Duvalier, moun tankou Seymour pat ap ka osi onèt avèk nou apwopo de kisa li panse de leta. Li posib ke libète pou pale sou sa ou kwè se sèl eleman pozitif demokrasi entwodui ann Ayiti.

Daprè Seymour, plis rechèch ta dwe fèt pou jwenn yon sistèm dirab pou Ayiti. Misye pwopoze yon lòt modèl, yon bagay konplètman diferan de sa Ayiti eseye deja yo. Kisa modèl sa ta sanble, misye di pa gen moun ki poko ka imajine sa. Men yon bagay klè : Bagay yo dwe chanje. Toutotan sa poko fèt, Seymour konkli, pap gen anpil espwa.

Ou ka tande rès entèvyou Seymour la sou “Di Mwen.”  

The post Fristrasyon Yon Jèn Ayisyen Ki Refize Vote Nan Eleksyon appeared first on Woy Magazine.

Kòman Nou Pral Konbat Kolera Ann Ayiti Aprè Siklòn Matye

$
0
0

Lapli t ap tonbe pandan machin nou an t ap fè wout pou vil Ench. Mwen menm avèk Kal t ap mennen yon ekip medsen ak lòt pwofesyonèl pou fè rechèch sou diferan aspè nan zafè epidemi Kolera a nan depatman Sant la. Pandan nou te sou wout la, nou pat ka wè pi lwen ke 5 mèt devan nou, poutèt gwo lapli ki t ap tonbe a. Mwen sonje, kèk jou avan sa, mwen te tande pale de yon siklòn Matye ki t ap fòme nan Atlantik la. Gwo lapli sa ki t ap tonbe nan Ba Plato a te ban m yon koudèy sou kalite dega anviwonmantal ak sante yon siklòn konsa ta pral fè nan peyi Dayiti. Strès mwen ogmante lè mwen sonje ke depatman sa se kote epidemi kolera a te frape pi fò e an premye depi sòlda MINUSTAH te pote maladi a nan peyi a.

Siklòn Matye, se plis nan zòn Sid la li fè dega, li afekte prèske 80% kay nan Jeremi nan Grandans. Pi fò bèt, rekòt, avèk dlo potab ale. Jan otorite yo te predi li a, ka kolera yo ogmante vit nan nan Sid la. Aprè rechèch mwen te sot fè nan Sant la, mwen gen kèk estrateji mwen ta renmen pwopoze pou ede nou konbat kolera aprè Siklòn Matye.

Entèvansyon sante piblik gen plis chans jwenn bon rezilta lè manm kominote ke nou pral sèvi a fè pati entèvansyon sa.

Premye bagay mwen aprann pandan vwayaj sa genyen pou wè avèk youn nan prensip debaz sèvis piblik. Lè n ap pran gwo desizyon sou entèvansyon sante piblik, nou gen plis chans jwenn bon rezilta lè manm kominote ke nou pral sèvi a fè pati entèvansyon sa. Sa vle di, moun ki atache a vil la, ki kenbe espwa pou yon demen miyò menm lè y ap fè fas a gwo obstak tankou sa Siklòn Matye sot kite dèyè l la. Daprè mwen, teknisyon dlo ak sanitasyon minisipal yo, ke yo rele TEPACC reprezante lide sa. Moun sa yo se rezidan nan vil kote yo ap sèvi yo. Anpil fwa, yo se inivèsitè oswa pwofesyonèl ki travay nan zòn lan, e yo responsab idantifye tout sous dlo e jere estrikti sanitasyon yo, menm nan zòn ki pi elwanye yo nan peyi a. TEPACC yo responsab asire ke dlo pi fò moun ap bwè a pwòp, e fè si ke travay pou netwaye poupou (travay bayakou) fèt byen.

Travayè sa yo konnen zòn kote yo travay yo byen. Pandan nou te Mibalè, Granden ak Kamo, TEPACC yo gide nou pou nou rive zòn elwanye, e yo te enfòme nou sou tout ti detay sou lavi nan zòn sa yo kote kolera kontinye fè ravaj depi 6 lane. Efò pou konbat kolera yo t ap fè plis efè si travayè sa yo te jwenn plis sipò ak ekipman ke yo pa genyen konya tankou : moto pou yo ka rive nan zòn ki elwanye e ki pa gen bon wout, òdinatè avèk telefòn selilè pou fasilite kominikasyon. Aprè Siklòn Matye, paske anpil sistèm pirifikasyon dlo yo detwi, li enpòtan pou nou ofri travayè TEPACC yo plis resous.

Fòk nou kontinye konsantre sou zòn kote kolera te deja ap fè dega anvan siklòn lan, menm si Siklòn Matye pa te tèlman afekte zòn sa yo.

Sitiyasyon epidemi kolera nan Depatman Sant lan montre aklè vilnerabilite kèk rejyon kote kolera pèsiste depi an 2010 ann Ayiti. Se vre, inondasyon yo kontamine sous dlo nan Sid yo, ki vin koze plis ke 400 ka kolera ki poko konfime jodiya. Malgre sa, fòk nou kontinye konsantre sou zòn kote kolera te deja ap fè dega anvan siklòn lan tankou rejyon nan Nò, Sant, Latibonit ak Lwès, menm si Siklòn Matye pa te tèlman afekte zòn sa yo. Rechèch montre zòn sa yo kote kolera ap pèsiste depi an 2010 yo ka lakòz kantite ka yo remonte nan peyi a nan sezon lapli a, paske transmisyon maladi a pèsiste menm nan sezon sèk la. Lè ou wè ka kolera yo ogmante konsa, tankou sa k ap pase nan vil Randel nan sid konya (kote kolera te prezan menm anvan siklòn lan) se paske kolera andire nan peyi Dayiti depi 6 lane. Sa vle di, sou tèt risk Siklòn Matye ajoute nan sitiyasyon kolera sa, zòn sa yo kote maladi a te deja ap fè dega anvan siklòn lan toujou reprezante yon gwo danje e bezwen anpil atansyon pou elimine kolera nan peyi a.

Vilnerabilite zòn ki te deja arisk  pou kolera yo pa desann aprè Matye, e zòn sa yo ta dwe fè pati rekonstriksyon sistèm dlo e pwoteksyon sous dlo ki pral fèt konya yo. Nan Mibalè, mwen vizite yon sant trètman kolera kote te genyen yon santèn ka nan sèlman twa dènye jou anvan mwen te vizite yo. Gen yon ofisye nan yon ONG ki ap travay nan konbat kolera nan zòn lan ki raple mwen ke epidemi a t ap ravaje nan zòn sa yo byen anvan Matye te pase. Fòk nou pa bliye sa.

Aspè edikasyon an enpòtan anpil paske anpil moun rete kwè ke “se nan lè a kolera a ye.”

Nan yon sitiyasyon konsa, mwen pa dakò avèk anpil nan kòlèg mwen yo ki pa wè enpòtans vaksen kolera a, yo kwè ke vaksen an se yon gaspiyaj tan, lajan ak enèji. Men OMS (Oganizasyon Mondyal pou Sante) pwomèt yon milyon vaksen bay Ayiti, e 500.000 moun ka benefisye de vaksen sa yo. Se vre, vakine moun paka rezoud pwoblèm kolera a nèt, men sa ka ede nou konsève tan ak resous pandan n ap konsantre sou ranfòse kapasite nou pou nou reponn a nouvo ka, ogmante disponibilite dlo potab avèk sanitasyon, epi edike popilasyon ki arisk espesyalman aprè yon katastwòf tankou Matye. Aspè edikasyon an enpòtan anpil paske anpil moun rete kwè ke “se nan lè a kolera a ye.” Se konsa yon mesye di nou pawòl sa, jis avan li plonje san krènt nan Rivyè Latibonit la ki plen salte ki sot nan mache a, prizon an ak labatwa a.

Pwoblèm Siklòn Matye kite dèyè yo poko prèt pou rezoud. Defi ki devan nou yo pou rive elimine kolera anvan lane 2022 yo anpil. Selon eksperyans mwen nan rechèch mwen fè nan depatman Sant lan sèlman, mwen ka di nou ka jwenn anpil benefis si nou ranfòse wòl travayè TEPACC yo, pou nou asire sivèyans ki djanm nan zòn kote kolera tap ravaje anvan siklòn lan, epi pou nou pwofite de moman sa pou nou vaksine moun pou evite plis enfeksyon. Tach la lou, men konya pa yon tan pou nou dekouraje ni pou nou fè parese. Se vre, pou tèt Siklòn Matye Ayiti fè back, men li ofri nou yon opòtinite pou nou pouse Ayiti devan pou nou fè bon jan pwogrè dirab.

Photo credit: Etant Dupain

kombitproductions.com

The post Kòman Nou Pral Konbat Kolera Ann Ayiti Aprè Siklòn Matye appeared first on Woy Magazine.

Tou Pre Lakay

$
0
0

Eske m ap sonje vil kote m te fèt la, epi èske vil sila a ap akeyi mwen?

Eske lè mwen tounen lakay moun ap toujou gade mwen tankou yon etranje? Tout lavi mwen, mwen te yon etranje, yon imigran, yon moun deyò. Mwen te oblije fè yon ti kanpe epi poze tèt mwen kesyon sa yo : «  Ki bò ou sòti ? » « Ki bò MWEN sòti ? » Anpil fwa, aksan mwen yo bwouye menm jan ak ansyen vil yo ke mwen paka distenge youn ak lòt nan foto. Ansyen souvni mwen yo pote lajwa ak nostalji pou kote ak moun ki pa egziste ankò, ke lòt figi ak nouvo kote vin ranplase kounye a.

Sa te gen ven lanne apre fanmi mwen kouri pou chape yon gwo diktati vyolan ann Ayiti, e mwen fè yon ti gade nan fenèt avyon kote m te chita a. Mwen wè nyaj k ap pase tou dousman, avèk mòn vèt ki klere kou emwòd anba solèy la. Anba nèt, mwen te ka wè jaden ak rekòt ki t ap parèt tèt yo pou sezon an. Lè nou ateri nan ti ayopò Okap la, mwen mande tèt mwen : èske m ap sonje vil kote m te fèt la, epi èske vil sila a ap akeyi mwen?

Mwen debwouye pou mwen soti nan mitan pakèt moun ak pakèt bri ayopò a ak ti malèt mwen an, pou mwen te ka al jwenn papa m ki t ap tann mwen. Tankou tout lòt granmoun gason ayisyen ke mwen te konnen, papa m kanpe tèt dwat ak tout fyète li ak yon gwayabèl blan. Chemiz papa m lan rete blan kou dan zonbi san okenn pli malgre chalè Karayib la ki te gentan ap fè mwen bay tout dlo nan kò mwen. Sanble li refize vyeyi, li te sèlman vin pi fonse depi dènye fwa mwen te wè li a. Li louvri de bra li pou li ban mwen yon gwo akolad anvan mwen te ka menm gentan di anyen.

Nou monte machin li an, nou kondwi sou wout la nan mitan yon pakèt bis tout koulè ak bèf. Nan vit machin lan m ap gade vil Okap, yon ansyen vil kolonyal ansyen ak on pakèt batiman koulè pastèl prèt pou tonbe anba pwa estil balkon Franse avèk anpil ane neglijans. Sou yon bò, genyen gwo mòn ki kanpe king pou pwoteje vil la, e sou lòt bò a vil la lage anba men yon lanmè koulè ble kristal. Papa mwen te kontan montre m diferan kote :

« Ou sonje ou te konn jwe la a ? »

« Nou te konn al bwè krèm la a chak dimanch. »

« Sa se kay madanm ki te konn pran swen ou lè ou ti bebe. »

Li fè sa sou tout wout la, san rete.

Machin lan kanpe bò plas vil la kote katedral wòz e blan Nòtre Dam lan kanpe. Te gen gason ki t ap jwe domino ak jèn timoun ki te pèdi tèt yo nan yon match foutbòl. «  Mwen te pwomèt matant ou ke li se premye moun w ap wè lè w rive. » Men sa papa m di m kòm esplikasyon. Mwen desann machin lan pou m te ka degoudi pye mwen pandan m ap travèse foul moun la. Moun ki te devan m lan, se pa egzakteman mwen menm jan m ye la a non, men se konsa m ap ye nan 20 lanne.  « Marley » Matant mwen rele m pa dezyèm non m ke sèl fanmi mwen itilize, li kwoke m « Byenvini lakay ou ». Mwen leve tèt mwen, je mwen tonbe nan de je ki te tankou pa m epi ki t ap kriye tou.

Men mwen. Mwen lakay mwen.

The post Tou Pre Lakay appeared first on Woy Magazine.

Èske Senbòl Alfabè Kreyòl Yo Merite Nouvo Non?

$
0
0

Gen yon manti ki antre fon nan tèt anpil moun, ki di ke kreyòl la pa gen ni alfabè ni sistèm òtograf. Twò souvan, mwen tande moun di : “Pa gen bon fason pou n ekri kreyòl. W annik ekri sa w pi pito.” Pawòl sa a se manti. Si ou fè pati de moun ki te kwè nan manti sa a, se pa fòt ou nèt. Anpil nan nou pa t gen chans wè kreyòl ekri souvan, epi dokiman sa yo ki te ba w chans pratike otograf kreyòl la, gen anpil chans yo pa te respekte òtograf ofisyèl la. Mwen menm, se lè dimanch m te pi souvan  vin abitye  fè lekti an kreyòl, nan liv Chants d’espérance la epi nan gwo Bib kreyòl papa m lan. Menm nan de liv sa yo, sanble yo pa t ka antann yo sou ki jan pou yo eple diferan mo kreyòl yo. Men, pa kite konfizyon sa yo dekouraje w aprann sistèm otograf kreyòl la selon règ ofisyèl ki deja egziste jodi a.

Si fason ke w eple mo an franse tankou “des oeufs” oswa “pneumonie” janm enève w, w ap renmen jan yo ekri lang kreyòl la.

Kreyòl la gen yon òtograf ki espesyal paske òtograf la chita sou envantè son ki gen nan lang lan.  Se pou sa lengwis yo rele òtograf la “transparan.” Sa vle di ke mo yo ekri avèk senbòl ki koresponn ak son ke w tande nan zòrèy ou. Pa gen okenn lèt ke w pa pwononse.  Pa gen okenn lèt ki pa kontribye anyen nan pwononsyasyon mo yo.  Epi pa gen okenn lèt k ap fè n sezi  tankou ann anglè oubyen an franse. Si fason ke w eple mo an franse tankou “des oeufs” oswa “pneumonie” janm enève w, w ap renmen jan yo ekri lang kreyòl la. Alfabè kreyòl la “mòfo-fonemik”.  Sa vle di: chak lèt oubyen konbinezon lèt reprezante yon grenn son nan lang lan. Sa rann li pi fasil pou moun k ap aprann li ak ekri, menm moun ki gen maladi tankou disleksi.

Michel DeGraff te esplike lide sila a nan yon entèvyou nou te fè ak li ke nou te pibliye ane pase : “…òtograf ofisyèl kreyòl la pi lojik pase òtograf franse ak angle. Annik konpare jan ou ekri ‘automatic’ ann angle, ‘automatique’ an franse epi ‘otomatik’ an kreyòl.   Ki òtograf ki pli fasil?  Son ke n reprezante ak grenn lèt ‘k’ an kreyòl, nou ekri l ak 3 twa lèt an franse: ‘q’, ‘u’ epi ‘e’.  Son ke n toujou ekri ak yon grenn lèt ‘o’ an kreyòl, òtograf franse a ekri ‘au’ oswa ‘o’ (nan mo ‘automatique’ la) epi ‘aud’ oswa ‘aux’ oswa ‘eau’ oswa ‘eaux’ oswa ‘ault’, oswa ‘ôt’, elatriye.  An kreyòl, son ‘o’ a toujou ekri ‘o’.  Bingo!”  Sa se te yon ti detay. DeGraff rive jwenn referans ki montre 46  fason diferan ke w ka ekri son “o” a an franse.

Mandaly Louis Charles ak Michel DeGraff (ki  se pwofesè nan MIT) sòti chante sila a ane pase pou yo ka ede moun aprann alfabè kreyòl la.

Bèl mizik, pa vre? Ou siman ap mande tèt ou pou ki sa konbinezon lèt yo fè pati alfabè a. E byen se paske jan nou te deja di sa, kreyòl la “mòfo-fonemik.” Tout lèt ki poukont yo ansanm ak konbinezon 2 oswa 3 lèt yo, se sa ki pèmèt nou reprezante chak grenn son ke w itilize lè w ap pale kreyòl. Kidonk, si ou memorize  sistèm sa a, ou ta dwe konnen ki jan pou w ekri mo kreyòl yo jan w pwononse yo, san w pa bezwen yon diksyonè jan ou ta bezwen sa lè w ap aprann ekri franse ak angle.

Petèt li tan pou n vreman fè alfabè kreyòl la mèt tèt li.

Ou dwe ap mande tèt ou tou, pou ki sa chante a  rele senbòl yo “a,” “ba,” “cha,” “da” olye de non franse nou abitye itilize yo. Mwen te gen menm kestyon sa a. Nou mete aklè anpil bagay nan lang kreyòl la;  men, genlè rete  pou n jwenn non pou 32 senbòl sa yo nan alfabè a. Anpil moun panse ke nou ta dwe itilize non lèt nan alfabè franse a menm  lè n ap aprann alfabè kreyòl la. Mandaly Louis-Charles ak Michel DeGraff itilize silab “a”, “an”, “ba”, “cha”, etc. pou moun k ap tande a gen yon bon lide de jan lèt sa yo sonnen an kreyòl epi ki jan yo sèvi nan lang lan.  Epi tou, yon lòt avantaj se paske ‘a’ se vwayèl ki itilize pi plis nan mo kreyòl.  Men yon lide : E si nou tou itilize non sa yo  (“a”, “an”, “ba”, “cha”) pou non ofisyèl senbòl yo nan alfabè kreyòl la? Petèt li tan pou n vreman fè alfabè kreyòl la mèt tèt li.

Kèk nan non franse ke nou itilize pou alfabè laten an pa gen sans nan kontèks kreyòl la. An nou kòmanse ak lèt G a. An kreyòl, G sèlman remèt yon son g ki di  tankou nan “gòl”. Men li pa janm fè son g  ki mou tankou nan mo franse “gèl” (se lèt J a ki ban nou son sa a an kreyòl; se pou sa n ekri “jèl”). Non franse pou lèt G a se “jé” (si n ap itilize òtograf franse a). Rele G menm jan ak an franse ki se “jé”, sa pral fè ke non senbòl la pa koresponn ak son pwononsyasyon kreyòl la. Gen yon rezon ki fè ke nou rele lèt K a “Ka” an franse. Non “Ka” a fè nou konprann byen rapid ki son ke lèt K a fè. Lè nou sèvi ak silab  “Ga” a kòm non kreyòl pou senbòl G a, sa tou rezoud pwoblèm sila a paske li fè non lèt G a (egal: “Ga”) pwodwi son ke lèt G a pote pou mo tankou “galon”, “gason”, “genyen”, elatriye.

An nou gade senbòl R la ki parèt nan lang kreyòl la. An jeneral, R pa  pwononse nan fen silab yo. An kreyòl, mo franse tankou frère ak père tounen frè ak . An reyalite, son R sa a nan fen silab tankou nan mo franse “or” oubyen “aire” pa soti nan bouch moun ki pale kreyòl sèlman oubyen nan bouch moun ki, jan yo di  a, pale kreyòl rèk. Pifò moun ki pale kreyòl sèlman  ap di w “è” pou mo franse “aire”. Non pou R nan lang franse a vini ak son R la ke yo mete nan finisman yon silab, sa ki pa janm rive nan kreyòl la (sof si w ap eseye pale chèlbè  oubyen ou se moun Okap). Si n rele senbòl R la “Ra” an kreyòl, sa ap tou rezoud pwoblèm sa a tou. Non “Ra” sa a montre jan yo itilize lèt R la devan vwayèl nan lang kreyòl la tankou nan rara.

Non franse pou senbòl W a yon jan dwòl tou. Non franse a dekri ki sa lèt la sanble, “Double v”. Nan ka sila a nou gen yon non ki vreman twò long e ki pa bay moun k ap tande a okenn poul sou ki son senbòl la fè. Imajine w k ap montre pitit ou ki jan pou li eple non li “Willy”. Ti Willy ap kòmanse di sa yo te aprann li “www-iii-lll-yyy”. Men, nan tout sa a, ki bò li sipoze tande “double v” sa a menm? Alòske, yon non tankou “Wa” tou montre aklè son ke lèt sa a fè.  Epi lang ou p ap vire lè w ap pwononse non lèt sa a.

Si se vre kreyòl la se yon lang tout bon, pou ki sa nou oblije kontinye trete l tankou ti sè franse oswa rèstavèk franse?

Si nou vle vante tèt nou sou jan òtograf kreyòl la transparan, pou ki sa nou pa tou fè non alfabè a klè tou? Si se vre kreyòl la se yon lang tout bon ki gen règ pa li ansanm ak sistèm pa li, pou ki sa nou oblije kontinye trete l tankou ti sè franse oswa rèstavèk franse, kote n ap prete tout bagay nan men franse a,  ata non lèt yo, pandan ke nou gen opòtinite pou n kreye yon sistèm ki, non sèlman pou nou, men, ki mache byen?

Se vre, sijè sa se pa li ki pi enpòtan nan avansman kreyòl la. Men, se yon bagay nou ta dwe reflechi sou li. Ann atandan, mwen kontan wè plis moun ap fè efò pou yo aprann li ak ekri kreyòl. Plis piblikasyon ap pwodui kontni an kreyòl pou montre ke lang  lan  ka pale sou sijè ki pwofon e teknik. Epi konba pou kreyòl la sèvi nan lekòl la ap kontinye pou timoun ayisyen ka aprann byen. Bon mwa kreyòl tout moun!

The post Èske Senbòl Alfabè Kreyòl Yo Merite Nouvo Non? appeared first on Woy Magazine.


Atis Nou Damou Ki Te Nan Konkou Chante Nwèl

$
0
0

Te gen yon epók an Ayiti, pa te gen nwèl san Konkou Chante Nwèl sou Telemax (jiskaske moun ou konnen mwen konnen an fè televizyon an vin aloral.) Nou te gen chans konnen anpil atis ki te kòmanse devan ti abdenwèl Telemax la e ki kounye a swa chanje branch nan mizik la, swa gwo sipèsta nan hmi. Men yon ti lis ke nou fè pou raple nou kèk nan yo.

Ti Ansyto

“Nwèl Ayiti ze toujou gwo zafè.” anvan Top Digital ak Kreyol La anvan Maestro :

Carimi

Anvan Ayiti Bang Bang, anvan nèg yo kraze djaz la. Anvan Kaï :

Mikaben

 Anvan Mika. Anvan Krezi. Anvan Konbeat. Anvan li te fè on ti pase nan Carimi.

Barikad Crew

anvan yo te pote T a.

Salina Charles 

Anvan li genyen konkou Digicel Stars :

Roosevelt Jean Noel

Pandan li te nan Alabanza. Anvan Krezi.

Stanley George

Anvan li te konmanse karyè solo li. Anvan Krezi. Anvan li tounen nan levanjil.

 

Ki lòt atis prefere w ou te dekouvri sou Konkou Chante Nwèl ?!

The post Atis Nou Damou Ki Te Nan Konkou Chante Nwèl appeared first on Woy Magazine.

Sa Ki Twouble M Nan Plan Ban Ki-Moon Konsènan Kolera Ann Ayiti

$
0
0

Konya se pi bon moman pou nou sonje gwo travay ki fèt deja pou elimine epidemi sa a ann Ayiti, depi avan gwo deklarasyon Ban Ki-Moun fè yo.

Nan dènye jou sa yo, Nasyonzini an Ayiti sèl vedèt. Sekretè Jeneral ki prale a, Ban Ki-Moon, fè yon seri deklarasyon esansyèl nan yon asanble jeneral e a travè Miami Herald, konsènan repons Nasyonzini pa rapò ak epidemi kolera ann Ayiti. Konya se pi bon moman pou nou sonje gwo travay ki fèt deja pou elimine epidemi sa a ann Ayiti, depi avan gwo deklarasyon Ban Ki-Moon fè yo. Konya se pi bon moman pou nou sonje ke avni Ayiti chita nan men nou menm Ayisyen sèlman.

Anvan 2010, kolera, ki te plis afekte peyi nan Azi ak Ewòp depi kèk syèk, pat egziste ann Ayiti. Se nan mwa Oktòb 2010 ke yo enpòte li sot Nepal, aprè militè Nasyonzini, nan baz Meyes ki nan Mibalè, te pede ap jete watè nan rivyè nan Plato Santral. Enstabilite politik depi kòmansman dènye dis lane yo te gentan rann kondisyon ijyenik ak sanitè yo fèb, kondisyon sa yo te ede maladi an gaye vit sou tout rès peyi an. Sa demontre a klè responsabilite Nasyonzini nan pote maladi a ann Ayiti, yon fè ke epidemiyolojis sipòte e ke Nasyonzini refize aksepte e kontinye kache ak tout fòs yo depi kèk lane.

An 2016 lan, yon sèl kou, Nasyonzini chanje pozisyon yo konsènan wòl yo nan jan kolera te gaye ann Ayiti. Premye siy ki te montre Nasyonzini te pare pou admèt responsabilite se te yon rapò ke Philip Aston te fè. Philip Aston se yon konseye Nasyonzini ki te kritike òganizasyon an pou move reyaksyon yo a epidemi kolera a ann Ayiti. “Ke Nasyonzini refize admèt responsabilite sòf yon responsabilite moral nan afè sa, se yon gwo wont,” misye te di. Nan kòmansman Desanm ane sa, 6 lane pita avèk plizyè milye kadav pita, Ban Ki-Moon pote eskiz li bay pèp ayisyen pou wòl òganizasyon li te jwe nan pote kolera ann Ayiti.

Nan yon atik li ekri resamman pou Miami Herald, Ban Ki-Moon pwopoze yon plan pou sa li rele “yon nouvo apwòch pou repare yon mal” ann Ayiti. Apwòch sa gen ladan l : repons enetansif a nouvo vag nan epidemi a; peye lajan bay fanmi ki te viktim; avèk yon pwojè manch long pou bay popilasyon ayisyen an dlo potab. Kòm mwen se medsen, mwen te familye avèk plan leta ayisyen te deja etabli pou elimine kolera nan peyi a anvan lane 2022, avèk tout efò moun ki ap pledwaye pou dwa imen pou kenbe Nasyonzini responsab. Mwen te twouble, e mwen pat ka jwenn kisa ki te nouvo nan plan sa Ban Ki-Moon prezante a. Èske Nasyonzini ap sèlman repete plan nasyonal ki deja egziste pou elimine kolerea, oswa èske tout bon vre yo resi tande priyè viktim yo ki ap mande jistis san rete ?

Eske Nasyonzini ap sèlman repete plan nasyonal ki deja egziste pou elimine kolerea, oswa èske tout bon vre yo resi tande priyè san rete viktim yo ki ap mande jistis ?

Nan lane 2013, pandan Nasyonzini te toujou ap refize rekonèt responsabilite pou epidemi a, leta ayisyen avèk bourad plizyè patnè entènasyonal, inisye yon plan manch long 10 lane pou elimine kolera, ak yon pati manch kout ki te gen pou fini an 2016. Lè sa te fèt, anpil moun te kritike plan an, yo te di li te twò anbisye. Youn nan objektif plan sa a se te pou bay 80% popilasyon an kapasite pou li jwenn dlo potab. Objektif sa te enposib pou reyisi nan ti tan yo te pwopoze a avèk ti kantite resous ki te disponib.

An reyalite, an 2014, Ayiti te prèske rive elimine kolera. Si se pat pou plizyè ka kraze brize sou sistèm dlo nan diferan zòn, pami lòt rezon, estrateji pou elimine kolera yo t ap reyisi. Ministè Piblik Sante (MSPP) ak Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Sanitasyon (DINEPA) aprann nan eksperyans sa yo, e yo lanse pati mwayen tèm plan an nan mwa dawout 2016 (byen anvan Nasyonzini te chanje pozisyon sou afè sa) avèk bourad anpil patnè, UNICEF te youn nan yo. Pati mwayen tèm sa te kanpe sou menm poto plan Ban Ki-Moon prezante lòt jou a kòm yon nouvo plan : dlo ak sanitasyon, sèvis sante ak jestyon, siveyans epidemiyolojik, ijèn ak nitrisyon.

Asanble Jeneral fè yon akò pou sipòte nouvo plan sa pou elimine kolera ann Ayiti, men mwen pap janm bliye ki kote travay la te kòmanse e kontinye fèt. 

Se vre, Ban Ki-Moon te rekonèt travay ki deja ap fèt kont epidemi kolera a, men plan sante piblik misye pwopoze nan atik Miami Herald li a tèt koupe ak plan ki deja etabli pou tout aktè nan plan nasyonal pou elimine kolera ann Ayiti anvan 2022 a. Pwopozisyon an itilize menm langaj ak solisyon ak defansè kòz la ak fanmi viktim yo sot fè 6 lane ap pwopoze, ke Nasyonzini te nye. Lè nou gade dèyè, nou ka wè ke wout nou pase a chaje ak leson pou Ayiti e pou le mond antye. Asanble Jeneral la fè yon akò pou sipòte nouvo plan sa pou elimine kolera ann Ayiti, men mwen pap janm bliye ki kote travay la te kòmanse e kontinye fèt. Nan vwayaj m ap kontinye fè toupatou ann Ayiti pou travay mwen antan ke chèchè sante ayisyen ak nan aktivite pèsonèl mwen, konesans ke avni Ayiti se nan men nou menm Ayisyen li chita ap toujou rete sèl deviz mwen.

 

 

The post Sa Ki Twouble M Nan Plan Ban Ki-Moon Konsènan Kolera Ann Ayiti appeared first on Woy Magazine.

Politik nan Lavi yon Moun ki nan Mitan

$
0
0

Pa gen yon sezon ki fè m plis santi m tankou yon moun ki pa ni anlè ni atè yon moun ki “nan mitan” pase sezon eleksyon. Moun ki “nan mitan” se moun tankou mwen yo; nou menm imigran oubyen pitit imigran k ap viv nan yon peyi devlope ki fini pa fòje nou menm jan  peyi paran nou kite dèyè a fòje nou. Fòk mwen admèt ke se pa mwen ki vini ak fraz sila an premye. Mwen vòlè li sou yon blòg afwopoliten ke mwen te konn li lè mwen te lekòl. Yo itilize li pou pale de moun ki leve nan de kilti, 2 fòs ki ap rale w, yon maryaj oubyen separasyon ant 2 bagay ki pa menm ditou, sa depan de jan w analize sitiyasyon an. Se yon tèm ke Ijoema Umebinyuo byen devlope nan tèks li a ki rele Diaspora Blues:

“alòs, men  ou kanpe la a

Twò etranje pou lakay ou

Twò etranje pou isit la

Men janmen ase pou toulède.ʺ

Yon moun ka panse ke lè ou se moun 2 peyi ou ta sipoze gen plis kilti pase ou ta dwe genyen. Wi, mwen se yon ayisyen e yon ameriken an menm tan nan anpil bagay. Men anpil fwa, leve nan de peyi sa yo ka fè w santi w pa gen plas ou nan okenn nan yo. Sa vle di mwen gen yon pye nan chak kote sa yo, men mwen pa kanpe fèm okenn kote. Yo rele m “tifi ayisyen an” isit la, e lè mwen ann Ayiti, yo rele mwen blan. Lè ou se yonn ki “nan mitan” li pa toutan vle di ke ou gen yon chèz arebò tou 2 tab yo. Pafwa li vle di ou oblije nan fè jouda nan fenèt 2 kay yo pou w wè kijan lavi ye anndan kay yo.

Kòmansman 2017 la vini ak  inogirasyon 2 nouvo prezidan nan 2 moso lakay mwen yo. Donald Trump te prete sèman 20 janvye, e 7 fevriye ki ap vini la a prezidan gouvènman pwovizwa ayisyen an pral pase echap la bay nouvo prezidan eli a, Jovenel Moise. Malgre se pa premye eleksyon mwen pandan mwen ap viv nan Etazini, sila yo patikilyèman te biza pou mwen pou anpil rezon. Rezon prensipal la se ke eleksyon ameriken ak ayisyen te tonbe nan menm enpòk; sa se paske gouvènman ayisyen ki te la anvan an pa te reyisi fe eleksyon alè, yo te oblije voye yo pou yon lòt dat; sa ki lakòz tou de eleksyon.

Men bagay la : kounye a mwen gen yon paket rekòt kafe sou tèt mwen, e mwen poko janm vote nan okenn eleksyon. Map viv Ozetaznini men mwen pa yon sitwayen ameriken, e pa gen okenn estrikti an plas pou pèmèt ayisyen lòt bò dlo vote nan eleksyon yo. (Wi mwen te ka pran yon avyon epi rantre lakay al vote, men jan kont an bank mwen ye la a…). Zafè pouvwa sitwayen genyen pou li egzèse dwa li (senbolikman oubyen literalman) pou li chwazi pwòp lidè li, se pa yon reyalite mwen janm viv vre.   Menm chans pou m ekzèse dwa pou m pa vote, ki se yon fason pou m pwoteste, pa janm pase bò kote m.

Mwen pa yon politisyen, men mwen ka rakonte konbyen fwa gwo evènman politik chanje lavi mwen. Manman m ak papa mwen al viv Filadèlfi pou fè metriz yo pandan ke mwen te ti bebe, men yo pa te ka tounen apre yo fin gradye a kòz anbago a. Se konsa mwen vin fè premye pati anfans mwen Ozetazini. Lè Jean Bertrand Aristide te retounen sot nan egzil an 1994, fanmi nou retounen lakay nou tou. Paske prezidan sa se te yon  ewo nan je paran mwen yo lè sa a, retou li se te yon viktwa, e se te menm bagay la pou retou pa nou tou. Yon pil lane apre, pandan mwen nan klas segondè,  Aristide  ki pa te yon ewo pou moun  lakay mwen ankò te oblije  pati an egzil yon lòt fwa ankò. Mwen menm tou, paranm yo voye m retounen Ozetazini  a kòz sitiyasyon an te deraye.  

Mwen te nan fakilte Ozetazini lè yo te eli premye prezidan ameriken nwa a. Kè Kontan ak sezisman te fèm kriye. Mwen sonje lè zanmi m te al vote jou sa, mwen te di yo al vote nan plas mwen kòm mwen pa kapab. Mwen te la, mwen te gaga devan tout sa sa te reprezante, e mwen te nève devan laraj yon bon gwoup moun nan ti inivesite konsèvatè blan kote  mwen tap etidye a. Men mwen pat fè pati de evènman an vre. Pou vakans Desanm 2009 louvè sou Janvye 2010,  mwen te al vizite moun yo Ayiti  lè yon tranbleman de tè 7.0 te frape kèk zòn ann Ayiti. Mwen te anndan kay kote m te grandi depi mwen te timoun pandan li tap tonbe lage kò li atè a. Mwen te la plizyè semenn apre, mwen t ap fè volontè, mwen tap tradwi pou gwoup doktè etranje. Mwen retounen Ozetazini epi kèk mwa pi ta,  mwen te chita gade sa ki ta sipoze pi gwo eleksyon peyi nou an ta dwe janm genyen. Se te pral prezidan peyi a aprè yon katastwòf natirèl ki te touye tout kantite moun sa yo epi kite plis moun san kay. Mwen te chita gade moun mwen te konnen kòm prezidan konpa a tout lavi m ki vin prezidan Ayiti. Mwen te chita gade tout sa sou ekran laptòp mwen; mwen pa te vle kwè, mwen te pè men yon lòt fwa ankò mwen pa te patisipe.

Ane sa a ankò, 2 nèg ke politik yo pral afekte lavi m ak lavi moun ke mwen renmen, monte sou pouvwa. Fanm mache nan tout Etazini, sa gen kèk jou, pou defann dwa yo ak dwa lòt gwoup majinalize. Lavi moun sa yo te toujou anba gwo menas e nouvo gouvènman sa a vin rann sa pi grav; yo mache pou dwa pa m yo  tou. Nan demen, prezidan ayisyen ki fenk eli a kanpe nan vil Okay e nan yon moman priyorite tèt anba, anonse ke kanaval la pral fèt nan vil Okay la olye de kapital la ane sa a. Vil sila a se vil kote papa m te fèt, kote papa m te grandi, se youn nan vil kote ouragan Matye lakòz anpil ravaj ki kite anpil moun  san kay, anpil pèdi lavi yo ak rekot yo, sa pa gen lontan. Prezidan eli a pwomèt sitwayen vil sila a yon kanaval, yon vil kote matant mwen ak monnonk mwen yo jis jounen jodi a ap eseye rekonstwi lavi yo. Yon lòt fwa ankò, mwen pa te patisipe nan mete okenn nan moun sa yo sou pouvwa.

Pa konprann mwen mal, mwen pa ekri tout sa pou moun ka gen pitye pou mwen. Mwen gen konsyans ke etidye epi kapab viv isit ak yon estati ki legal se yon privilèj. Mwen pa pran sa konsa konsa lè mwen gade ke paran m te gen mwayen pou fè m vwayaje lè bagay yo te vin danjere ann Ayiti. Kanmenm,  li enpòtan pou m pran tan reflechi sou pozisyon espesyal e pafwa malalèz nou menm moun ki pa ni  anlè ni atè, moun ki nan mitan yo, nou genyen. Ak anglè nou ki mele ak kèk mo kreyòl, ak kreyòl nou ki lou nan lang nou ki fin amerikanize, nou kilbite nan mitan 2 kay sa yo. Nou siv, nou koute, nou pale lè sa apwopriye. Lè ou se yon moun ki “ nan mitan” , ou pa janm sispann chache nouvo mwayen pou antre nan wonn nan, nouvo jan pou w angaje w, nouvo kote pou w anrasinen w.

 

The post Politik nan Lavi yon Moun ki nan Mitan appeared first on Woy Magazine.

“Feminis” se yon mo sal ann Ayiti

$
0
0

Men yon lochan pou feminis Ayisyen

Samdi pase, yon dividal fanm nan peyi Etazini te patisipe nan mach fanm lan  nan Washington, pou yo te ka voye yon mesaj a klè bay nouvo gouvènman yo a ak tout mond lan ke dwa fanm se dwa moun. Plis pase yon milyon fanm mache nan plizyè lòt vil Ozatazini ak nan mond lan. Anpil nan medam yo te pote bone wòz e pankat manifestasyon yo te fè referans a pawòl degradan ke Trump te fè.

Pa te gen okenn mach solidarite ann Ayiti samdi sa a, men sa pa t anpeche anpil Ayisyen bay sipò yo bay mach fanm lan. Sou rezo soyo yo, Ayisyen te pataje foto mach la e yo te swete ke yo te ka patisipe. Genyen ki te menm mande èske yon manifestasyon konsa te ka fèt ann Ayiti. Yo bliye ke 3 avril 1986, touswit apre rejim Duvalier a, plis pase 30,000 fanm ki sot nan tout sektè te pran lari Pòtoprens pou mande pou yo fè pati pwosesis tounen nan demokrasi ann Ayiti a. Mach 1986 la, te òganize pa plis pase yon douzèn gwoup lokal, pou rale atansyon sou vyolans seksyèl sou fanm, sou jan yo ekskli fanm nan ekonomi, sou mank aksè a sante ak ledikasyon, ak lòt pwoblèm ankò. Pou anpil fanm ki te patisipe nan mach sila a, pami yo manman mwen, se te premye fwa yo te santi pouvwa yo sosyalman. Malgre anpil kritik, peyi a te byen resevwa evènman an e li te make gran retou mouvman fanm Ayisyen an; sa ki te siman pèmèt yo kreye ministè fanm ak dwa fanm ak patisipasyon Ayiti nan konferans Beijing lan an 1995 ak ratifikasyon konvansyon Belem.

Malerezman, mete sou pye kèk lwa pa te mennen yon chanjman otomatik nan sosyete a. Pandan depa Duvalier a, mach fanm lan ak dwa yo te vin jwenn yo te bay mouvman fanm yo plis bourad, tout sa yo pa te vreman chanje anyen nan abitid kiltirèl nou ak sa nou t ap atann.

An jiyè 2016, yon mach atistik ke òganizasyon pandan Festival Feminis Nègès Mawon an te resevwa anpil move kritik. Pandan ke te gen kritik sou jan festival la te manke enkli tout moun, pi fò detrakè yo te deside chwazi kestyone karaktè moral patisipan yo ak mo yo te itilize sou pankat yo. Sa k komik la, moun ki te ofiske pou mo medam yo te itilize yo pa janm louvri bouch yo di anyen lè yo itilize menm mo sa yo chak jou pou denigre ak abize fanm. Moral yo ki te estomake a sanble pèdi wout li lè yon prezidan ki sou pouvwa te itilize de mo ki te dekri yon agresyon seksyèl pou li te ka joure yon moun ki te kont li oubyen menm jan li toujou ap joure yon jounalis fanm; lè yo vyole yon ti fi apre sa yo imiliye li piblikman; oubyen lè mizik nan radyo pa janm sispann avili fanm.

Depi djab te kaporal, fanm ayisyen toujou pase devan pou libere Ayiti. Yo fè li malgre yon sosyete ki renmen di ke fanm se poto mitan pandan ke li ap fè tout jan pou li fè li fèmen bouch yo epi efase yo; yon sosyete ki rele yo wozo pou li ka retire chay sou do li pandan ke li ap kontinye abize yo.

èske moun yo kont feminis ann Ayiti paske yo pa konnen sa mo a vle di oubyen yon menas pou sistèm kote sèl gason gen otorite ?

Se konsa ke kestyon an vini, èske moun yo kont feminis ann Ayiti paske yo pa konnen sa mo a vle di oubyen yon menas pou sistèm kote sèl gason gen otorite ?

Gran grann mwen pa te konnen mo feminis la, e si li te konnen li mwen pa kwè li te ap chwazi idantifye li a li non plis. Apre sa, menm kounye a, feminis se yon move mo li ye ann Ayiti- yon jouman. Yon mo ki trennen dèyè li yon pil move siyifikasyon, san mari, fanm ki malelve ki rayi gason. Men vre definisyon feminis la se defann dwa fanm genyen sou yon baz kote tout sèks egal.

Yon feminis se sa gran grann mwen te ye lè li te konn goumen pou egalite san li pa janm bouke ede lòt fanm. Sa ki pi enpòtan, li te mete aksan sou egalite sèks ak tout pitit epi pitit pitit li yo. li te leve yo pou yo te kiltive valè  jistis ak egalite.  Grann mwen ak manman mwen pase mwen valè sa yo. Si mwen ka kanpe epi di ke mwen se yon feminis jodi a, se a kòz medam sa yo epi paske fanm ayisyen ke yo toujou ap bliye nan tout sa li kontribiye.

Men yon lochan pou feminis Ayisyen; tankou Cecile Fatiman ki te prezide seremoni bwa kayman an 1792; Marie Claire Heureuse, Marie Jeanne ak Sanite Belair ki te jwe de wòl enpòtan nan revolisyon esklav yo. Lochan pou fanm an 1820 ki te kanpe pou chanje lwa ki te di ke yo se minè ak fanm ki te leve mache an 1930 yo pou lokipasyon ameriken an fini. Lochan pou fanm ki fè nou jwenn dwa legal ak konstitisyonèl nou. fanm ki te fè pati mouvman pou mete atè diktati nan lanne 1690 ak 70. Lochan pou 30 000 fanm ki te mache an 1986; pou fanm ki te oblije pran egzil, ke yo vyole, maspinen epi tiye. Lochan pou Michele Pierre-Louis, Paulette Poujoul-Oriol, Magalie Marcelin, Anne-Marie Coriolan, Mireille Neptune Anglade, and Myriam Merlet. Lochan pou madan sara, fanm ki leve douvanjou, ki ap travay sou teren epi fè ekonomi nou an mache; lochan pou fanm ki ap dirije mòn yo ak pou manbo yo. Lochan pou gran grann mwen ak manman m; pou tout fanm ki toujou ap sipòte youn lòt. Pou nou fini, lochan pou nou, mwen swete nou gen ase sajès ak kouraj pou nou pa sèlman deklare nou se feminis men pou nou leve pitit fi ak pitit gason nou yo yon lòt jan pou nou ka fè rèv pou Ayiti tounen yon tè ki vreman lib egal ke  fanm ki te kòmanse mouvman yo, vin yon reyalite.

photo via chokarella.com

The post “Feminis” se yon mo sal ann Ayiti appeared first on Woy Magazine.

Kondane Viktim Kadejak se yon Pratik ki Dwe Fini

$
0
0

Kondane viktim yo nan plas malfektè san fwa ni lwa, se yon pratik ki dwe fini.

Deklarasyon Pòt pawòl lapolis la pou konseye jèn fanm “evite ale nan chanm gason” olye kondane e montre lapolis detèmine pou arete kadejakè yo e pini yo. Se yon deklarasyon ki ankouraje plis vyòl. Kondane viktim yo nan plas malfektè san fwa ni lwa, se yon pratik ki dwe fini.

Kadejakè yo pa sèlman vyole yon adolesan men yo filme li e distribiye li. Yo konn sa yo fè a, e yo bezwen yon repons pwopòsyonèl. Jan enspektè lapolis ap pale a se plis tankou yon moun k ap plenyen, sa pa mesaj sosyete a dwe voye bay apranti kadejakè ki gen ide fè menm bagay lan. Lapolis dwe kanpe fèm e mete tout resous deyò pou jwenn kadejakè yo e trase yon egzanp.

Nan moman n ap pale a, de nan pi gwo militan kont kadejak ann Ayiti ap viv nan egzil, Malya Villard ak Eramithe Delva. De militan sa yo se manb fondatè KOFAVIV, Komisyon Fanm Viktim Pou Viktim ki se youn nan òganizasyon ki ede fanm jwenn swen sante aprè kadejak ak asistans legal.

Toulède oblije pati kouri kite peyi a nan lane 2014 aprè lajistis lage yon gwoup kadejakè yo te pouswiv lajistis. Aprè plizyè semèn kote bandi tire devan biwo yo nan Kriswa ak fè foto anplwaye yo, yo te mande lapolis èd sa ki pa evite yo te kontinye sibi menas. Aprè plizyè mwa menas, medam yo te oblije kite peyi a e ap viv an egzil Nan Etazini Amerik depi lò.

Mwen kontakte Malay Villard sou dosye kadejak kolektif sou jèn fi 17 lane a e deklarasyon enspektè polis la.

“Bandi jwenn plis sipò kote otorite jidisyè ak polis pase viktim yo. Mwen sonje lè mwen al devan yon polisye pandan nou t ap fè yon plent, youn ladan yo di ‘timoun kounye a yo cho anpil e yo pa konn kijan pou abiye.’
“Mwen vrèman pa etone jan sitiyasyon sou pwoteksyon fanm ak timoun ap deteryore paske nou menm ki dedikase lavi nou pou batay sa a, nou oblije kouri. Li tris pou kontinye wè ka sa yo ap repete men li pi tris pou wè otorite yo pa vle fè plis pou pwoteje fanm ak timoun. KOFAVIV kontinye travay pou defann viktim yo, men prezans nou manke. Viv ann egzil pandan fanmi nou kontinye anba menas pa yon bon siy n ap jwenn bon pwoteksyon pou tounen lakay pou kontinye travay la. Batay pou defann dwa fanm Ayiti dwe miltipliye jodiya malgre sitiyasyon an difisil, nou dwe fòse otorite yo tande vwa fanm yo.”

Lapolis ak lajistis dwe ankouraje viktim pou fè plent e fè travay yo la Pou fè ki se pwoteje ak sèvi sitwayen onèt, vilnerab e arete pouswiv tout kalite bandi.

The post Kondane Viktim Kadejak se yon Pratik ki Dwe Fini appeared first on Woy Magazine.

Viewing all 101 articles
Browse latest View live